< Ézsaiás 34 >
1 Közeledjetek népek, hogy halljatok, és ti nemzetek figyeljetek, hallja a föld és teljessége a világ és mind a sarjadékai.
Rapwoche, O nasyon yo pou tande! Koute, o pèp yo! Kite latè ak tout sa ki ladann tande, e lemonn ak tout sa ki ladann.
2 Mert haragja van az Örökkévalónak mind a népek ellen és föllobbanása mind a seregük ellen; átokká tette, odaadta a mészárlásnak.
Paske gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo e jijman Li brile kont tout lame yo. Li te detwi yo nèt. Li te donnen yo a yon gwo masak.
3 Elesettjeik pedig eldobatnak és dögeiknek fölszáll a bűze; és szétfolynak a hegyek vérüktől.
Konsa, mò yo va jete deyò. Kadav yo va fè movèz odè, e mòn yo va tranpe ak san yo.
4 Elkorhad az égnek egész serege, összetekerődznek mint a könyv az egek és egész seregük elhervad, amint hervad a levél a szőlőtőről, mint hervadt lomb a fügefáról.
Tout lame syèl la va vin efase. Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv; e tout lame li yo va vin fennen nèt, tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an, oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.
5 Mert megittasult az égben kardom, íme leszáll Edómra és átkom népére, ítéletre.
Paske nepe Mwen bwe ase nan syèl la. Gade byen, li va desann pou jije Édom ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.
6 Az Örökkévaló kardja tele van vérrel, zsírossá lett zsiradéktól, a bárányok és bakok vérétől, a kosok veséinek zsiradékától; mert áldozása van az Örökkévalónak Boczrában és nagy mészárlása Edóm országában.
Nepe SENYÈ a plen ak san. Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton, ak bouk yo, ak grès a ren belye. Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan Botsra, ak yon gwo masak nan peyi Édom.
7 És reémek dőlnek le velük meg tulkok bikákkal, és megittasul országuk a vértől és poruk zsírossá lesz a zsiradéktól.
Anplis, bèf mawon va desann ak yo, ak jenn towo, ak towo pwisan yo. Konsa, peyi yo va tranpe ak san, e pousyè yo va vin gra ak grès.
8 Mert bosszú napja van az Örökkévalónak, a fizetés éve Czión pörének.
Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans, yon ane vanjans pou koz a Sion an.
9 Átváltoznak patakjai szurokká és pora kénné és lesz a földje égő szurokká.
Sous dlo li yo va devni goudwon e tè pousyè li kon souf. Peyi li va tounen goudwon k ap brile.
10 Éjjel és nappal nem fog kialudni, örökké száll fel a füstje, nemzedékről nemzedékre pusztulva marad, örökön örökké nincs ki átmenne rajta.
Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit. Lafimen li va monte jis pou tout tan. De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole. Okenn moun p ap pase ladann pou tout tan e pou tout tan.
11 Birtokba veszik pelikán és sün, bagoly és holló lakoznak benne kifeszíti rá a pusztaság zsinórját és az üresség súlyköveit.
Men grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li e ibou ak kònèy a va demere ladann. Li va tann sou li lign latwoublay, ak fil a plon vid la.
12 Nemesei nincsenek ott, hogy királyságot kiáltanának ki: és mind a nagyjai semmivé lesznek.
Yo va rele prens li yo a wayòm nan, menp ap gen k ap parèt. Tout prens li yo p ap anyen.
13 És kinő kastélyaiból tövis, csalán és bogáncs az erősségeiben; és sakálok lakává lesz, struccmadarak tanyájává.
Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo, chadwon ak gwo raje nan gwo vil ranfòse yo. L ap devni yon kote frekante pa chen mawon. Li va fè kay tribinal pou otrich la.
14 És találkoznak pusztai állatok vad ebekkel, szőrösbak társára kiált; bizony ott megpihen Lilit, és talál magának nyugvó helyet.
Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo; kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li. Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la; l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.
15 Ott fészkelt a nyílkígyó, tojt és költött és melengetett az ő árnyékában, bizony ott gyülekeztek a kányák egyik a másikával.
La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze; li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li. Menm bèt malfini yo va rankontre la, yo chak ak pwòp parèy yo.
16 Kutassátok az Örökkévaló könyvéből és olvassátok, egy sem hiányzik azokból, egyik sincs másik nélkül, mert a szájam, az rendelte és a lehelete, az gyűjtötte egybe.
Chache nan liv SENYÈ a, epi li: Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la; okenn p ap manke parèy yo. Paske bouch Mwen te pase lòd, e Lespri Li te ranmase yo.
17 És ő vetett nekik sorsot és keze osztotta el nekik zsinórral; örökre veszik birtokba, nemzedékről nemzedékre lakoznak benne.
Li te tire osò pou yo, e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a. Yo va posede kote a jis pou tout tan. De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.