< 1 इतिहास 9 >

1 इस प्रकार पूरे इस्राएल का नाम वंशावली में पूरा-पूरा लिख लिया गया. यह इस्राएल के राजा नामक पुस्तक में लिखा गया था. अपने विश्वासघात के कारण यहूदिया को बंधुआई में बाबेल ले जाया गया.
Konsa, tout Israël te anrejistre pa zansèt yo; epi men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël yo. Epi Juda te pote ale an egzil Babylone, akoz enfidelite li yo.
2 वे, जो बंधुआई से लौटे, उनमें सबसे पहले वे थे, जो अपने-अपने नगरों में अपनी ही संपत्ति में आकर बसे थे, उनमें कुछ इस्राएली थे, कुछ पुरोहित थे, कुछ लेवी थे और कुछ मंदिर में सेवा के लिए ठहराए गए सेवक थे.
Premye moun ki te vin abite ankò nan teritwa sila yo, nan vil pa yo, se te Israël, prèt Levit yo ak sèvitè tanp yo.
3 कुछ यहूदिया के रहनेवाले बंधुए, कुछ बिन्यामिन के वंशज और कुछ एफ्राईम और मनश्शेह के वंशज आकर येरूशलेम में बस गए.
Kèk nan fis Juda yo, nan fis Benjamin yo ak nan fis a Éphraïm yo avèk Manasée te rete Jérusalem:
4 उथाई, जो अम्मीहूद का पुत्र था, जो ओमरी का, जो इमरी का, जो बानी का, जो पेरेज़ के पुत्रों में से था, जो यहूदाह का पुत्र था.
Uthaï, fis a Ammihud la, fis a Omri a, fis a Imri a, fis a Bani a, soti nan fis Pérets yo, fis a Juda a,
5 शीलोनी वंश के लोगों में से: पहलौठा असाइयाह और उसके पुत्र.
Soti nan Shilonit yo: Asaja, premye ne a avèk fis li yo.
6 ज़ेराह के पुत्रों में से: येउएल और उसके 690 संबंधी.
Soti nan fis Zérach yo: Jeuel, avèk moun fanmi li yo, sis-san-katre-ven-dis nan yo.
7 बिन्यामिन वंश से: सल्लू, जो मेशुल्लाम का पुत्र था, जो होदवियाह का पुत्र था, जो हस्सनुआह का पुत्र था;
Soti nan fis Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Hodavia a, fis a Assenua a;
8 इबनियाह येरोहाम का पुत्र था; एलाह जो उज्जी का पुत्र था, जो मिकरी का पुत्र था. और मेशुल्लाम शेपाथियाह का, जो रियुएल का, इबनियाह जेरोहाम का पुत्र था.
epi Jibneja, fis a Jerocham nan; Éla, fis a Uzzi a, fis a Micri a; epi Meschullam, fis a Schephathia a, fis a Reuel la, fis a Jibnija a;
9 पीढ़ियों की वंशावली के अनुसार ये बिन्यामिन वंश कुल 956 थे. पितरों के गोत्रों की वंशावली के अनुसार ये सभी अपने-अपने गोत्र के प्रधान थे.
avèk fanmi pa yo selon zansèt pa yo, nèf-san-senkant-sis. Tout sila yo se te chèf lakay zansèt pa yo selon lakay papa yo.
10 पुरोहितों में से: येदाइयाह; यहोइयारिब; याकिन;
Soti nan prèt yo te: Jedaeja, Jehorjarib, Jakin;
11 और अज़रियाह जो हिलकियाह का पुत्र था, जो मेशुल्लाम का, जो सादोक का, मेराइओथ का और जो अहीतूब का, जो परमेश्वर के भवन का मुख्य अधिकारी था;
Azaria, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, chèf lakay Bondye a;
12 और अदाइयाह, जो येरोहाम का, जो पशहूर का, जो मालखियाह का; जो मआसाई का, जो आदिएल का, जो याहत्सेरहा का, जो मेशुल्लाम का, जो मेशिलेमिथ का, जो इम्मर का पुत्र था.
Addaja, fis a Jerocham nan, fis a Paschur a, fis a Malkija a; Maesaï, fis a Adiel la, fis a Jachzéra a, fis a Meschullam nan, fis a Meschillémith la, fis a Immer a;
13 उनके रिश्तेदारों के अलावा, उनके पितरों के कुलों के प्रमुख ये 1,760 बलवान व्यक्ति परमेश्वर के भवन में सेवा के लिए तैयार व्यक्ति थे.
epi fanmi pa yo, chèf lakay zansèt pa yo, mil-sèt-san-swasant, mesye ak gwo kapasite pou lèv lakay Bondye a.
14 लेवियों में से: शेमायाह, जो हस्षूब का पुत्र था, जो अज़रीकाम का, जो हशाबियाह का, जो मेरारी का पुत्र था;
Nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Merari yo;
15 बकबक्कर, हेरेश, गलाल और मत्तनियाह, जो मीका का पुत्र था, जो ज़ीकरी का, जो आसफ का पुत्र था;
Bakbakkar, Héresch, Galal, Matthania, fis a Michée a, fis a Zicri a, fis a Asaph la;
16 और ओबदिया, जो शेमायाह का, जो गलाल का, जो यदूथून का; और बेरेखियाह, जो आसा का, जो एलकाना का, जो नेतोफ़ाथियों के गांवों में निवास करता रहा था.
Abdias, fis a Schemaeja a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan ak Bérékia, fis a Asa a, fis a Elkana a, ki te rete nan vil Netofatyen yo.
17 द्वारपाल थे: शल्लूम, अक्कूब, तालमोन, अहीमान और उनके संबंधी, जिनमें शल्लूम सबका प्रधान था.
Alò, gadyen pòtay yo te Schallum, Akkub, Thalmon, Achiman avèk fanmi pa yo (Schallum, ki te chèf la,
18 वे सभी अब तक राजा के पूर्वी द्वार पर चुने जाने के कारण लेवियों के शिविरों के द्वारपाल रहे.
estasyone jis koulye a nan pòtay wa a nan kote lès la). Sila yo te gadyen pòtay pou kan a fis a Lévi yo.
19 शल्लूम, जो कोरे का पुत्र था, जो एबीआसफ़ का, जो कोराह का और उसके पिता के परिवार के संबंधी, कोराह के वंशज सेवा करने के अधिकारी थे. वे शिविर की ड्योढ़ी के लिए के लिए चुने गए थे; ठीक जिस प्रकार उनके पूर्वज याहवेह के शिविर के अधिकारी थे, यानी फाटक के.
Schallum, fis a Koré a, fis a Ébiasaph la, fis a Koré a, avèk fanmi lakay papa li, Koatit yo: responsab pou travay sèvis la, gadyen nan pòtay nan tant yo; epi papa yo te konn sou kan SENYÈ a; li te gadyen a antre a.
20 इसके पहले एलिएज़र का पुत्र फिनिहास इन सबके ऊपर प्रधान अधिकारी रहा. याहवेह उसके साथ रहता था.
Phinées, fis a Éléazar a, oparavan te konn chèf sou yo; epi SENYÈ a te avèk li.
21 मिलनवाले तंबू के द्वार पर मेषेलेमियाह के पुत्र ज़करयाह को द्वारपाल रखा गया था.
Zacharie, fis a Meschélémia a, te gadyen pòtay a antre tant asanble a.
22 ड्योढ़ी के लिए चुने गए ये द्वारपाल गिनती में 212 थे. उनकी गिनती उनके गांवों की वंशावली में की गई है. दावीद और दर्शी शमुएल ने इनको विश्वासयोग्य देखकर इन्हें इस पद पर ठहराया था.
Total nan sila ki te chwazi kon gadyen pòtay nan pòt yo te de-san-douz. Sila yo te anrejistre pa zansèt pa yo nan vil pa yo, ki te chwazi pa David avèk Samuel, konseye a, nan pozisyon konfyans sila a.
23 ये सब और इनके पुत्र याहवेह के भवन के द्वारों के अधिकारी थे अर्थात् तंबू के पहरेदार.
Konsa, yo menm avèk fis pa yo te responsab pòtay lakay SENYÈ a, lakay tant lan, kon gadyen.
24 ये द्वारपाल पूर्व, पश्चिम, उत्तर और दक्षिण, चारों दिशाओं में ठहराए गए थे.
Gadyen pòtay yo te sou toule kat kote yo, nan lès, lwès, nan nò ak nan sid.
25 हर सप्‍ताह उनके गांवों से उनके भाई-बंधुओं का वहां आकर उनके साथ रहना तय था.
Manm fanmi pa yo nan lavil pa yo te dwe antre chak sèt jou soti de tanzantan pou yo ta kapab avèk yo;
26 क्योंकि चार प्रमुख द्वारपालों को, जो विश्वास्य लेवी थे, परमेश्वर के भवन के कमरों और खजाने की जवाबदारी सौंपी गई थी.
paske kat chèf gadyen pòtay ki te Levit yo, te nan yon pozisyon konfyans lan e te sou chanm yo ak sou trezò lakay Bondye a.
27 रात में वे परमेश्वर के भवन के आस-पास ही रहते थे, क्योंकि इसकी रक्षा करना और इसे हर सुबह खोलने की चाबी उन्हीं की जवाबदारी में थी.
Yo te pase nwit lan nan landwa lakay Bondye a, akoz yo te responsab veye nwit lan; epi yo te responsab ouvri li maten pa maten.
28 इनमें से कुछ बलि चढ़ाने वाले बर्तनों के अधिकारी थे, क्योंकि जब ये बाहर ले जाए जाते और लौटाए जाते थे, उनकी गिनती करना ज़रूरी होता था.
Alò, kèk nan yo te an chaj zouti sèvis yo; paske yo te kontwole yo lè yo te mennen yo antre ak lè yo te sòti.
29 इनमें से अन्यों को मेजों, सभी पवित्र बर्तनों, साथ ही मैदा, अंगूर के रस, तेल, गन्धरस और मसालों के प्रबंध के लिए चुना गया था.
Anplis, kèk nan yo te chwazi mèb ak tout zouti sanktiyè a, sou farin fen an, diven an, lwil la ak lansan an avèk epis yo.
30 पुरोहितों के दूसरे पुत्रों की जवाबदारी थी इस्तेमाल के लिए मसालों को तैयार करना,
Kèk nan fis a prèt yo te prepare melanj epis yo.
31 एक लेवी, कोराहवंशी शल्लूम के पहलौठे मत्तीथियाह की जवाबदारी थी पतली-पतली रोटियां बनाना.
Matthithia, youn nan Levit yo, premye ne a Schallum nan, Koatit la, te responsab bay yo sa ki te kwit nan kivèt yo.
32 इसके अलावा कोहाथ के संबंधियों में से कुछ व्यक्ति हर शब्बाथ भेंट की रोटी तैयार करने के अधिकारी थे.
Epi kèk nan fanmi a fis Koatit yo te sou pen konsakre a pou prepare li pou chak Saba.
33 लेवी के पितरों के कुलों के प्रधान, जो गायक थे, मंदिर के कमरों में ठहराए गए थे. उन्हें अन्य कोई काम सौंपा नहीं गया था, क्योंकि उनका काम ही ऐसा था, जिसमें वे रात-दिन व्यस्त रहते थे.
Alò, sila yo se te chantè yo a Levit yo, ki te rete nan chanm tanp yo, pwiske yo te angaje nan travay pa yo lajounen kon lannwit.
34 ये सभी अपनी-अपनी पीढ़ियों के अनुसार लेवी के पितरों के कुलों के प्रधान थे, जिनका घर येरूशलेम में ही था.
Sila yo te chèf a lakay zansèt yo pami Levit yo selon jenerasyon pa yo, mesye dirijan ki te rete Jérusalem yo.
35 गिबयोन का पिता येइएल गिबयोन में रहता था. उसकी पत्नी का नाम माकाह था,
Jeïel, papa a Gabaon an te rete Gabaon e madanm li te rele Maacah,
36 उसका पहलौठा पुत्र था अबदोन, इसके बाद पैदा हुए ज़ुर, कीश, बाल, नेर, नादाब,
epi premye ne li a te Abdon ak Tsur, Kis, Baal, Ner, Nadab,
37 गेदोर, आहियो, ज़करयाह और मिकलोथ.
Guedor, Achjo, Zacharie ak Mikoth.
38 मिकलोथ सिमअह का पिता हो गया. ये लोग भी येरूशलेम में अपने दूसरे रिश्तेदारों के सामने रह रहे थे.
Mikloth te fè Schimeam. Epi yo menm tou te rete avèk fanmi pa yo Jérusalem anfas fanmi pa yo.
39 नेर कीश का पिता था, कीश शाऊल का, शाऊल योनातन, मालखी-शुआ, अबीनादाब और एशबाल का.
Ner te vin papa a Kish, Kish te vin papa a Saül. Saül te vin papa a Jonathan, Malki-Schua, Abinadab ak Eschbaal.
40 योनातन का पुत्र था: मेरिब-बाल; मेरिब-बाल जो मीकाह का पिता था.
Fis a Jonathan an: Merib-Baal. Merib-Baal te vin papa a Michée.
41 मीकाह के पुत्र: पिथोन, मेलेख, ताहरिया और आहाज़.
Fis a Michée yo: Pithon, Mélec ak Thachréa.
42 आहाज़ पिता था याराह का, याराह अलेमेथ, अज़मावेथ और ज़िमरी का, ज़िमरी, मोत्सा का.
Achaz te fè Jaera; Jaera te fè Alémeth, Azmaveth ak Zimri; Zimri te fè Motsa; Motsa te fè Binea.
43 मोत्सा पिता था बिनिया का; उसके पुत्र थे रेफ़ाइयाह, एलासाह उसके पुत्र, आज़ेल उसके पुत्र.
Motsa te vin papa a Rephaja; Éleasa, fis li a; Arsel, fis li a.
44 आज़ेल के छः पुत्र थे, जिनके नाम निम्न लिखित है: अज़रीकाम, बोखेरु, इशमाएल, शिआरियाह, ओबदिया और हनान. ये आज़ेल के पुत्र थे.
Atsel te fè sis fis; men non yo: Azrikam, Bocru, Ismaël, Schearia, Abidias avèk Hanan. Sila yo se te fis a Atsel yo.

< 1 इतिहास 9 >