< שיר השירים 6 >
אנה הלך דודך היפה בנשים אנה פנה דודך ונבקשנו עמך׃ | 1 |
“Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo? Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”
דודי ירד לגנו לערוגות הבשם לרעות בגנים וללקט שושנים׃ | 2 |
Cheri mwen an te desann nan jaden li an, nan kabann ki fèt ak fèy awomatik, pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo, pou ranmase flè lis.
אני לדודי ודודי לי הרעה בשושנים׃ | 3 |
Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen; sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
יפה את רעיתי כתרצה נאוה כירושלם אימה כנדגלות׃ | 4 |
Ou bèl, cheri mwen an, tankou Thirtsa; bèl tankou Jérusalem, mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.
הסבי עיניך מנגדי שהם הרהיבני שערך כעדר העזים שגלשו מן הגלעד׃ | 5 |
Vire zye ou! Pa gade m! Paske zye ou fè m egare. Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.
שניך כעדר הרחלים שעלו מן הרחצה שכלם מתאימות ושכלה אין בהם׃ | 6 |
Dan ou tankou yon bann mouton ki fenk monte sot benyen. Yo tout ki pòtre marasa. Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.
כפלח הרמון רקתך מבעד לצמתך׃ | 7 |
De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.
ששים המה מלכות ושמנים פילגשים ועלמות אין מספר׃ | 8 |
Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin, e jèn fi menm pa kab konte;
אחת היא יונתי תמתי אחת היא לאמה ברה היא ליולדתה ראוה בנות ויאשרוה מלכות ופילגשים ויהללוה׃ | 9 |
Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik; li se sèl fi a manman li. Fi san tach a sila ki te pote li a. Jenn fi yo te wè l e te rele l beni; ni rèn ni konkibin yo. Yo te louwe l pou di:
מי זאת הנשקפה כמו שחר יפה כלבנה ברה כחמה אימה כנדגלות׃ | 10 |
Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a, bèl tankou plèn lin nan, san tach tankou solèy la, e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?
אל גנת אגוז ירדתי לראות באבי הנחל לראות הפרחה הגפן הנצו הרמנים׃ | 11 |
Mwen te desann nan chan bwa nwa yo pou wè bwa vèt yo nan vale a; pou wè si chan rezen fin fè boujon, oswa grenad yo te fleri.
לא ידעתי נפשי שמתני מרכבות עמי נדיב׃ | 12 |
Avan mwen te menm konnen, dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.
שובי שובי השולמית שובי שובי ונחזה בך מה תחזו בשולמית כמחלת המחנים׃ | 13 |
Retounen, retounen, O Silamit lan; retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou! Salomon Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?