< תהילים 9 >
למנצח עלמות לבן מזמור לדוד אודה יהוה בכל לבי אספרה כל נפלאותיך׃ | 1 |
Pou direktè koral la; Yon sòm David Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m; Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.
אשמחה ואעלצה בך אזמרה שמך עליון׃ | 2 |
Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou; Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.
בשוב אויבי אחור יכשלו ויאבדו מפניך׃ | 3 |
Lè lènmi m yo vire fè bak, yo tonbe e peri devan Ou.
כי עשית משפטי ודיני ישבת לכסא שופט צדק׃ | 4 |
Paske Ou te bay soutyen a dwa m, avèk koz mwen ki jis; Ou chita sou twòn Ou e fè jijman avèk ladwati.
גערת גוים אבדת רשע שמם מחית לעולם ועד׃ | 5 |
Ou te fè chatiman nasyon yo; Ou te detwi mechan yo; Ou te efase non yo jis pou tout tan e pou tout tan.
האויב תמו חרבות לנצח וערים נתשת אבד זכרם המה׃ | 6 |
Lènmi an te rive a nan fen, e li te kraze nèt. Ou te dechouke vil yo, jiskaske memwa a yo vin disparèt.
ויהוה לעולם ישב כונן למשפט כסאו׃ | 7 |
Men SENYÈ a la jis pou tout tan; Li te etabli twòn Li pou jijman.
והוא ישפט תבל בצדק ידין לאמים במישרים׃ | 8 |
Li va jije mond lan avèk ladwati; Li va rann jijman pou pèp yo avèk jistis.
ויהי יהוה משגב לדך משגב לעתות בצרה׃ | 9 |
SENYÈ a va osi yon sitadèl pou (sila) ki oprime yo; yon sitadèl nan tan twoub la.
ויבטחו בך יודעי שמך כי לא עזבת דרשיך יהוה׃ | 10 |
(Sila) ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou, paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone (sila) ki mete konfyans nan Ou yo.
זמרו ליהוה ישב ציון הגידו בעמים עלילותיו׃ | 11 |
Chante lwanj a SENYÈ a, ki rete nan Sion; deklare pami pèp yo zèv Li yo.
כי דרש דמים אותם זכר לא שכח צעקת עניים׃ | 12 |
Paske (Sila) ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a (sila) ki oprime yo.
חננני יהוה ראה עניי משנאי מרוממי משערי מות׃ | 13 |
Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz (sila) ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,
למען אספרה כל תהלתיך בשערי בת ציון אגילה בישועתך׃ | 14 |
pou m kab pale tout lwanj a Ou menm. Konsa, nan pòtay a fi Sion yo, mwen kapab rejwi nan delivrans Ou.
טבעו גוים בשחת עשו ברשת זו טמנו נלכדה רגלם׃ | 15 |
Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a; nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.
נודע יהוה משפט עשה בפעל כפיו נוקש רשע הגיון סלה׃ | 16 |
Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan
ישובו רשעים לשאולה כל גוים שכחי אלהים׃ (Sheol ) | 17 |
Mechan yo va retounen nan sejou lanmò a; menm tout nasyon ki bliye Bondye yo. (Sheol )
כי לא לנצח ישכח אביון תקות ענוים תאבד לעד׃ | 18 |
Paske malere yo p ap bliye jis pou tout tan, ni espwa a aflije yo p ap peri pou tout tan.
קומה יהוה אל יעז אנוש ישפטו גוים על פניך׃ | 19 |
Leve, O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen; kite nasyon yo jije devan Ou.
שיתה יהוה מורה להם ידעו גוים אנוש המה סלה׃ | 20 |
Bay yo lakrent, O SENYÈ; fè nasyon yo konnen ke se sèlman lòm yo ye. Tan