< תהילים 76 >

למנצח בנגינת מזמור לאסף שיר נודע ביהודה אלהים בישראל גדול שמו׃ 1
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd Yon Sòm Asaph, yon Chanson Bondye byen rekonèt nan Juda. Non Li gran an Israël.
ויהי בשלם סכו ומעונתו בציון׃ 2
Tabènak Li a nan Salem. Abitasyon Li an osi nan Sion.
שמה שבר רשפי קשת מגן וחרב ומלחמה סלה׃ 3
La, Li te kase flèch dife yo, boukliye ak nepe ak zam lagè yo.
נאור אתה אדיר מהררי טרף׃ 4
Ou manyifik, pi majeste pase mòn ak bèt lachas yo.
אשתוללו אבירי לב נמו שנתם ולא מצאו כל אנשי חיל ידיהם׃ 5
(Sila) ak gran kouraj yo te piyaje, yo te fonse tonbe nan dòmi mò a. Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.
מגערתך אלהי יעקב נרדם ורכב וסוס׃ 6
Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob, ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.
אתה נורא אתה ומי יעמד לפניך מאז אפך׃ 7
Ou menm, Ou merite lakrent. Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?
משמים השמעת דין ארץ יראה ושקטה׃ 8
Ou te fè jijman tande soti nan syèl la. Latè te krent, e te kanpe rete an plas
בקום למשפט אלהים להושיע כל ענוי ארץ סלה׃ 9
lè Bondye te leve nan jijman an, pou sove tout enb sou latè yo. Tan
כי חמת אדם תודך שארית חמת תחגר׃ 10
Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.
נדרו ושלמו ליהוה אלהיכם כל סביביו יובילו שי למורא׃ 11
Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo. Kite tout (sila) ki antoure Li yo mennen don a (Sila) ki merite lakrent lan.
יבצר רוח נגידים נורא למלכי ארץ׃ 12
Li va koupe retire nanm a prens yo. Wa latè yo gen lakrent Li.

< תהילים 76 >