< תהילים 73 >
מזמור לאסף אך טוב לישראל אלהים לברי לבב׃ | 1 |
Yon Sòm Asaph Anverite, Bondye bon a Israël, a (sila) avèk kè ki san tach yo!
ואני כמעט נטוי רגלי כאין שפכה אשרי׃ | 2 |
Men pou mwen, pye m te prèt pou glise tonbe, Pa m yo te prèt pou chape.
כי קנאתי בהוללים שלום רשעים אראה׃ | 3 |
Paske mwen te gen anvi awogan yo, lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.
כי אין חרצבות למותם ובריא אולם׃ | 4 |
Paske nan lanmò yo, nanpwen soufrans e kò yo byen gra.
בעמל אנוש אינמו ועם אדם לא ינגעו׃ | 5 |
Yo pa nan pwoblèm tankou lòt moun, ni yo pa toumante tankou limanite.
לכן ענקתמו גאוה יעטף שית חמס למו׃ | 6 |
Pou sa, yo pote ògèy tankou yon bèl kolye. Abiman vyolans kouvri kon yon bèl rad.
יצא מחלב עינמו עברו משכיות לבב׃ | 7 |
Zye yo anfle nan mitan grès yo. Imajinasyon a kè yo dechennen nèt.
ימיקו וידברו ברע עשק ממרום ידברו׃ | 8 |
Yo giyonnen moun. Ak mechanste, yo pale afè oprime lòt moun. Yo pale konsi se anwo sa soti.
שתו בשמים פיהם ולשונם תהלך בארץ׃ | 9 |
Nan bouch yo rive nan syèl la, pandan lang yo fè gwo pwomnad sou tout latè.
לכן ישיב עמו הלם ומי מלא ימצו למו׃ | 10 |
Akoz sa a, pèp pa yo retounen kote yo, e yo kontinye bwè gran sous yo nèt.
ואמרו איכה ידע אל ויש דעה בעליון׃ | 11 |
Yo di: “Kòman Bondye konnen? Eske gen konesans kote Pi Wo a?”
הנה אלה רשעים ושלוי עולם השגו חיל׃ | 12 |
Gade byen, (sila) yo se mechan yo ye. Konsi, toujou alèz, yo te agrandi richès yo.
אך ריק זכיתי לבבי וארחץ בנקיון כפי׃ | 13 |
Anverite, se an ven mwen te kenbe kè m san tach, ak lave men m nan inosans.
ואהי נגוע כל היום ותוכחתי לבקרים׃ | 14 |
Paske mwen te twouble tout lajounen e te resevwa chatiman chak maten.
אם אמרתי אספרה כמו הנה דור בניך בגדתי׃ | 15 |
Si mwen te di: “Mwen va pale konsa,” gade byen, mwen ta trayi jenerasyon pitit Ou yo.
ואחשבה לדעת זאת עמל היא בעיני׃ | 16 |
Lè m te reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.
עד אבוא אל מקדשי אל אבינה לאחריתם׃ | 17 |
Men jis lè m te antre nan sanktiyè Bondye a, mwen te vin konprann jan yo ta fini.
אך בחלקות תשית למו הפלתם למשואות׃ | 18 |
Anverite, Ou te mete yo kote ki glise anpil. Ou te jete yo ba jiskaske yo fini nèt.
איך היו לשמה כרגע ספו תמו מן בלהות׃ | 19 |
Men kijan yo va detwi nan yon enstan! Y ap bale nèt ale avèk gran perèz kap rive sibitman!
כחלום מהקיץ אדני בעיר צלמם תבזה׃ | 20 |
Tankou yon rèv lè moun leve, O SENYÈ, lè Ou leve, Ou va meprize pwòp fòm yo. Ou va rayi rèv de lespri yo.
כי יתחמץ לבבי וכליותי אשתונן׃ | 21 |
Lè kè m te vin anmè, e kè m te pike anndan m,
ואני בער ולא אדע בהמות הייתי עמך׃ | 22 |
alò, mwen te vin ensansib e san bon konprann. Mwen te tankou yon bèt devan Ou.
ואני תמיד עמך אחזת ביד ימיני׃ | 23 |
Sepandan, mwen avè W tout tan. Ou te kenbe men dwat mwen.
בעצתך תנחני ואחר כבוד תקחני׃ | 24 |
Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen, e apre, resevwa mwen nan laglwa.
מי לי בשמים ועמך לא חפצתי בארץ׃ | 25 |
Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou? Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.
כלה שארי ולבבי צור לבבי וחלקי אלהים לעולם׃ | 26 |
Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit, men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
כי הנה רחקיך יאבדו הצמתה כל זונה ממך׃ | 27 |
Paske gade byen, (sila) ki lwen yo va peri. Ou te detwi tout (sila) ki pa t fidèl a Ou menm yo.
ואני קרבת אלהים לי טוב שתי באדני יהוה מחסי לספר כל מלאכותיך׃ | 28 |
Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen. Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen, Pou m kab pale tout zèv Ou yo.