< תהילים 55 >

למנצח בנגינת משכיל לדוד האזינה אלהים תפלתי ואל תתעלם מתחנתי׃ 1
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo Yon Refleksyon David Prete zòrèy a lapriyè mwen, O Bondye. Pa kache Ou menm a siplikasyon mwen yo.
הקשיבה לי וענני אריד בשיחי ואהימה׃ 2
Prete atansyon a mwen e reponn mwen. Mwen pa alèz nan plent mwen yo. Anverite, mwen deranje nèt
מקול אויב מפני עקת רשע כי ימיטו עלי און ובאף ישטמוני׃ 3
akoz vwa lènmi an, akoz presyon mechan an. Paske yo pote twoub desann sou mwen. Nan kòlè yo, yo pote rankin kont mwen.
לבי יחיל בקרבי ואימות מות נפלו עלי׃ 4
Kè m twouble anndan m. Sezisman lanmò fin tonbe sou mwen.
יראה ורעד יבא בי ותכסני פלצות׃ 5
Laperèz avèk tranbleman fin rive sou mwen. Mwen etone jiskaske m debòde.
ואמר מי יתן לי אבר כיונה אעופה ואשכנה׃ 6
Mwen te di: “O ke m te gen zèl kon toutrèl la! Konsa, mwen ta sove ale pou twouve repo. Mwen ta demere nan dezè a.”
הנה ארחיק נדד אלין במדבר סלה׃ 7
Tande byen, mwen ta rive byen lwen. Mwen ta ale rete nan savann nan. Tan
אחישה מפלט לי מרוח סעה מסער׃ 8
Mwen ta fè vit rive kote pou m kache kont van tanpèt la, kont move tan an.
בלע אדני פלג לשונם כי ראיתי חמס וריב בעיר׃ 9
Mete yo nan konfizyon, O SENYÈ, divize lang yo, paske mwen te wè vyolans avèk goumen nan vil la.
יומם ולילה יסובבה על חומתיה ואון ועמל בקרבה׃ 10
Lajounen kon lannwit, yo antoure vil la sou miray li yo. Inikite avèk mechanste nan mitan li.
הוות בקרבה ולא ימיש מרחבה תך ומרמה׃ 11
Destriksyon ladann. Opresyon avèk desepsyon pa janm kite lari li yo.
כי לא אויב יחרפני ואשא לא משנאי עלי הגדיל ואסתר ממנו׃ 12
Paske se pa lènmi an ki fè m repwòch. Konsa, mwen ta kab sipòte l. Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen. Konsa, mwen ta kab kache de li.
ואתה אנוש כערכי אלופי ומידעי׃ 13
Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.
אשר יחדו נמתיק סוד בבית אלהים נהלך ברגש׃ 14
Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm, ki te mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.
ישימות עלימו ירדו שאול חיים כי רעות במגורם בקרבם׃ (Sheol h7585) 15
Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo. Kite yo desann tou vivan kote mò yo ye. Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a. (Sheol h7585)
אני אל אלהים אקרא ויהוה יושיעני׃ 16
Pou mwen, mwen va rele Bondye. SENYÈ a va sove mwen.
ערב ובקר וצהרים אשיחה ואהמה וישמע קולי׃ 17
Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen. Li va tande vwa m.
פדה בשלום נפשי מקרב לי כי ברבים היו עמדי׃ 18
Li te rachte nanm mwen anpè, soti nan batay ki kont mwen an, malgre yo anpil, k ap lite avè m yo.
ישמע אל ויענם וישב קדם סלה אשר אין חליפות למו ולא יראו אלהים׃ 19
Bondye ki sou fotèy L jis pou tout tan, va tande e reponn yo. Tan Nan (sila) pa gen chanjman an. Yo pa gen krent Bondye a.
שלח ידיו בשלמיו חלל בריתו׃ 20
Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a. Li te vyole akò li a.
חלקו מחמאת פיו וקרב לבו רכו דבריו משמן והמה פתחות׃ 21
Pawòl li te pi dous pase bè, men ak kè, li te fè lagè. Pawòl li yo te pi dous pase lwil, men se nepe rale yo te ye.
השלך על יהוה יהבך והוא יכלכלך לא יתן לעולם מוט לצדיק׃ 22
Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen. Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.
ואתה אלהים תורדם לבאר שחת אנשי דמים ומרמה לא יחצו ימיהם ואני אבטח בך׃ 23
Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. Moun ki vèse san e ki bay manti p ap rive fè mwatye nan jou yo. Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.

< תהילים 55 >