< תהילים 4 >

למנצח בנגינות מזמור לדוד בקראי ענני אלהי צדקי בצר הרחבת לי חנני ושמע תפלתי׃ 1
Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen; Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an. Fè m gras e tande lapriyè mwen.
בני איש עד מה כבודי לכלמה תאהבון ריק תבקשו כזב סלה׃ 2
O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch? Jiskilè ou va renmen sa ki san valè e tante twonpe moun? Tan
ודעו כי הפלה יהוה חסיד לו יהוה ישמע בקראי אליו׃ 3
Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm. SENYÈ a tande lè m fè apèl Li.
רגזו ואל תחטאו אמרו בלבבכם על משכבכם ודמו סלה׃ 4
Tranble, men pa fè peche. Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan
זבחו זבחי צדק ובטחו אל יהוה׃ 5
Ofri sakrifis ladwati yo. Mete konfyans nan SENYÈ a.
רבים אמרים מי יראנו טוב נסה עלינו אור פניך יהוה׃ 6
Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?” SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!
נתתה שמחה בלבי מעת דגנם ותירושם רבו׃ 7
Ou te mete lajwa nan kè m plis pase lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.
בשלום יחדו אשכבה ואישן כי אתה יהוה לבדד לבטח תושיבני׃ 8
Anpè, mwen va kouche pou dòmi, paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.

< תהילים 4 >