< תהילים 30 >

מזמור שיר חנכת הבית לדוד ארוממך יהוה כי דליתני ולא שמחת איבי לי׃ 1
Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen. Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.
יהוה אלהי שועתי אליך ותרפאני׃ 2
O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm, e Ou te geri mwen.
יהוה העלית מן שאול נפשי חייתני מיורדי בור׃ (Sheol h7585) 3
O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo. Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la. (Sheol h7585)
זמרו ליהוה חסידיו והודו לזכר קדשו׃ 4
Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. Bay remèsiman a sen non Li.
כי רגע באפו חיים ברצונו בערב ילין בכי ולבקר רנה׃ 5
Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman, men Bonte Li se pou tout tan. Kriye a kapab dire pou nwit lan, men kri lajwa a vin parèt nan maten.
ואני אמרתי בשלוי בל אמוט לעולם׃ 6
Alò, pou mwen, mwen te di nan bon tan mwen, “Mwen p ap janm ebranle.”
יהוה ברצונך העמדתה להררי עז הסתרת פניך הייתי נבהל׃ 7
O SENYÈ, pa gras Ou, Ou te fè mòn mwen an kanpe fèm. Lè Ou te kache figi Ou, mwen te dekouraje nèt.
אליך יהוה אקרא ואל אדני אתחנן׃ 8
A Ou menm, SENYÈ, mwen te rele. A SENYÈ mwen an, mwen te fè siplikasyon mwen yo:
מה בצע בדמי ברדתי אל שחת היודך עפר היגיד אמתך׃ 9
“Ki benefis ki genyen nan san mwen si mwen desann nan gwo fòs la? Èske pousyè a kab louwe Ou? Èske li va deklare fidelite Ou?
שמע יהוה וחנני יהוה היה עזר לי׃ 10
Tande, O SENYÈ e fè m gras. O SENYÈ, ban m soutyen.”
הפכת מספדי למחול לי פתחת שקי ותאזרני שמחה׃ 11
Ou te chanje doulè mwen, e sa te fè m vin danse ak lajwa; Ou te demare rad twal sak mwen an, e te mare senti m avèk kè kontan.
למען יזמרך כבוד ולא ידם יהוה אלהי לעולם אודך׃ 12
Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.

< תהילים 30 >