< תהילים 17 >
תפלה לדוד שמעה יהוה צדק הקשיבה רנתי האזינה תפלתי בלא שפתי מרמה׃ | 1 |
Yon Priyè a David Koute yon koz ki jis, O SENYÈ e okipe kri mwen. Prete zòrèy a lapriyè mwen, ki pa sòti nan lèv k ap twonpe moun.
מלפניך משפטי יצא עיניך תחזינה מישרים׃ | 2 |
Kite pawòl mwen parèt akoz prezans Ou; Kite zye Ou gade avèk jistis.
בחנת לבי פקדת לילה צרפתני בל תמצא זמתי בל יעבר פי׃ | 3 |
Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.
לפעלות אדם בדבר שפתיך אני שמרתי ארחות פריץ׃ | 4 |
Alò, pou zèv a lòm yo, selon pawòl a lèv Ou yo, Mwen te evite chemen a vyolan yo.
תמך אשרי במעגלותיך בל נמוטו פעמי׃ | 5 |
Pye mwen yo te kenbe fèm nan chemen pa W la. Pye mwen pat janm glise.
אני קראתיך כי תענני אל הט אזנך לי שמע אמרתי׃ | 6 |
Mwen te rele Ou, paske Ou va reponn mwen, O Bondye. Enkline zòrèy W bò kote m. Tande pawòl mwen yo.
הפלה חסדיך מושיע חוסים ממתקוממים בימינך׃ | 7 |
Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a, O Sovè a (sila) ki kache nan men dwat Ou yo, kont (sila) ki leve kont yo.
שמרני כאישון בת עין בצל כנפיך תסתירני׃ | 8 |
Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou. Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,
מפני רשעים זו שדוני איבי בנפש יקיפו עלי׃ | 9 |
kont mechan ki depouye m yo, lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.
חלבמו סגרו פימו דברו בגאות׃ | 10 |
Yo fin fèmen kè rèd yo. Avèk bouch yo, yo pale awogans.
אשרינו עתה סבבוני עיניהם ישיתו לנטות בארץ׃ | 11 |
Koulye a, yo fin antoure nou pandan n ap mache. Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.
דמינו כאריה יכסוף לטרוף וככפיר ישב במסתרים׃ | 12 |
Se tankou yon lyon ki anvi devore, tankou yon jenn lyon k ap kache nan fènwa.
קומה יהוה קדמה פניו הכריעהו פלטה נפשי מרשע חרבך׃ | 13 |
Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,
ממתים ידך יהוה ממתים מחלד חלקם בחיים וצפינך תמלא בטנם ישבעו בנים והניחו יתרם לעולליהם׃ | 14 |
Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ, depi nan men lòm de mond sa yo, k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a. Men Ou menm plen vant a (sila) Ou renmen yo. Fis ou yo gen kont, e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.
אני בצדק אחזה פניך אשבעה בהקיץ תמונתך׃ | 15 |
Pou mwen menm, mwen va wè figi Ou nan ladwati a; mwen va satisfè avèk vizaj Ou lè m ouvri zye m.