< תהילים 125 >

שיר המעלות הבטחים ביהוה כהר ציון לא ימוט לעולם ישב׃ 1
Yon chan pou monte vè tanp lan. (Sila) ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.
ירושלם הרים סביב לה ויהוה סביב לעמו מעתה ועד עולם׃ 2
Kon mòn antoure Jérusalem yo, se konsa SENYÈ a antoure pèp Li a depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.
כי לא ינוח שבט הרשע על גורל הצדיקים למען לא ישלחו הצדיקים בעולתה ידיהם׃ 3
Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo, jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou fè mal.
היטיבה יהוה לטובים ולישרים בלבותם׃ 4
Fè byen, SENYÈ, a (sila) ki bon yo, ak (sila) ki dwat nan kè yo.
והמטים עקלקלותם יוליכם יהוה את פעלי האון שלום על ישראל׃ 5
Men pou (sila) ki vire akote pou chemen kwochi pa yo, SENYÈ a va mennen yo sòti avèk (sila) ki fè inikite yo. Ke lapè rete sou Israël.

< תהילים 125 >