< איוב 33 >

ואולם שמע נא איוב מלי וכל דברי האזינה׃ 1
“Malgre sa, koulye a, Job, souple tande mesaj mwen an e koute tout pawòl mwen yo.
הנה נא פתחתי פי דברה לשוני בחכי׃ 2
Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen. Se lang nan bouch mwen ki pale.
ישר לבי אמרי ודעת שפתי ברור מללו׃ 3
Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen, e lèv mwen pale soti yon kè ki renmen verite a.
רוח אל עשתני ונשמת שדי תחיני׃ 4
Se Lespri Bondye ki te fè m, e souf Toupwisan an ki ban m lavi.
אם תוכל השיבני ערכה לפני התיצבה׃ 5
Di m se pa sa, si ou kapab. Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe.
הן אני כפיך לאל מחמר קרצתי גם אני׃ 6
Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou. Mwen menm tou te fèt ak ajil la.
הנה אמתי לא תבעתך ואכפי עליך לא יכבד׃ 7
Gade byen, se pa okenn krent mwen gen, ki ta bay ou laperèz, ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an, ke ou ta twouve chaj la lou.
אך אמרת באזני וקול מלין אשמע׃ 8
“Anverite, ou te pale kote pou m ta tande, e mwen te tande son a pawòl ou yo.
זך אני בלי פשע חף אנכי ולא עון לי׃ 9
Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon; mwen inosan e nanpwen koupabilite nan mwen.
הן תנואות עלי ימצא יחשבני לאויב לו׃ 10
Gade byen, Li envante pretèks kont mwen; Li kontwole m tankou lènmi.
ישם בסד רגלי ישמר כל ארחתי׃ 11
Li mete pye mwen nan sèp; Li veye tout chemen mwen yo.’
הן זאת לא צדקת אענך כי ירבה אלוה מאנוש׃ 12
“Gade byen Job, kite mwen di ou, ou pa gen rezon nan sa, paske Bondye pi gran ke lòm.
מדוע אליו ריבות כי כל דבריו לא יענה׃ 13
Poukisa ou plenyen kont Li ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?
כי באחת ידבר אל ובשתים לא ישורנה׃ 14
Anverite, Bondye pale yon fwa, oswa de fwa, men pèsòn pa okipe sa.
בחלום חזיון לילה בנפל תרדמה על אנשים בתנומות עלי משכב׃ 15
Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit la, lè dòmi pwofon kon tonbe sou lòm, pandan yo nan somèy sou kabann yo,
אז יגלה אזן אנשים ובמסרם יחתם׃ 16
konsa, Li ouvri zòrèy a lòm e mete so sou enstriksyon yo,
להסיר אדם מעשה וגוה מגבר יכסה׃ 17
pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li e anpeche li fè ògèy.
יחשך נפשו מני שחת וחיתו מעבר בשלח׃ 18
Konsa, Li pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la e lavi li pou l pa lantre nan Sejou Lanmò a.
והוכח במכאוב על משכבו וריב עצמיו אתן׃ 19
“Lòm, anplis, resevwa chatiman doulè sou kabann li; avèk plent san rete jis rive nan zo li;
וזהמתו חיתו לחם ונפשו מאכל תאוה׃ 20
jiskaske lavi li vin rayi pen, e nanm li, manje ke li te pi renmen an.
יכל בשרו מראי ושפי עצמותיו לא ראו׃ 21
Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.
ותקרב לשחת נפשו וחיתו לממתים׃ 22
Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a e lavi li pwoche sila kap detwi yo.
אם יש עליו מלאך מליץ אחד מני אלף להגיד לאדם ישרו׃ 23
“Si gen yon zanj pou ta entèsede pou li, se tankou youn nan yon milye, ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,
ויחננו ויאמר פדעהו מרדת שחת מצאתי כפר׃ 24
konsa, Bondye fè l gras. Li di l: ‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a, Mwen te twouve yon racha.’
רטפש בשרו מנער ישוב לימי עלומיו׃ 25
Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li. Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.
יעתר אל אלוה וירצהו וירא פניו בתרועה וישב לאנוש צדקתו׃ 26
Konsa, li va priye a Bondye, e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plèn ak jwa. Se konsa, Li restore ladwati a lòm.
ישר על אנשים ויאמר חטאתי וישר העויתי ולא שוה לי׃ 27
Li va chante devan lèzòm. Li va di: “Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat, e li pa t bon pou mwen.
פדה נפשי מעבר בשחת וחיתי באור תראה׃ 28
Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a, e lavi m va wè limyè a.’
הן כל אלה יפעל אל פעמים שלוש עם גבר׃ 29
“Gade byen, Bondye konn fè tout bagay sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm,
להשיב נפשו מני שחת לאור באור החיים׃ 30
pou mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a, pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.
הקשב איוב שמע לי החרש ואנכי אדבר׃ 31
Prete atansyon, O Job, koute m byen; rete an silans e kite mwen pale.
אם יש מלין השיבני דבר כי חפצתי צדקך׃ 32
Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen; pale, paske mwen vle ba ou rezon.
אם אין אתה שמע לי החרש ואאלפך חכמה׃ 33
Men si non, koute mwen; rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”

< איוב 33 >