< הָרִאשׁוֹנָה אֶל־הַקּוֹרִנְתִּיִּים 16 >

ועל דבר קבוץ התרומות לעזרת הקדושים כאשר תקנתי לקהלות אשר בגלטיא כן תעשו גם אתם׃ 1
Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou.
בכל אחד בשבת יניח אצלו איש איש מכם ויאצר את אשר עלה בידו למען אשר בבאי לא יקבץ עוד׃ 2
Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini.
ואני בבאי את אשר תמצאו נאמנים עם אגרות אשלח אתם להביא את נדבתכם לירושלים׃ 3
Konsa, lè m rive nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem;
ואם שוה הטרח שגם אנכי אלך שמה אתי ילכו׃ 4
epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.
ואני אבא אליכם אחרי עברי את מקדוניא כי את מקדוניא אעברה׃ 5
Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske m ap pase Macédoine.
ואולי אשב עמכם ימים אחדים או כל ימי הסתו למען תלוני אל אשר אלך שמה׃ 6
Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale.
כי כעת אין רצוני לראתכם אך בעברי כי אקוה לשבת אצלכם זמן מה אם ירצה יהוה׃ 7
Paske mwen pa vle wè nou koulye a sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle.
אבל אשב באפסוס עד חג השבועות׃ 8
Men mwen va rete Éphèse jiska fèt pannkot la;
כי נפתח לי פתח גדול ורב פעלים ורבים המתקוממים׃ 9
Paske yon pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.
וכי יבוא אליכם טימותיוס ראו נא שיהיה עמכם בלי פחד כי מלאכת יהוה הוא עשה כמו גם אני׃ 10
Alò, si Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la.
על כן איש אל יבז אתו אך שלחהו בשלום למען יבא אלי כי אחכה לו עם האחים׃ 11
Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.
ואפולוס האח הנה פצרתי בו לבוא אליכם עם האחים אך לא היה ברצונו לבוא עתה אמנם בוא יבוא במצאו עת נכונה׃ 12
Men konsènan Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite.
שקדו ועמדו באמונה התאששו והתחזקו׃ 13
Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.
וכל דבריכם יעשו באהבה׃ 14
Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.
ואבקשה מכם אחי הלא ידעתם את בית אסטפנוס שהוא ראשית אכיא ויתנו את נפשם לשרות הקדשים׃ 15
Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou ministè a sen yo).
לכן הכנעו גם אתם מפני אנשים כאלה ומפני כל אשר יעבד עמהם ויעמלו׃ 16
Pou nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la.
והנני שמח בביאת אסטפנוס ופרטונטוס ואכיקוס כי המה מלאו את אשר חסרתי אתכם׃ 17
Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi sa ki te manke nan pati a nou menm.
ויניחו את רוחי ואת רוחכם על כן הכירו אנשים כאלה׃ 18
Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.
הקהלות אשר באסיא שאלות לשלומכם עקילס ופריסקלא וגם הקהלה אשר בביתם מרבים לשאל לשלומכם באדנינו׃ 19
Legliz Asie yo salye nou. Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk legliz ki lakay yo a.
האחים כלם שאלים לשלומכם שאלו לשלום איש את רעהו בנשקה הקדושה׃ 20
Tout frè yo salye nou. Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.
שאלת שלומכם בידי אני פולוס׃ 21
Salitasyon de pwòp men pa m——Paul.
מי שלא יאהב את האדון ישוע המשיח יחרם מרן אתא׃ 22
Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an!
חסד ישוע המשיח אדנינו יהי עמכם׃ 23
Ke gras Senyè a Jésus avèk nou.
ואהבתי את כלכם במשיח ישוע אמן׃ 24
Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.

< הָרִאשׁוֹנָה אֶל־הַקּוֹרִנְתִּיִּים 16 >