< ישעה 14 >
כִּי יְרַחֵם יְהוָה אֶֽת־יַעֲקֹב וּבָחַר עוֹד בְּיִשְׂרָאֵל וְהִנִּיחָם עַל־אַדְמָתָם וְנִלְוָה הַגֵּר עֲלֵיהֶם וְנִסְפְּחוּ עַל־בֵּית יַעֲקֹֽב׃ | 1 |
SENYÈ a va ankò gen konpasyon sou Jacob, pou l chwazi Israël ankò e fè yo rete nan pwòp peyi yo. Etranje yo va vin jwenn ak yo e atache yo menm a kay Jacob la.
וּלְקָחוּם עַמִּים וֶהֱבִיאוּם אֶל־מְקוֹמָם וְהִֽתְנַחֲלוּם בֵּֽית־יִשְׂרָאֵל עַל אַדְמַת יְהוָה לַעֲבָדִים וְלִשְׁפָחוֹת וְהָיוּ שֹׁבִים לְשֹֽׁבֵיהֶם וְרָדוּ בְּנֹגְשֵׂיהֶֽם׃ | 2 |
Yo va mennen yo fè yo vini nan plas yo, e lakay Israël va posede yo nan peyi SENYÈ a, kon sèvant ak sèvitè. Konsa, yo va pran sila ki te pran yo kaptif yo, yo va kaptire yo e vin mèt sou sila ki te oprime yo.
וְהָיָה בְּיוֹם הָנִיחַ יְהוָה לְךָ מֵֽעָצְבְּךָ וּמֵרָגְזֶךָ וּמִן־הָעֲבֹדָה הַקָּשָׁה אֲשֶׁר עֻבַּד־בָּֽךְ׃ | 3 |
Li va rive nan jou lè SENYÈ a ba ou repò sou doulè ou, twoub ou ak redi di nan sila ou te vin esklav la,
וְנָשָׂאתָ הַמָּשָׁל הַזֶּה עַל־מֶלֶךְ בָּבֶל וְאָמָרְתָּ אֵיךְ שָׁבַת נֹגֵשׂ שָׁבְתָה מַדְהֵבָֽה׃ | 4 |
Ke ou va pran chante sa a kont wa Babylon nan epi di: “Gade kijan opresè a vin sispann! Gwo twoub la pa la ankò!”
שָׁבַר יְהוָה מַטֵּה רְשָׁעִים שֵׁבֶט מֹשְׁלִֽים׃ | 5 |
SENYÈ a fin kase baton a mechan an, baton a wa yo
מַכֶּה עַמִּים בְּעֶבְרָה מַכַּת בִּלְתִּי סָרָה רֹדֶה בָאַף גּוֹיִם מֻרְדָּף בְּלִי חָשָֽׂךְ׃ | 6 |
ki te konn frape pèp la ak gran kolè, ak kou san rete, ki te soumèt nasyon yo ak gwo kòlè ak gwo pèsekisyon san fren.
נָחָה שָׁקְטָה כָּל־הָאָרֶץ פָּצְחוּ רִנָּֽה׃ | 7 |
Tout latè gen repo e rete kalm. Yo eklate ak chante kè kontan yo.
גַּם־בְּרוֹשִׁים שָׂמְחוּ לְךָ אַרְזֵי לְבָנוֹן מֵאָז שָׁכַבְתָּ לֹֽא־יַעֲלֶה הַכֹּרֵת עָלֵֽינוּ׃ | 8 |
Menm bwa siprè yo rejwi sou ou e bwa sèd Liban yo ap di: “Paske ou te bese ou, pa gen moun ki koupe bwa k ap monte kont nou.
שְׁאוֹל מִתַּחַת רָגְזָה לְךָ לִקְרַאת בּוֹאֶךָ עוֹרֵר לְךָ רְפָאִים כָּל־עַתּוּדֵי אָרֶץ הֵקִים מִכִּסְאוֹתָם כֹּל מַלְכֵי גוֹיִֽם׃ (Sheol ) | 9 |
Sejou mò a depi anba, gen kè kontan sou ou, pou l ka rankontre ou lè ou vini. Li leve menm pou ou lespri mò yo, tout chèf sou tout latè yo. Li fè leve tout wa a tout nasyon yo soti nan twòn yo. (Sheol )
כֻּלָּם יַֽעֲנוּ וְיֹאמְרוּ אֵלֶיךָ גַּם־אַתָּה חֻלֵּיתָ כָמוֹנוּ אֵלֵינוּ נִמְשָֽׁלְתָּ׃ | 10 |
Yo tout va reponn epi mande ou: ‘Ou menm, èske ou vin fèb tankou nou? Èske ou vini tankou nou?’
הוּרַד שְׁאוֹל גְּאוֹנֶךָ הֶמְיַת נְבָלֶיךָ תַּחְתֶּיךָ יֻצַּע רִמָּה וּמְכַסֶּיךָ תּוֹלֵעָֽה׃ (Sheol ) | 11 |
Tout gwo bagay fèt ou ak mizik ap ou yo fin desann rive nan sejou mò yo. Se vè ki fè kabann anba ou e se vè k ap kouvri ou.” (Sheol )
אֵיךְ נָפַלְתָּ מִשָּׁמַיִם הֵילֵל בֶּן־שָׁחַר נִגְדַּעְתָּ לָאָרֶץ חוֹלֵשׁ עַל־גּוֹיִֽם׃ | 12 |
Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo!
וְאַתָּה אָמַרְתָּ בִֽלְבָבְךָ הַשָּׁמַיִם אֶֽעֱלֶה מִמַּעַל לְכֽוֹכְבֵי־אֵל אָרִים כִּסְאִי וְאֵשֵׁב בְּהַר־מוֹעֵד בְּיַרְכְּתֵי צָפֽוֹן׃ | 13 |
Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo!
אֶעֱלֶה עַל־בָּמֳתֵי עָב אֶדַּמֶּה לְעֶלְיֽוֹן׃ | 14 |
Mwen va monte piwo nwaj yo! Mwen va fè mwen menm tankou Pi Wo a!”
אַךְ אֶל־שְׁאוֹל תּוּרָד אֶל־יַרְכְּתֵי־בֽוֹר׃ (Sheol ) | 15 |
Sepandan, ou va pouse desann nan Sejou mò yo, kote fon a gwo fòs la ye a. (Sheol )
רֹאֶיךָ אֵלֶיךָ יַשְׁגִּיחוּ אֵלֶיךָ יִתְבּוֹנָנוּ הֲזֶה הָאִישׁ מַרְגִּיז הָאָרֶץ מַרְעִישׁ מַמְלָכֽוֹת׃ | 16 |
Sila ki wè ou va fikse zye sou ou. Yo va reflechi sou ou pou di: “Èske se nonm sila a ki te fè tè a tranble a, ki te souke wayòm yo?
שָׂם תֵּבֵל כַּמִּדְבָּר וְעָרָיו הָרָס אֲסִירָיו לֹא־פָתַח בָּֽיְתָה׃ | 17 |
Ki te fè mond lan tankou yon dezè a, ki te boulvèse gwo vil li yo, ki te refize kite prizonye li yo ale lakay yo?”
כָּל־מַלְכֵי גוֹיִם כֻּלָּם שָׁכְבוּ בְכָבוֹד אִישׁ בְּבֵיתֽוֹ׃ | 18 |
Tout wa sou latè yo kouche nan glwa yo, yo chak nan pwòp tonbo pa yo.
וְאַתָּה הָשְׁלַכְתָּ מִֽקִּבְרְךָ כְּנֵצֶר נִתְעָב לְבוּשׁ הֲרֻגִים מְטֹעֲנֵי חָרֶב יוֹרְדֵי אֶל־אַבְנֵי־בוֹר כְּפֶגֶר מוּבָֽס׃ | 19 |
Men ou menm, ou te jete deyò tonbo pa ou a, tankou yon branch rejte, abiye ak sila ki te touye yo, ki te pèse ak nepe yo, ki te desann kote wòch a fòs la tankou yon kadav, kraze foule ak pye.
לֹֽא־תֵחַד אִתָּם בִּקְבוּרָה כִּֽי־אַרְצְךָ שִׁחַתָּ עַמְּךָ הָרָגְתָּ לֹֽא־יִקָּרֵא לְעוֹלָם זֶרַע מְרֵעִֽים׃ | 20 |
Ou p ap reyini ak yo nan antèman, akoz ou te detwi peyi ou a. Ou te touye pèp ou a. Konsa, non desandan a malfektè sila yo pa p nonmen jis pou tout tan!
הָכִינוּ לְבָנָיו מַטְבֵּחַ בַּעֲוֺן אֲבוֹתָם בַּל־יָקֻמוּ וְיָרְשׁוּ אָרֶץ וּמָלְאוּ פְנֵֽי־תֵבֵל עָרִֽים׃ | 21 |
Prepare pou fis li yo yon kote pou masak, akoz inikite a papa yo. Konsa pou yo pa leve pran posesyon latè e ranpli sifas mond lan ak gwo vil.
וְקַמְתִּי עֲלֵיהֶם נְאֻם יְהוָה צְבָאוֹת וְהִכְרַתִּי לְבָבֶל שֵׁם וּשְׁאָר וְנִין וָנֶכֶד נְאֻם־יְהוָֽה׃ | 22 |
“Mwen va leve kont yo”, deklare SENYÈ dèzame yo. “Mwen va koupe retire yo nèt de non Babylone ak desandan yo de sila ki fèt ak sila ki gen pou vini yo,” deklare SENYÈ a.
וְשַׂמְתִּיהָ לְמוֹרַשׁ קִפֹּד וְאַגְמֵי־מָיִם וְטֵֽאטֵאתִיהָ בְּמַטְאֲטֵא הַשְׁמֵד נְאֻם יְהוָה צְבָאֽוֹת׃ | 23 |
“Anplis, M ap fè l tounen yon marekaj pou kochon mawon yo. Mwen va bale li ak bale destriksyon an,” deklare SENYÈ dèzame yo.
נִשְׁבַּע יְהוָה צְבָאוֹת לֵאמֹר אִם־לֹא כַּאֲשֶׁר דִּמִּיתִי כֵּן הָיָתָה וְכַאֲשֶׁר יָעַצְתִּי הִיא תָקֽוּם׃ | 24 |
SENYÈ dèzame yo fin sèmante. Li te di: “Anverite, jan ke Mwen te fè plan an, se konsa li va rive! Jan ke M te planifye a, se konsa l ap kanpe!
לִשְׁבֹּר אַשּׁוּר בְּאַרְצִי וְעַל־הָרַי אֲבוּסֶנּוּ וְסָר מֵֽעֲלֵיהֶם עֻלּוֹ וְסֻבֳּלוֹ מֵעַל שִׁכְמוֹ יָסֽוּר׃ | 25 |
Pou M kraze Assyrie nan peyi Mwen an e pou M foule li sou mòn Mwen yo. Konsa jouk li va retire sou yo e gwo chaj li va sòti sou zepòl yo.
זֹאת הָעֵצָה הַיְּעוּצָה עַל־כָּל־הָאָרֶץ וְזֹאת הַיָּד הַנְּטוּיָה עַל־כָּל־הַגּוֹיִֽם׃ | 26 |
Sa se plan a ki te fòme kont tout tè a. Sa se men ki lonje kont tout nasyon yo.
כִּֽי־יְהוָה צְבָאוֹת יָעָץ וּמִי יָפֵר וְיָדוֹ הַנְּטוּיָה וּֽמִי יְשִׁיבֶֽנָּה׃ | 27 |
Paske SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?”
בִּשְׁנַת־מוֹת הַמֶּלֶךְ אָחָז הָיָה הַמַּשָּׂא הַזֶּֽה׃ | 28 |
Nan ane Wa Achaz te mouri an, Pwofesi sa a te fèt:
אַֽל־תִּשְׂמְחִי פְלֶשֶׁת כֻּלֵּךְ כִּי נִשְׁבַּר שֵׁבֶט מַכֵּךְ כִּֽי־מִשֹּׁרֶשׁ נָחָשׁ יֵצֵא צֶפַע וּפִרְיוֹ שָׂרָף מְעוֹפֵֽף׃ | 29 |
Pa rejwi, O Peyi Filisten yo, nou tout, akoz baton ki te konn frape ou a fin kase. Soti nan rasin sèpan an, yon vipè va vin parèt, k ap fè kon fwi, yon sèpan k ap vole.
וְרָעוּ בְּכוֹרֵי דַלִּים וְאֶבְיוֹנִים לָבֶטַח יִרְבָּצוּ וְהֵמַתִּי בָֽרָעָב שָׁרְשֵׁךְ וּשְׁאֵרִיתֵךְ יַהֲרֹֽג׃ | 30 |
Premyè nè malere a va manje byen, e endijan an va kouche ansekirite. Mwen va detwi rasin pa ou ak gwo grangou, e anplis l ap touye sila ki te chape yo.
הֵילִילִֽי שַׁעַר זַֽעֲקִי־עִיר נָמוֹג פְּלֶשֶׁת כֻּלֵּךְ כִּי מִצָּפוֹן עָשָׁן בָּא וְאֵין בּוֹדֵד בְּמוֹעָדָֽיו׃ | 31 |
Rele anmwey, O pòtay la! Kriye fò, O Gran Vil la! Fann nèt, O Filistia, nou tout! Paske lafimen ap sòti nan nò e nanpwen moun k ap fè reta. Lennmi a kwense nou nèt.
וּמַֽה־יַּעֲנֶה מַלְאֲכֵי־גוֹי כִּי יְהוָה יִסַּד צִיּוֹן וּבָהּ יֶחֱסוּ עֲנִיֵּי עַמּֽוֹ׃ | 32 |
Alò, kòman yon moun ka reponn mesaje a nasyon yo? Ke se SENYÈ a ki te etabli Sion, e aflije a pèp Li yo va chache sekou nan li.