< תְהִלִּים 141 >

מִזְמ֗וֹר לְדָ֫וִ֥ד יְהוָ֣ה קְ֭רָאתִיךָ ח֣וּשָׁה לִּ֑י הַאֲזִ֥ינָה ק֝וֹלִ֗י בְּקָרְאִי־לָֽךְ׃ 1
Yon Sòm David O SENYÈ, mwen rele non Ou. Fè vit! Vin kote m! Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!
תִּכּ֤וֹן תְּפִלָּתִ֣י קְטֹ֣רֶת לְפָנֶ֑יךָ מַֽשְׂאַ֥ת כַּ֝פַּ֗י מִנְחַת־עָֽרֶב׃ 2
Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou; lè m leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.
שִׁיתָ֣ה יְ֭הוָה שָׁמְרָ֣ה לְפִ֑י נִ֝צְּרָ֗ה עַל־דַּ֥ל שְׂפָתָֽי׃ 3
Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ. Veye dri sou pòt lèv mwen yo.
אַל־תַּט־לִבִּ֨י לְדָבָ֪ר ׀ רָ֡ע לְהִתְע֘וֹלֵ֤ל עֲלִל֨וֹת ׀ בְּרֶ֗שַׁע אֶת־אִישִׁ֥ים פֹּֽעֲלֵי־אָ֑וֶן וּבַל־אֶ֝לְחַ֗ם בְּמַנְעַמֵּיהֶֽם׃ 4
Pa mennen kè m vè okenn mal, pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki fè inikite yo. Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.
יֶֽהֶלְמֵֽנִי־צַדִּ֨יק ׀ חֶ֡סֶד וְֽיוֹכִיחֵ֗נִי שֶׁ֣מֶן רֹ֭אשׁ אַל־יָנִ֣י רֹאשִׁ֑י כִּי־ע֥וֹד וּ֝תְפִלָּתִ֗י בְּרָעוֹתֵיהֶֽם׃ 5
Kite moun ladwati yo frape mwen. Konsa, li dous. Kite li korije mwen. L ap tankou lwil ki koule sou tèt la. Pa kite tèt mwen refize li, paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.
נִשְׁמְט֣וּ בִֽידֵי־סֶ֭לַע שֹׁפְטֵיהֶ֑ם וְשָׁמְע֥וּ אֲ֝מָרַ֗י כִּ֣י נָעֵֽמוּ׃ 6
Jij pa yo fin jete a tè bò kote wòch yo. Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.
כְּמ֤וֹ פֹלֵ֣חַ וּבֹקֵ֣עַ בָּאָ֑רֶץ נִפְזְר֥וּ עֲ֝צָמֵ֗ינוּ לְפִ֣י שְׁאֽוֹל׃ (Sheol h7585) 7
Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a, se konsa zo nou yo fin gaye nan bouch sejou mò a. (Sheol h7585)
כִּ֤י אֵלֶ֨יךָ ׀ יְהֹוִ֣ה אֲדֹנָ֣י עֵינָ֑י בְּכָ֥ה חָ֝סִ֗יתִי אַל־תְּעַ֥ר נַפְשִֽׁי׃ 8
Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a. Nan Ou, mwen kache. Pa kite nanm mwen san pwotèj.
שָׁמְרֵ֗נִי מִ֣ידֵי פַ֭ח יָ֣קְשׁוּ לִ֑י וּ֝מֹקְשׁ֗וֹת פֹּ֣עֲלֵי אָֽוֶן׃ 9
Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo, avèk pèlen a (sila) ki fè inikite yo.
יִפְּל֣וּ בְמַכְמֹרָ֣יו רְשָׁעִ֑ים יַ֥חַד אָ֝נֹכִ֗י עַֽד־אֶעֱבֽוֹר׃ 10
Kite mechan yo tonbe nan pwòp filè yo, pandan mwen pase akote.

< תְהִלִּים 141 >