< אֵיכָה 3 >

אֲנִ֤י הַגֶּ֙בֶר֙ רָאָ֣ה עֳנִ֔י בְּשֵׁ֖בֶט עֶבְרָתֽוֹ׃ 1
Mwen se moun ki te wè afliksyon akoz baton kòlè Li a.
אוֹתִ֥י נָהַ֛ג וַיֹּלַ֖ךְ חֹ֥שֶׁךְ וְלֹא־אֽוֹר׃ 2
Li te mennen mwen, e te fè m mache nan tenèb, pa nan limyè.
אַ֣ךְ בִּ֥י יָשֻׁ֛ב יַהֲפֹ֥ךְ יָד֖וֹ כָּל־הַיּֽוֹם׃ ס 3
Anverite, li te vire men L kont mwen plizyè fwa, tout jounen an.
בִּלָּ֤ה בְשָׂרִי֙ וְעוֹרִ֔י שִׁבַּ֖ר עַצְמוֹתָֽי׃ 4
Li te fè chè m ak po m vin epwize sòti sou mwen, Li te kase zo m yo.
בָּנָ֥ה עָלַ֛י וַיַּקַּ֖ף רֹ֥אשׁ וּתְלָאָֽה׃ 5
Li te jennen mwen e te antoure m ak ametim ak difikilte.
בְּמַחֲשַׁכִּ֥ים הוֹשִׁיבַ֖נִי כְּמֵתֵ֥י עוֹלָֽם׃ ס 6
Nan kote ki fènwa, li te fè m abite, tankou sila ki fin mouri lontan yo.
גָּדַ֧ר בַּעֲדִ֛י וְלֹ֥א אֵצֵ֖א הִכְבִּ֥יד נְחָשְׁתִּֽי׃ 7
Li te antoure m anndan pou m pa ka sòti. Li te fè chenn mwen an byen lou.
גַּ֣ם כִּ֤י אֶזְעַק֙ וַאֲשַׁוֵּ֔עַ שָׂתַ֖ם תְּפִלָּתִֽי׃ 8
Menm lè m kriye e rele sekou, Li fèmen lapriyè m deyò.
גָּדַ֤ר דְּרָכַי֙ בְּגָזִ֔ית נְתִיבֹתַ֖י עִוָּֽה׃ ס 9
Li te bloke wout mwen yo ak wòch taye. Li te fè chemen mwen yo vin kwochi.
דֹּ֣ב אֹרֵ֥ב הוּא֙ לִ֔י אֲרִ֖י בְּמִסְתָּרִֽים׃ 10
Li pou mwen tankou yon lous ki kouche ap tann, tankou yon lyon nan kote an kachèt.
דְּרָכַ֥י סוֹרֵ֛ר וַֽיְפַשְּׁחֵ֖נִי שָׂמַ֥נִי שֹׁמֵֽם׃ 11
Li te detounen tout chemen mwen yo e Li te chire mwen an mòso; Li te fè m vin dezole nèt.
דָּרַ֤ךְ קַשְׁתוֹ֙ וַיַּצִּיבֵ֔נִי כַּמַּטָּרָ֖א לַחֵֽץ׃ ס 12
Li te koube banza Li, e Li te chwazi m kon pwen final pou flèch Li.
הֵבִיא֙ בְּכִלְיוֹתָ֔י בְּנֵ֖י אַשְׁפָּתֽוֹ׃ 13
Li te fè flèch nan fouwo L yo antre nan ren mwen.
הָיִ֤יתִי שְּׂחֹק֙ לְכָל־עַמִּ֔י נְגִינָתָ֖ם כָּל־הַיּֽוֹם׃ 14
Mwen te vin yon rizib pou tout pèp mwen an, chante giyonnen yo sonnen tout lajounen.
הִשְׂבִּיעַ֥נִי בַמְּרוֹרִ֖ים הִרְוַ֥נִי לַעֲנָֽה׃ ס 15
Li te plen mwen ak anmetim. Li te fè m sou ak dlo absent.
וַיַּגְרֵ֤ס בֶּֽחָצָץ֙ שִׁנָּ֔י הִכְפִּישַׁ֖נִי בָּאֵֽפֶר׃ 16
Li te kase dan m ak gravye. Li fè m kache nan pousyè.
וַתִּזְנַ֧ח מִשָּׁל֛וֹם נַפְשִׁ֖י נָשִׁ֥יתִי טוֹבָֽה׃ 17
Nanm mwen p ap jwenn lapè ankò. Bonè vin bliye pou mwen.
וָאֹמַר֙ אָבַ֣ד נִצְחִ֔י וְתוֹחַלְתִּ֖י מֵיְהוָֽה׃ ס 18
Konsa mwen di: “Fòs mwen fin peri, ansanm ak espwa m ki sòti nan SENYÈ a.”
זְכָר־עָנְיִ֥י וּמְרוּדִ֖י לַעֲנָ֥ה וָרֹֽאשׁ׃ 19
Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an; dlo absent ak anmetim ki nan kè m nan.
זָכ֣וֹר תִּזְכּ֔וֹר וְתָשׁ֥וֹחַ עָלַ֖י נַפְשִֽׁי׃ 20
Anverite, nanm mwen sonje yo. Li vin koube anndan mwen.
זֹ֛את אָשִׁ֥יב אֶל־לִבִּ֖י עַל־כֵּ֥ן אוֹחִֽיל׃ ס 21
Men sa mwen sonje nan tèt mwen; pou sa, mwen gen espwa.
חַֽסְדֵ֤י יְהוָה֙ כִּ֣י לֹא־תָ֔מְנוּ כִּ֥י לֹא־כָל֖וּ רַחֲמָֽיו׃ 22
Lamou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann, paske mizerikòd Li p ap janm manke.
חֲדָשִׁים֙ לַבְּקָרִ֔ים רַבָּ֖ה אֱמוּנָתֶֽךָ׃ 23
Yo renouvle chak maten. Gran se fidelite Ou.
חֶלְקִ֤י יְהוָה֙ אָמְרָ֣ה נַפְשִׁ֔י עַל־כֵּ֖ן אוֹחִ֥יל לֽוֹ׃ ס 24
“SENYÈ a se pòsyon mwen.” Se sa nanm mwen di m. Konsa, mwen mete espwa m nan Li.
ט֤וֹב יְהוָה֙ לְקוָֹ֔יו לְנֶ֖פֶשׁ תִּדְרְשֶֽׁנּוּ׃ 25
SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo, a moun ki chache Li a.
ט֤וֹב וְיָחִיל֙ וְדוּמָ֔ם לִתְשׁוּעַ֖ת יְהוָֽה׃ 26
Se bon pou yon nonm gen espwa, e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.
ט֣וֹב לַגֶּ֔בֶר כִּֽי־יִשָּׂ֥א עֹ֖ל בִּנְעוּרָֽיו׃ ס 27
Se bon pou yon nonm pote jouk la nan jenès li.
יֵשֵׁ֤ב בָּדָד֙ וְיִדֹּ֔ם כִּ֥י נָטַ֖ל עָלָֽיו׃ 28
Kite li chita apa pou kont li, e rete an silans, akoz Li te poze sa sou li.
יִתֵּ֤ן בֶּֽעָפָר֙ פִּ֔יהוּ אוּלַ֖י יֵ֥שׁ תִּקְוָֽה׃ 29
Kite li mete bouch li nan pousyè, si se konsa, pou l ka gen espwa.
יִתֵּ֧ן לְמַכֵּ֛הוּ לֶ֖חִי יִשְׂבַּ֥ע בְּחֶרְפָּֽה׃ ס 30
Kite li lonje machwè li, bay sila k ap frape l la. Kite li ranpli ak repwòch.
כִּ֣י לֹ֥א יִזְנַ֛ח לְעוֹלָ֖ם אֲדֹנָֽי׃ 31
Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap rejte.
כִּ֣י אִם־הוֹגָ֔ה וְרִחַ֖ם כְּרֹ֥ב חֲסָדָֽיו׃ 32
Paske malgre se gwo doulè ke Li fè rive; alò, Li va gen mizerikòd selon gran lanmou dous Li a.
כִּ֣י לֹ֤א עִנָּה֙ מִלִּבּ֔וֹ וַיַּגֶּ֖ה בְנֵי־אִֽישׁ׃ ס 33
Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije, oswa pou atriste fis a lòm yo.
לְדַכֵּא֙ תַּ֣חַת רַגְלָ֔יו כֹּ֖ל אֲסִ֥ירֵי אָֽרֶץ׃ 34
Pou kraze anba pye, tout prizonye nan mond la,
לְהַטּוֹת֙ מִשְׁפַּט־גָּ֔בֶר נֶ֖גֶד פְּנֵ֥י עֶלְיֽוֹן׃ 35
pou retire jistis sou yon nonm nan prezans a Pi Wo a,
לְעַוֵּ֤ת אָדָם֙ בְּרִיב֔וֹ אֲדֹנָ֖י לֹ֥א רָאָֽה׃ ס 36
pou fè yon nonm tò nan pwosè legal pa li, sou bagay sa yo, Senyè a p ap dakò.
מִ֣י זֶ֤ה אָמַר֙ וַתֶּ֔הִי אֲדֹנָ֖י לֹ֥א צִוָּֽה׃ 37
Se kilès li ye ki pale, e sa vin rive, amwenske Senyè a te pase lòd la?
מִפִּ֤י עֶלְיוֹן֙ לֹ֣א תֵצֵ֔א הָרָע֖וֹת וְהַטּֽוֹב׃ 38
Èske sa ki bon ak sa ki mal pa soti nan bouch a Pi Wo a?
מַה־יִּתְאוֹנֵן֙ אָדָ֣ם חָ֔י גֶּ֖בֶר עַל־חֲטָאָֽיו׃ ס 39
Poukisa yon nonm vivan dwe plenyen, yon nonmta plenyen lè l resevwa pinisyon pou pwòp peche l yo?
נַחְפְּשָׂ֤ה דְרָכֵ֙ינוּ֙ וְֽנַחְקֹ֔רָה וְנָשׁ֖וּבָה עַד־יְהוָֽה׃ 40
Annou egzamine e sonde wout nou yo pou nou retounen kote SENYÈ a.
נִשָּׂ֤א לְבָבֵ֙נוּ֙ אֶל־כַּפָּ֔יִם אֶל־אֵ֖ל בַּשָּׁמָֽיִם׃ 41
Annou leve kè nou ak men nou vè Bondye nan syèl la;
נַ֤חְנוּ פָשַׁ֙עְנוּ֙ וּמָרִ֔ינוּ אַתָּ֖ה לֹ֥א סָלָֽחְתָּ׃ ס 42
Nou te peche e nou te fè rebèl; Ou pa t padone.
סַכֹּ֤תָה בָאַף֙ וַֽתִּרְדְּפֵ֔נוּ הָרַ֖גְתָּ לֹ֥א חָמָֽלְתָּ׃ 43
Ou te kouvri nou ak kòlè e te kouri dèyè nou. Ou te touye. Ou pa t gen pitye menm.
סַכּ֤וֹתָה בֶֽעָנָן֙ לָ֔ךְ מֵעֲב֖וֹר תְּפִלָּֽה׃ 44
Ou te kouvri tèt Ou ak yon nwaj lakolè, pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.
סְחִ֧י וּמָא֛וֹס תְּשִׂימֵ֖נוּ בְּקֶ֥רֶב הָעַמִּֽים׃ ס 45
Ou fè nou kon poupou bèt ak fatra ki rejte nan mitan lòt nasyon yo.
פָּצ֥וּ עָלֵ֛ינוּ פִּיהֶ֖ם כָּל־אֹיְבֵֽינוּ׃ 46
Tout lènmi nou yo te ouvri bouch yo laj kont nou.
פַּ֧חַד וָפַ֛חַת הָ֥יָה לָ֖נוּ הַשֵּׁ֥את וְהַשָּֽׁבֶר׃ 47
Sezisman ak pyèj tonbe sou nou, ravaj ak destriksyon.
פַּלְגֵי־מַ֙יִם֙ תֵּרַ֣ד עֵינִ֔י עַל־שֶׁ֖בֶר בַּת־עַמִּֽי׃ ס 48
Zye m koule nèt ak flèv dlo akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.
עֵינִ֧י נִגְּרָ֛ה וְלֹ֥א תִדְמֶ֖ה מֵאֵ֥ין הֲפֻגֽוֹת׃ 49
Zye m koule san sès, san rete menm pou yon ti moman,
עַד־יַשְׁקִ֣יף וְיֵ֔רֶא יְהוָ֖ה מִשָּׁמָֽיִם׃ 50
jiskaske SENYÈ a gade anba soti nan wotè syèl la pou wè.
עֵינִי֙ עֽוֹלְלָ֣ה לְנַפְשִׁ֔י מִכֹּ֖ל בְּנ֥וֹת עִירִֽי׃ ס 51
Zye m pote doulè rive nan nanm mwen, akoz tout fi nan vil mwen.
צ֥וֹד צָד֛וּנִי כַּצִּפּ֖וֹר אֹיְבַ֥י חִנָּֽם׃ 52
Lènmi m yo san koz te fè lachas dèyè m tankou zwazo. Se lènmi m san koz.
צָֽמְת֤וּ בַבּוֹר֙ חַיָּ֔י וַיַּדּוּ־אֶ֖בֶן בִּֽי׃ 53
Yo te fè m rete an silans nan twou fòs la e te poze yon wòch sou mwen.
צָֽפוּ־מַ֥יִם עַל־רֹאשִׁ֖י אָמַ֥רְתִּי נִגְזָֽרְתִּי׃ ס 54
Dlo yo te koule depase tèt mwen. Mwen te di: “Mwen fin koupe retire nèt”!
קָרָ֤אתִי שִׁמְךָ֙ יְהוָ֔ה מִבּ֖וֹר תַּחְתִּיּֽוֹת׃ 55
Mwen te rele non Ou, O SENYÈ, depi nan twou fòs pi ba a.
קוֹלִ֖י שָׁמָ֑עְתָּ אַל־תַּעְלֵ֧ם אָזְנְךָ֛ לְרַוְחָתִ֖י לְשַׁוְעָתִֽי׃ 56
Ou te tande vwa m: pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou, ak kriyè mwen an.
קָרַ֙בְתָּ֙ בְּי֣וֹם אֶקְרָאֶ֔ךָּ אָמַ֖רְתָּ אַל־תִּירָֽא׃ ס 57
Ou te vin rapwoche lè m te rele Ou a. Ou te di: “Pa pè!”
רַ֧בְתָּ אֲדֹנָ֛י רִיבֵ֥י נַפְשִׁ֖י גָּאַ֥לְתָּ חַיָּֽי׃ 58
O Senyè, Ou te plede ka pou nanm mwen an. Ou te rachte lavi mwen.
רָאִ֤יתָה יְהוָה֙ עַוָּ֣תָתִ֔י שָׁפְטָ֖ה מִשְׁפָּטִֽי׃ 59
O SENYÈ, Ou te wè jan m oprime. Jije ka m nan.
רָאִ֙יתָה֙ כָּל־נִקְמָתָ֔ם כָּל־מַחְשְׁבֹתָ֖ם לִֽי׃ ס 60
Ou te wè tout vanjans pa yo; tout manèv yo kont mwen.
שָׁמַ֤עְתָּ חֶרְפָּתָם֙ יְהוָ֔ה כָּל־מַחְשְׁבֹתָ֖ם עָלָֽי׃ 61
Ou te tande repwòch yo, O SENYÈ, tout manèv yo kont mwen.
שִׂפְתֵ֤י קָמַי֙ וְהֶגְיוֹנָ֔ם עָלַ֖י כָּל־הַיּֽוֹם׃ 62
Lèv a sila k ap atake m yo ak konplo yo kont mwen tout lajounen.
שִׁבְתָּ֤ם וְקִֽימָתָם֙ הַבִּ֔יטָה אֲנִ֖י מַנְגִּינָתָֽם׃ ס 63
Gade jan yo chita ak jan yo leve; se mwen ki sijè chan giyonnen yo a.
תָּשִׁ֨יב לָהֶ֥ם גְּמ֛וּל יְהוָ֖ה כְּמַעֲשֵׂ֥ה יְדֵיהֶֽם׃ 64
Ou va rekonpanse yo, O SENYÈ, selon zèv men yo.
תִּתֵּ֤ן לָהֶם֙ מְגִנַּת־לֵ֔ב תַּאֲלָֽתְךָ֖ לָהֶֽם׃ 65
Ou va bay yo yon kè ki di; madichon pa yo va sou yo.
תִּרְדֹּ֤ף בְּאַף֙ וְתַשְׁמִידֵ֔ם מִתַּ֖חַת שְׁמֵ֥י יְהוָֽה׃ פ 66
Ou va kouri dèyè yo nan kòlè Ou e detwi yo soti anba syèl SENYÈ a!

< אֵיכָה 3 >