< תהילים 18 >
לַמְנַצֵּחַ ׀ לְעֶבֶד יְהֹוָה לְדָוִד אֲשֶׁר דִּבֶּר ׀ לַיהֹוָה אֶת־דִּבְרֵי הַשִּׁירָה הַזֹּאת בְּיוֹם הִֽצִּיל־יְהֹוָה אוֹתוֹ מִכַּף כׇּל־אֹיְבָיו וּמִיַּד שָׁאֽוּל׃ וַיֹּאמַר אֶרְחׇמְךָ יְהֹוָה חִזְקִֽי׃ | 1 |
Pou direktè koral la. Yon sòm David, sèvitè SENYÈ a, ki te pale a SENYÈ a, pawòl a chan ke li te adrese bay SENYÈ a apre Li te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo, e soti nan men a Saül. Konsa li te di: Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
יְהֹוָה ׀ סַלְעִי וּמְצוּדָתִי וּמְפַלְטִי אֵלִי צוּרִי אֶֽחֱסֶה־בּוֹ מָֽגִנִּי וְקֶֽרֶן־יִשְׁעִי מִשְׂגַּבִּֽי׃ | 2 |
SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan (sila) mwen jwenn pwoteksyon an.
מְהֻלָּל אֶקְרָא יְהֹוָה וּמִן־אֹיְבַי אִוָּשֵֽׁעַ׃ | 3 |
Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj; epi mwen sove de lènmi mwen yo.
אֲפָפוּנִי חֶבְלֵי־מָוֶת וְֽנַחֲלֵי בְלִיַּעַל יְבַֽעֲתֽוּנִי׃ | 4 |
Kòd lanmò yo te antoure mwen. Flèv mal ki sòti nan peyi a mò yo te teworize m.
חֶבְלֵי שְׁאוֹל סְבָבוּנִי קִדְּמוּנִי מוֹקְשֵׁי מָֽוֶת׃ (Sheol ) | 5 |
Kòd peyi lanmò yo te antoure mwen; pèlen lanmò yo te parèt devan m. (Sheol )
בַּצַּר־לִי ׀ אֶקְרָא יְהֹוָה וְאֶל־אֱלֹהַי אֲשַׁוֵּעַ יִשְׁמַע מֵהֵיכָלוֹ קוֹלִי וְשַׁוְעָתִי לְפָנָיו ׀ תָּבוֹא בְאׇזְנָֽיו׃ | 6 |
Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a, e te kriye a Bondye pou sekou. Depi nan tanp li an, li te tande vwa m. Kri mwen pou sekou devan L te rive nan zòrèy Li.
וַתִּגְעַשׁ וַתִּרְעַשׁ ׀ הָאָרֶץ וּמוֹסְדֵי הָרִים יִרְגָּזוּ וַיִּתְגָּֽעֲשׁוּ כִּי־חָרָה לֽוֹ׃ | 7 |
Konsa, latè a te tranble. Fondasyon a mòn yo te tranble. Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.
עָלָה עָשָׁן ׀ בְּאַפּוֹ וְאֵשׁ־מִפִּיו תֹּאכֵל גֶּחָלִים בָּעֲרוּ מִמֶּֽנּוּ׃ | 8 |
Lafimen te sòti nan nen L. Dife a devoran te soti nan bouch Li. Chalè li te limen chabon.
וַיֵּט שָׁמַיִם וַיֵּרַד וַעֲרָפֶל תַּחַת רַגְלָֽיו׃ | 9 |
Anplis, Li te bese syèl la e te desann avèk fènwa byen pwès anba pye Li.
וַיִּרְכַּב עַל־כְּרוּב וַיָּעֹף וַיֵּדֶא עַל־כַּנְפֵי־רֽוּחַ׃ | 10 |
Li te monte sou yon cheriben, e te vole; Li te vole sou zèl a van yo.
יָשֶׁת חֹשֶׁךְ ׀ סִתְרוֹ סְבִֽיבוֹתָיו סֻכָּתוֹ חֶשְׁכַת־מַיִם עָבֵי שְׁחָקִֽים׃ | 11 |
Li te sèvi fènwa a tankou kote pou L kache, yon tant ki pou kouvri L. Fènwa nan dlo yo, nwaj pwès nan syèl yo.
מִנֹּגַהּ נֶגְדּוֹ עָבָיו עָבְרוּ בָּרָד וְגַֽחֲלֵי־אֵֽשׁ׃ | 12 |
Soti nan gran klate devan L, gwo nwaj pwès Li yo, Lagrèl avèk chabon dife te pase.
וַיַּרְעֵם בַּשָּׁמַיִם ׀ יְֽהֹוָה וְעֶלְיוֹן יִתֵּן קֹלוֹ בָּרָד וְגַֽחֲלֵי־אֵֽשׁ׃ | 13 |
Anplis, SENYÈ a te eklate nan syèl yo. Pi Pwisan an te fè vwa l sone: wòch lagrèl yo avèk chabon dife.
וַיִּשְׁלַח חִצָּיו וַיְפִיצֵם וּבְרָקִים רָב וַיְהֻמֵּֽם׃ | 14 |
Li te voye flèch li yo deyò e te gaye yo. Avèk anpil gwo klate, Li te fè yo sove ale.
וַיֵּרָאוּ ׀ אֲפִיקֵי מַיִם וַֽיִּגָּלוּ מוֹסְדוֹת תֵּבֵל מִגַּעֲרָתְךָ יְהֹוָה מִנִּשְׁמַת רוּחַ אַפֶּֽךָ׃ | 15 |
Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt; Fondasyon mond yo te vin toutouni; ak repwòch Ou, O SENYÈ, lè gwo souf sòti nan nen Ou.
יִשְׁלַח מִמָּרוֹם יִקָּחֵנִי יַֽמְשֵׁנִי מִמַּיִם רַבִּֽים׃ | 16 |
Li te voye soti an wo. Li te pran m. Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
יַצִּילֵנִי מֵאֹיְבִי עָז וּמִשֹּׂנְאַי כִּֽי־אָמְצוּ מִמֶּֽנִּי׃ | 17 |
Li te delivre mwen nan men advèsè mwen byen fò; de (sila) yo ki te rayi mwen yo, paske yo te twò fò pou mwen.
יְקַדְּמוּנִי בְיוֹם־אֵידִי וַֽיְהִי־יְהֹוָה לְמִשְׁעָן לִֽי׃ | 18 |
Yo te konfwonte mwen nan jou malè mwen, men SENYÈ a te pwotèj mwen.
וַיּוֹצִיאֵנִי לַמֶּרְחָב יְחַלְּצֵנִי כִּי חָפֵֽץ בִּֽי׃ | 19 |
Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj. Li te fè m sekou, akoz Li te pran plezi nan mwen.
יִגְמְלֵנִי יְהֹוָה כְּצִדְקִי כְּבֹר יָדַי יָשִׁיב לִֽי׃ | 20 |
SENYÈ a te byen rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men m ki pwòp, Li fè m rekonpans.
כִּֽי־שָׁמַרְתִּי דַּרְכֵי יְהֹוָה וְלֹֽא־רָשַׁעְתִּי מֵאֱלֹהָֽי׃ | 21 |
Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a, epi mwen pa t janm kite Bondye mwen an.
כִּי כׇל־מִשְׁפָּטָיו לְנֶגְדִּי וְחֻקֹּתָיו לֹא־אָסִיר מֶֽנִּי׃ | 22 |
Paske tout òdonans Li yo te devan m. Mwen pa t janm mete règleman Li yo akote.
וָאֱהִי תָמִים עִמּוֹ וָאֶשְׁתַּמֵּר מֵעֲוֺנִֽי׃ | 23 |
Anplis, mwen te toujou san fot devan L, e mwen te rete lib de inikite m.
וַיָּֽשֶׁב־יְהֹוָה לִי כְצִדְקִי כְּבֹר יָדַי לְנֶגֶד עֵינָֽיו׃ | 24 |
Pou sa, SENYÈ a te fè m rekonpans selon ladwati mwen, selon men pwòp ke Li te wè yo.
עִם־חָסִיד תִּתְחַסָּד עִם־גְּבַר תָּמִים תִּתַּמָּֽם׃ | 25 |
Avèk (sila) ki gen bon kè, Ou montre kè ki bon. Avèk (sila) ki san fot, Ou vin parèt san fot.
עִם־נָבָר תִּתְבָּרָר וְעִם־עִקֵּשׁ תִּתְפַּתָּֽל׃ | 26 |
Avèk (sila) ki san tach, Ou montre li san tach Ou. Epi avèk (sila) ki kwochi a, Ou parèt koken.
כִּֽי־אַתָּה עַם־עָנִי תוֹשִׁיעַ וְעֵינַיִם רָמוֹת תַּשְׁפִּֽיל׃ | 27 |
Paske Ou sove yon pèp aflije, men (sila) ak zye ki leve wo yo, Ou bese yo.
כִּֽי־אַתָּה תָּאִיר נֵרִי יְהֹוָה אֱלֹהַי יַגִּיהַּ חׇשְׁכִּֽי׃ | 28 |
Paske SENYÈ a va lime lanp mwen. Se Bondye mwen an ki klere tenèb mwen.
כִּֽי־בְךָ אָרֻץ גְּדוּד וּבֵֽאלֹהַי אֲדַלֶּג־שֽׁוּר׃ | 29 |
Paske avèk Ou, mwen kapab kouri sou yon ekip lame. Avèk Bondye mwen, mwen kab vòltije sou yon mi.
הָאֵל תָּמִים דַּרְכּוֹ אִמְרַֽת־יְהֹוָה צְרוּפָה מָגֵן הוּא לְכֹל ׀ הַחֹסִים בּֽוֹ׃ | 30 |
Pou Bondye, chemen Li san fot. Pawòl SENYÈ a pase a leprèv. Li se yon boukliye pou tout moun k ap pran sekou nan Li.
כִּי מִי אֱלוֹהַּ מִבַּלְעֲדֵי יְהֹוָה וּמִי צוּר זוּלָתִי אֱלֹהֵֽינוּ׃ | 31 |
Paske se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a? Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.
הָאֵל הַמְאַזְּרֵנִי חָיִל וַיִּתֵּן תָּמִים דַּרְכִּֽי׃ | 32 |
Bondye ki mare senti m ak fòs, epi fè chemen mwen san fot la?
מְשַׁוֶּה רַגְלַי כָּאַיָּלוֹת וְעַל בָּמֹתַי יַעֲמִידֵֽנִי׃ | 33 |
Li fè pye m yo vin tankou sèf, epi fè m vin plase kote ki wo yo.
מְלַמֵּד יָדַי לַמִּלְחָמָה וְֽנִחֲתָה קֶֽשֶׁת־נְחוּשָׁה זְרוֹעֹתָֽי׃ | 34 |
Li antrene men m pou batay la, jiskaske men m ka koube banza ki fèt an bwonz.
וַתִּתֶּן־לִי מָגֵן יִשְׁעֶךָ וִֽימִינְךָ תִסְעָדֵנִי וְֽעַנְוַתְךָ תַרְבֵּֽנִי׃ | 35 |
Anplis, Ou te ban mwen boukliye sali Ou e men dwat Ou te ban soutyen. Se bonte Ou ki fè m gran.
תַּרְחִיב צַעֲדִי תַחְתָּי וְלֹא מָעֲדוּ קַרְסֻלָּֽי׃ | 36 |
Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m, epi pye m pa t janm chape.
אֶרְדּוֹף אוֹיְבַי וְאַשִּׂיגֵם וְלֹֽא־אָשׁוּב עַד־כַּלּוֹתָֽם׃ | 37 |
Mwen te kouri dèyè lènmi m yo, e mwen te pran yo. Mwen pa t fè bak jiskaske yo tout te fin manje nèt.
אֶמְחָצֵם וְלֹא־יֻכְלוּ קוּם יִפְּלוּ תַּחַת רַגְלָֽי׃ | 38 |
Mwen va frape yo jiskaske yo pa kab leve. Yo va tonbe anba pye mwen.
וַתְּאַזְּרֵנִי חַיִל לַמִּלְחָמָה תַּכְרִיעַ קָמַי תַּחְתָּֽי׃ | 39 |
Ou te mare senti m avèk fòs pou batay la. Ou te soumèt anba m (sila) ki te leve kont mwen yo.
וְֽאֹיְבַי נָתַתָּה לִּי עֹרֶף וּמְשַׂנְאַי אַצְמִיתֵֽם׃ | 40 |
Ou te, anplis, fè lènmi m yo vire do yo ban mwen; konsa mwen te detwi (sila) ki te rayi mwen yo.
יְשַׁוְּעוּ וְאֵין־מוֹשִׁיעַ עַל־יְהֹוָה וְלֹא עָנָֽם׃ | 41 |
Yo te kriye sekou, men pa t gen moun pou sove yo; menm a SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
וְֽאֶשְׁחָקֵם כְּעָפָר עַל־פְּנֵי־רוּחַ כְּטִיט חוּצוֹת אֲרִיקֵֽם׃ | 42 |
Mwen te bat yo kraze fen tankou pousyè devan van; mwen te vide jete yo tankou labou nan lari.
תְּפַלְּטֵנִי מֵרִיבֵי עָם תְּשִׂימֵנִי לְרֹאשׁ גּוֹיִם עַם לֹא־יָדַעְתִּי יַֽעַבְדֽוּנִי׃ | 43 |
Ou te delivre mwen devan yon pèp plen ak konfli; Ou te plase mwen kon chèf an tèt a nasyon yo; Yon pèp ke m pa menm konnen, se sèvitè mwen yo ye.
לְשֵׁמַֽע אֹזֶן יִשָּׁמְעוּ לִי בְּנֵֽי־נֵכָר יְכַחֲשׁוּ־לִֽי׃ | 44 |
Depi yo tande, yo obeyi mwen. Etranje yo soumèt devan m.
בְּנֵי־נֵכָר יִבֹּלוּ וְיַחְרְגוּ מִֽמִּסְגְּרֽוֹתֵיהֶֽם׃ | 45 |
Etranje yo vin disparèt devan m, epi vin sòti tranblan nan fò yo.
חַי־יְהֹוָה וּבָרוּךְ צוּרִי וְיָרוּם אֱלוֹהֵי יִשְׁעִֽי׃ | 46 |
SENYÈ a viv! Beni se wòch mwen an. Leve byen wo, se Bondye a sali mwen an.
הָאֵל הַנּוֹתֵן נְקָמוֹת לִי וַיַּדְבֵּר עַמִּים תַּחְתָּֽי׃ | 47 |
Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.
מְפַלְּטִי מֵאֹיְבָי אַף מִן־קָמַי תְּרוֹמְמֵנִי מֵאִישׁ חָמָס תַּצִּילֵֽנִי׃ | 48 |
Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo. Anverite, Ou leve m pi wo de (sila) ki fè rebèl kont mwen yo. Ou delivre mwen kont men lòm vyolans lan.
עַל־כֵּן ׀ אוֹדְךָ בַגּוֹיִם ׀ יְהֹוָה וּלְשִׁמְךָ אֲזַמֵּֽרָה׃ | 49 |
Pou sa, mwen va bay remèsiman a Ou menm pami nasyon yo, O SENYÈ, epi mwen va chante lwanj a non Ou.
מַגְדִּל יְשׁוּעוֹת מַלְכּוֹ וְעֹשֶׂה חֶסֶד ׀ לִמְשִׁיחוֹ לְדָוִד וּלְזַרְעוֹ עַד־עוֹלָֽם׃ | 50 |
Li bay gran delivrans a wa Li a, epi montre lanmou dous Li a onksyone Li a, a David avèk desandan li yo jis pou tout tan.