< תהילים 144 >
לְדָוִד ׀ בָּרוּךְ יְהֹוָה ׀ צוּרִי הַֽמְלַמֵּד יָדַי לַקְרָב אֶצְבְּעוֹתַי לַמִּלְחָמָֽה׃ | 1 |
Yon Sòm David Beni se SENYÈ a, wòch mwen an, ki enstwi men m pou fè lagè, ak dwèt mwen pou batay.
חַסְדִּי וּמְצוּדָתִי מִשְׂגַּבִּי וּֽמְפַלְטִי ־ לִי מָגִנִּי וּבוֹ חָסִיתִי הָרוֹדֵד עַמִּי תַחְתָּֽי׃ | 2 |
Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, Fòterès mwen ak liberatè mwen an, Boukliye mwen an nan (sila) mwen kache a, Ki soumèt pèp mwen an anba m.
יְֽהֹוָה מָֽה־אָדָם וַתֵּדָעֵהוּ בֶּן־אֱנוֹשׁ וַתְּחַשְּׁבֵֽהוּ׃ | 3 |
O SENYÈ, se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li? Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li?
אָדָם לַהֶבֶל דָּמָה יָמָיו כְּצֵל עוֹבֵֽר׃ | 4 |
Lòm se tankou yon sèl souf. Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.
יְהֹוָה הַט־שָׁמֶיךָ וְתֵרֵד גַּע בֶּהָרִים וְֽיֶעֱשָֽׁנוּ׃ | 5 |
Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann. Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen.
בְּרוֹק בָּרָק וּתְפִיצֵם שְׁלַח חִצֶּיךָ וּתְהֻמֵּֽם׃ | 6 |
Fè parèt eklè pou gaye yo. Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon.
שְׁלַח יָדֶיךָ מִמָּרוֹם פְּצֵנִי וְהַצִּילֵנִי מִמַּיִם רַבִּים מִיַּד בְּנֵי נֵכָֽר׃ | 7 |
Lonje men Ou soti anwo. Fè m sekou! Delivre m sòti nan gwo dlo yo, nan men etranje yo ak
אֲשֶׁר פִּיהֶם דִּבֶּר־שָׁוְא וִימִינָם יְמִין שָֽׁקֶר׃ | 8 |
bouch kap pale manti yo e men dwat a (sila) ki se men dwat a manti yo.
אֱֽלֹהִים שִׁיר חָדָשׁ אָשִׁירָה לָּךְ בְּנֵבֶל עָשׂוֹר אֲזַמְּרָה־לָּֽךְ׃ | 9 |
Mwen va chante yon chan tounèf a Ou menm, O Bondye; Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,
הַנּוֹתֵן תְּשׁוּעָה לַמְּלָכִים הַפּוֹצֶה אֶת־דָּוִד עַבְדּוֹ מֵחֶרֶב רָעָֽה׃ | 10 |
Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, chape de nepe lanmò a.
פְּצֵנִי וְהַצִּילֵנִי מִיַּד בְּֽנֵי־נֵכָר אֲשֶׁר פִּיהֶם דִּבֶּר־שָׁוְא וִימִינָם יְמִין שָֽׁקֶר׃ | 11 |
Fè m sekou e delivre m de men a etranje yo, Bouch a (sila) ki pale desepsyon yo, e men dwat a (sila) ki men dwat a manti yo.
אֲשֶׁר בָּנֵינוּ ׀ כִּנְטִעִים מְגֻדָּלִים בִּֽנְעוּרֵיהֶם בְּנוֹתֵינוּ כְזָוִיֹּת מְחֻטָּבוֹת תַּבְנִית הֵיכָֽל׃ | 12 |
Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi, e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta embeli yon palè wayal.
מְזָוֵינוּ מְלֵאִים מְפִיקִים מִזַּן אֶל ־ זַן צֹאונֵנוּ מַאֲלִיפוֹת מְרֻבָּבוֹת בְּחוּצוֹתֵֽינוּ׃ | 13 |
Kite depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi. Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo.
אַלּוּפֵינוּ מְֽסֻבָּלִים אֵֽין־פֶּרֶץ וְאֵין יוֹצֵאת וְאֵין צְוָחָה בִּרְחֹבֹתֵֽינוּ׃ | 14 |
Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj. Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e nanpwen moun k ap rele “anmwey” nan lari nou yo.
אַשְׁרֵי הָעָם שֶׁכָּכָה לּוֹ אַֽשְׁרֵי הָעָם שֱׁיְהֹוָה אֱלֹהָֽיו׃ | 15 |
A la beni pèp ki ranje konsa beni! A la beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.