< תהילים 116 >

אָהַבְתִּי כִּי־יִשְׁמַע ׀ יְהֹוָה אֶת־קוֹלִי תַּחֲנוּנָֽי׃ 1
Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m, avèk siplikasyon mwen yo.
כִּי־הִטָּה אׇזְנוֹ לִי וּבְיָמַי אֶקְרָֽא׃ 2
Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m, pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
אֲפָפוּנִי ׀ חֶבְלֵי־מָוֶת וּמְצָרֵי שְׁאוֹל מְצָאוּנִי צָרָה וְיָגוֹן אֶמְצָֽא׃ (Sheol h7585) 3
Kòd lanmò yo te antoure m, e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen. Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès. (Sheol h7585)
וּבְשֵֽׁם־יְהֹוָה אֶקְרָא אָנָּה יְהֹוָה מַלְּטָה נַפְשִֽׁי׃ 4
Alò, mwen te rele non SENYÈ a. O SENYÈ, mwen sipliye Ou, sove lavi mwen!
חַנּוּן יְהֹוָה וְצַדִּיק וֵאלֹהֵינוּ מְרַחֵֽם׃ 5
Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a. Wi, Bondye nou an plen ak mizerikòd.
שֹׁמֵר פְּתָאיִם יְהֹוָה דַּלֹּתִי וְלִי יְהוֹשִֽׁיעַ׃ 6
SENYÈ a toujou pwoteje moun senp yo. Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
שׁוּבִי נַפְשִׁי לִמְנוּחָיְכִי כִּֽי־יְהֹוָה גָּמַל עָלָֽיְכִי׃ 7
Reprann repo ou, O nanm mwen, paske Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.
כִּי חִלַּצְתָּ נַפְשִׁי מִמָּוֶת אֶת־עֵינִי מִן־דִּמְעָה אֶת־רַגְלִי מִדֶּֽחִי׃ 8
Paske Ou te delivre nanm mwen devan lanmò, zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
אֶתְהַלֵּךְ לִפְנֵי יְהֹוָה בְּאַרְצוֹת הַחַיִּֽים׃ 9
Mwen va mache devan SENYÈ a nan peyi moun vivan an.
הֶאֱמַנְתִּי כִּי אֲדַבֵּר אֲנִי עָנִיתִי מְאֹֽד׃ 10
Mwen te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.”
אֲנִי אָמַרְתִּי בְחׇפְזִי כׇּֽל־הָאָדָם כֹּזֵֽב׃ 11
Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo: “Tout moun se mantè”.
מָה־אָשִׁיב לַיהֹוָה כׇּֽל־תַּגְמוּלוֹהִי עָלָֽי׃ 12
Kisa mwen kapab bay a SENYÈ a Pou tout bonte Li anvè mwen?
כּוֹס־יְשׁוּעוֹת אֶשָּׂא וּבְשֵׁם יְהֹוָה אֶקְרָֽא׃ 13
Mwen va leve wo koup sali a, e rele non SENYÈ a.
נְדָרַי לַיהֹוָה אֲשַׁלֵּם נֶגְדָה־נָּא לְכׇל־עַמּֽוֹ׃ 14
Mwen va peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a. Wi, nan prezans tout pèp Li a!
יָקָר בְּעֵינֵי יְהֹוָה הַמָּוְתָה לַחֲסִידָֽיו׃ 15
Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.
אָנָּה יְהֹוָה כִּֽי־אֲנִי עַבְדֶּךָ אֲנִי־עַבְדְּךָ בֶּן־אֲמָתֶךָ פִּתַּחְתָּ לְמֽוֹסֵרָֽי׃ 16
O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou. Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an. Ou fin lache kòd mwen yo.
לְֽךָ־אֶזְבַּח זֶבַח תּוֹדָה וּבְשֵׁם יְהֹוָה אֶקְרָֽא׃ 17
A Ou menm, mwen va ofri yon sakrifis remèsiman, e va rele sou non SENYÈ a.
נְדָרַי לַיהֹוָה אֲשַׁלֵּם נֶגְדָה־נָּא לְכׇל־עַמּֽוֹ׃ 18
Mwen va peye ve mwen yo a SENYÈ a. Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!
בְּחַצְרוֹת ׀ בֵּית יְהֹוָה בְּֽתוֹכֵכִי יְֽרוּשָׁלָ͏ִם הַֽלְלוּ־יָֽהּ׃ 19
Nan lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm, O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!

< תהילים 116 >