< שיר השירים 3 >
על משכבי בלילות בקשתי את שאהבה נפשי בקשתיו ולא מצאתיו | 1 |
Sou kabann mwen, pandan nwit la, mwen te chache sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
אקומה נא ואסובבה בעיר בשוקים וברחבות--אבקשה את שאהבה נפשי בקשתיו ולא מצאתיו | 2 |
Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la; nan ri yo ak nan plas yo. Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
מצאוני השמרים הסבבים בעיר את שאהבה נפשי ראיתם | 3 |
Gadyen ki fè tou vil la te twouve m. Mwen te mande l: “Èske ou konn wè sila ke nanm mwen renmen an?”
כמעט שעברתי מהם עד שמצאתי את שאהבה נפשי אחזתיו ולא ארפנו--עד שהביאתיו אל בית אמי ואל חדר הורתי | 4 |
Lè m fenk kite yo mwen te jwenn sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m, pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.
השבעתי אתכם בנות ירושלם בצבאות או באילות השדה אם תעירו ואם תעוררו את האהבה עד שתחפץ | 5 |
M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou leve ni ouvri zye l jiskaske se plezi li.
מי זאת עלה מן המדבר כתימרות עשן מקטרת מר ולבונה מכל אבקת רוכל | 6 |
Se kisa k ap monte kite dezè a tankou pilye lafimen yo, byen pafime ak fèy bazilik ak lansan, plen ak poud santi bon machann yo?
הנה מטתו שלשלמה--ששים גברים סביב לה מגברי ישראל | 7 |
Gade byen, se kanape vwayaj Salomon k ap monte; swasant òm pwisan kap antoure l, mesye pwisan Israël yo.
כלם אחזי חרב מלמדי מלחמה איש חרבו על ירכו מפחד בלילות | 8 |
Yo tout ki konn manyen nepe, ki fò nan afè lagè; chak mesye gen nepe l bò kote li, pou fè gad kont menas lannwit yo.
אפריון עשה לו המלך שלמה--מעצי הלבנון | 9 |
Wa Salomon te fè pou kont li yon kanape vwayaj ak bwa Liban an.
עמודיו עשה כסף רפידתו זהב מרכבו ארגמן תוכו רצוף אהבה מבנות ירושלם | 10 |
Li te fè pye li ak ajan e repo pou do a ak lò. Kote pou chita a fabrike ak twal mov, e tout anndan li byen dekore pa fi Jérusalem yo.
צאנה וראינה בנות ציון במלך שלמה--בעטרה שעטרה לו אמו ביום חתנתו וביום שמחת לבו | 11 |
Ale, O fi a Sion yo, e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila a manman l te kouwone l nan jou fèt maryaj li, nan jou kè kontan li an.