< תהילים 90 >
תפלה למשה איש-האלהים אדני--מעון אתה היית לנו בדר ודר | 1 |
Yon priyè Moïse; Moun Bondye a. Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye pandan tout jenerasyon yo.
בטרם הרים ילדו-- ותחולל ארץ ותבל ומעולם עד-עולם אתה אל | 2 |
Avan mòn yo te vin parèt, oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a, menm pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.
תשב אנוש עד-דכא ותאמר שובו בני-אדם | 3 |
Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di: “Retounen, O pitit a lòm yo.”
כי אלף שנים בעיניך-- כיום אתמול כי יעבר ואשמורה בלילה | 4 |
Paske mil ane devan zye Ou se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.
זרמתם שנה יהיו בבקר כחציר יחלף | 5 |
Ou bale yo ale pandan y ap dòmi.
בבקר יציץ וחלף לערב ימולל ויבש | 6 |
Nan maten, yo vin tankou yon chan zèb nèf ki fènk leve. Vè aswè, chan an febli e fennen nèt ale.
כי-כלינו באפך ובחמתך נבהלנו | 7 |
Paske nou fin manje nèt akoz kòlè Ou. E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt.
שת (שתה) עונתינו לנגדך עלמנו למאור פניך | 8 |
Ou te mete inikite nou yo devan Ou. Peche ki kache yo vin parèt nan limyè prezans Ou.
כי כל-ימינו פנו בעברתך כלינו שנינו כמו-הגה | 9 |
Paske tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou. Ane nou yo ap fini kon souf.
ימי-שנותינו בהם שבעים שנה ואם בגבורת שמונים שנה-- ורהבם עמל ואון כי-גז חיש ונעפה | 10 |
Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan, oswa akoz gwo fòs, katre-ventan. Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès. Paske byen vit li prale, e nou vole ale.
מי-יודע עז אפך וכיראתך עברתך | 11 |
Se kilès ki konprann fòs a kòlè Ou a? Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?
למנות ימינו כן הודע ונבא לבב חכמה | 12 |
Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo, pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.
שובה יהוה עד-מתי והנחם על-עבדיך | 13 |
Lache, O SENYÈ! Konbyen tan sa va ye? Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!
שבענו בבקר חסדך ונרננה ונשמחה בכל-ימינו | 14 |
O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a, pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo.
שמחנו כימות עניתנו שנות ראינו רעה | 15 |
Fè nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo, tout ane ke nou te wè mal yo.
יראה אל-עבדיך פעלך והדרך על-בניהם | 16 |
Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo, akmajeste Ou a pitit yo.
ויהי נעם אדני אלהינו-- עלינו ומעשה ידינו כוננה עלינו ומעשה ידינו כוננהו | 17 |
Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou, epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo. Wi, konfime zèv men nou yo.