< תהילים 61 >

למנצח על-נגינת לדוד ב שמעה אלהים רנתי הקשיבה תפלתי 1
Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David Koute kri mwen, O Bondye. Prete atansyon a lapriyè mwen.
מקצה הארץ אליך אקרא-- בעטף לבי בצור-ירום ממני תנחני 2
Soti nan dènye pwent latè, mwen rele Ou lè kè m fèb; Mennen mwen sou wòch ki pi wo pase m nan.
כי-היית מחסה לי מגדל-עז מפני אויב 3
Paske Ou te yon refij pou mwen, yon fò ki wo, yon gran fòs kont lènmi yo.
אגורה באהלך עולמים אחסה בסתר כנפיך סלה 4
Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan. Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan
כי-אתה אלהים שמעת לנדרי נתת ירשת יראי שמך 5
Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye. Ou te ban mwen eritaj a (sila) ki gen krent non Ou yo.
ימים על-ימי-מלך תוסיף שנותיו כמו-דר ודר 6
Ou va fè lavi a wa a byen long. Ane li yo va tankou anpil jenerasyon.
ישב עולם לפני אלהים חסד ואמת מן ינצרהו 7
Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan. Senyè, bay li lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.
כן אזמרה שמך לעד-- לשלמי נדרי יום יום 8
Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan. Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.

< תהילים 61 >