< תהילים 60 >

למנצח על-שושן עדות מכתם לדוד ללמד ב בהצותו את ארם נהרים-- ואת-ארם צובה וישב יואב ויך את-אדום בגיא-מלח-- שנים עשר אלף ג אלהים זנחתנו פרצתנו אנפת תשובב לנו 1
Pou direktè koral la; selon melodi “Lis Akò La”. Yon powèm David, pou enstwi; lè l te lite avèk Aram-Naharaim e avèk Aram-Zobah; epi, Joab te retounen e te frape douz-mil Edomit nan Vale Sèl la. O Bondye, Ou te rejte nou. Ou te kraze nou. Ou te fache. O restore nou ankò.
הרעשתה ארץ פצמתה רפה שבריה כי-מטה 2
Ou te fè latè tranble. Ou te fann li pou l ouvri. Geri brèch li yo, paske l ap sekwe.
הראית עמך קשה השקיתנו יין תרעלה 3
Ou te fè pèp Ou a wè anpil bagay di. Ou te bay nou diven pou bwè ki fè nou toudi.
נתתה ליראיך נס להתנוסס-- מפני קשט סלה 4
Ou te bay yon drapo pou (sila) ki gen lakrent Ou yo, pou fè l byen parèt akoz verite a. Tan
למען יחלצון ידידיך הושיעה ימינך ועננו (וענני) 5
Pou byeneme Ou yo kab delivre, Sove avèk men dwat Ou e reponn nou!
אלהים דבר בקדשו--אעלזה אחלקה שכם ועמק סכות אמדד 6
Bondye te pale nan sentete Li: “Mwen va triyonfe! Mwen va divize Sichem e tire yon lin nan vale Succoth la.
לי גלעד ולי מנשה ואפרים מעוז ראשי יהודה מחקקי 7
Galaad se pou Mwen e Manassé se pa M. Anplis, Éphraïm se kas sou tèt Mwen. Juda se baton wayal Mwen an.
מואב סיר רחצי--על-אדום אשליך נעלי עלי פלשת התרועעי 8
Moab se basen lave Mwen. Sou Edom, Mwen va jete soulye Mwen. Mwen rele viktwa sou peye Filisten yo.”
מי יבלני עיר מצור מי נחני עד-אדום 9
Kilès k ap fè m rive nan vil fòterès la? Kilès k ap mennen mwen antre Edom?
הלא-אתה אלהים זנחתנו ולא-תצא אלהים בצבאותינו 10
Èske Ou menm, SENYÈ a, pa t rejte nou? Epi èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
הבה-לנו עזרת מצר ושוא תשועת אדם 11
O bannou sekou kont advèsè a, paske delivrans pa lòm se an ven.
באלהים נעשה-חיל והוא יבוס צרינו 12
Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj. Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.

< תהילים 60 >