< תהילים 51 >
למנצח מזמור לדוד ב בבוא-אליו נתן הנביא-- כאשר-בא אל-בת-שבע ג חנני אלהים כחסדך כרב רחמיך מחה פשעי | 1 |
Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba. Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a. Selon grandè a mizerikòd ou, efase transgresyon mwen yo.
הרבה (הרב) כבסני מעוני ומחטאתי טהרני | 2 |
Lave m nèt de inikite mwen yo e netwaye m de peche mwen an.
כי-פשעי אני אדע וחטאתי נגדי תמיד | 3 |
Paske mwen konnen transgresyon mwen yo. Peche mwen yo devan m tout tan.
לך לבדך חטאתי והרע בעיניך עשיתי למען תצדק בדברך-- תזכה בשפטך | 4 |
Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche, e te fè mal devan zye Ou. Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.
הן-בעוון חוללתי ובחטא יחמתני אמי | 5 |
Gade byen, mwen te fèt nan inikite, e se nan peche manman m te vin ansent mwen.
הן-אמת חפצת בטחות ובסתם חכמה תודיעני | 6 |
Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt. Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.
תחטאני באזוב ואטהר תכבסני ומשלג אלבין | 7 |
Pirifye m ak izòp e mwen va pwòp. Lave mwen e mwen va pi blan ke lanèj.
תשמיעני ששון ושמחה תגלנה עצמות דכית | 8 |
Fè m tande lajwa avèk kè kontan, pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.
הסתר פניך מחטאי וכל-עונתי מחה | 9 |
Kache figi Ou de peche m yo. Efase tout inikite mwen yo.
לב טהור ברא-לי אלהים ורוח נכון חדש בקרבי | 10 |
Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ, epi refè yon lespri ki dwat anndan m.
אל-תשליכני מלפניך ורוח קדשך אל-תקח ממני | 11 |
Pa jete mwen lwen prezans Ou e pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.
השיבה לי ששון ישעך ורוח נדיבה תסמכני | 12 |
Restore nan mwen lajwa sali Ou a. Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.
אלמדה פשעים דרכיך וחטאים אליך ישובו | 13 |
Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo, e pechè yo va konvèti a Ou menm.
הצילני מדמים אלהים-- אלהי תשועתי תרנן לשוני צדקתך | 14 |
Delivre mwen de koupabilite san vèse a, O Bondye, Bondye a sali mwen an. Konsa, lang mwen va chante avèk jwa selon ladwati a Ou menm nan.
אדני שפתי תפתח ופי יגיד תהלתך | 15 |
O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen pou m kab deklare lwanj Ou.
כי לא-תחפץ זבח ואתנה עולה לא תרצה | 16 |
Paske Ou pa pran plezi nan sakrifis. Otreman, mwen ta bay li. Ofrann brile yo pa fè Ou kontan.
זבחי אלהים רוח נשברה לב-נשבר ונדכה-- אלהים לא תבזה | 17 |
Sakrifis a Bondye yo se yon espri ki kraze. Yon kè brize e ki repantan, O Bondye, Ou p ap meprize l.
היטיבה ברצונך את-ציון תבנה חומות ירושלם | 18 |
Avèk bonte Ou, fè byen pou Sion. Bati miray a Jérusalem yo.
אז תחפץ זבחי-צדק עולה וכליל אז יעלו על-מזבחך פרים | 19 |
Konsa, Ou va rejwi nan sakrifis ladwati yo, nan ofrann brile avèk ofrann brile nèt yo. Konsa, jenn towo yo va ofri sou lotèl Ou a.