< תהילים 49 >

למנצח לבני-קרח מזמור ב שמעו-זאת כל-העמים האזינו כל-ישבי חלד 1
Pou direktè koral la; Yon Sòm fis a Koré yo Tande sa, tout pèp yo! Prete zòrèy nou, tout (sila) ki rete nan mond la!
גם-בני אדם גם-בני-איש-- יחד עשיר ואביון 2
Ni ba, ni wo, rich ak malere ansanm.
פי ידבר חכמות והגות לבי תבונות 3
Bouch mwen va pale sajès, epi meditasyon a kè m va vin konprann.
אטה למשל אזני אפתח בכנור חידתי 4
Mwen va apiye zòrèy mwen vè yon pwovèb. Mwen va eksprime yon devinèt sou ap la.
למה אירא בימי רע-- עון עקבי יסובני 5
Poukisa mwen ta gen krent nan move jou yo, Lè inikite a lènmi m yo antoure m?
הבטחים על-חילם וברב עשרם יתהללו 6
Malgre (sila) ki mete konfyans nan richès yo, ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—
אח--לא פדה יפדה איש לא-יתן לאלהים כפרו 7
nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen sove frè li, ni li p ap kab bay Bondye yon racha pou li.
ויקר פדיון נפשם וחדל לעולם 8
Paske redanmsyon nanm li koute chè. Kèlkeswa sa li peye pa janm ase,
ויחי-עוד לנצח לא יראה השחת 9
pou l ta viv toujou jis pou letènite, pou li pa ta janm tonbe nan pouriti menm.
כי יראה חכמים ימותו-- יחד כסיל ובער יאבדו ועזבו לאחרים חילם 10
Paske li wè ke menm moun saj yo mouri. (Sila) ki bèt ak (sila) ki fou yo mouri menm jan. Yo kite byen yo pou lòt yo.
קרבם בתימו לעולם-- משכנתם לדור ודר קראו בשמותם עלי אדמות 11
Yo reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan, epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo. Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.
ואדם ביקר בל-ילין נמשל כבהמות נדמו 12
Men yon nonm, malgre gran ògèy li, p ap dire. Li tankou bèt yo ki peri.
זה דרכם כסל למו ואחריהם בפיהם ירצו סלה 13
Konsa, sa se chemen a (sila) ki manke sajès yo, ak (sila) ki swiv yo, e ki vin dakò avèk pawòl yo.
כצאן לשאול שתו-- מות ירעם וירדו בם ישרים לבקר--וצירם (וצורם) לבלות שאול מזבל לו (Sheol h7585) 14
Tankou mouton, yo fin apwente pou rive nan sejou lanmò. Lanmò va bèje yo. Moun dwat yo va domine sou yo nan maten. Men fòm yo va fini nèt pa sejou lanmò a, lwen gran kay yo. (Sheol h7585)
אך-אלהים--יפדה נפשי מיד-שאול כי יקחני סלה (Sheol h7585) 15
Men Bondye va rachte nanm mwen soti pouvwa a sejou lanmò a, paske Bondye va resevwa m. (Sheol h7585)
אל-תירא כי-יעשר איש כי-ירבה כבוד ביתו 16
Ou pa bezwen pè lè yon nonm vin rich, lè glwa lakay li vin ogmante.
כי לא במותו יקח הכל לא-ירד אחריו כבודו 17
Paske lè l mouri li p ap pote anyen ale. Glwa li a p ap swiv li desann.
כי-נפשו בחייו יברך ויודך כי-תיטיב לך 18
Sepandan, pandan l ap viv, li bat bravo pou pwòp tèt li— Malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen pou pwòp tèt ou—
תבוא עד-דור אבותיו עד-נצח לא יראו-אור 19
li va ale nan jenerasyon a zansèt li yo. Yo p ap janm wè limyè an.
אדם ביקר ולא יבין נמשל כבהמות נדמו 20
Lòm, nan pwòp glwa avèk ògèy li, poutan, san konprann, Se tankou bèt ki peri.

< תהילים 49 >