< תהילים 16 >

מכתם לדוד שמרני אל כי-חסיתי בך 1
Yon Sòm David Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.
אמרת ליהוה אדני אתה טובתי בל-עליך 2
Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen. Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.
לקדושים אשר-בארץ המה ואדירי כל-חפצי-בם 3
Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye; sou yo menm mwen pran tout plezi m yo.
ירבו עצבותם אחר מהרו בל-אסיך נסכיהם מדם ובל-אשא את-שמותם על-שפתי 4
Doulè a (sila) ki te fè donn a yon lòt dye va vin ogmante; Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo, ni non yo p ap sòti sou lèv mwen.
יהוה מנת-חלקי וכוסי-- אתה תומיך גורלי 5
SENYÈ a se pòsyon eritaj mwen ak tas mwen; Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.
חבלים נפלו-לי בנעמים אף-נחלת שפרה עלי 6
Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl pou mwen. Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen.
אברך--את-יהוה אשר יעצני אף-לילות יסרוני כליותי 7
Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la. Anverite, panse mwen toujou vin enstwi mwen pandan lannwit.
שויתי יהוה לנגדי תמיד כי מימיני בל-אמוט 8
Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan. Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
לכן שמח לבי--ויגל כבודי אף-בשרי ישכן לבטח 9
Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans. Anplis, chè m va toujou pwoteje.
כי לא-תעזב נפשי לשאול לא-תתן חסידך לראות שחת (Sheol h7585) 10
Paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo; ni Ou p ap pèmèt (Sila) Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti. (Sheol h7585)
תודיעני ארח חיים שבע שמחות את-פניך נעמות בימינך נצח 11
Ou va fè m rekonèt chemen lavi a. Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt. Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.

< תהילים 16 >