< מִשְׁלֵי 26 >

כשלג בקיץ--וכמטר בקציר כן לא-נאוה לכסיל כבוד 1
Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt, se konsa respè pa merite rive sou yon moun ensanse.
כצפור לנוד כדרור לעוף-- כן קללת חנם לא (לו) תבא 2
Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li, se konsa yon madichon san koz p ap poze.
שוט לסוס מתג לחמור ושבט לגו כסילים 3
Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la, ak baton pou do a moun ensanse a.
אל-תען כסיל כאולתו פן-תשוה-לו גם-אתה 4
Pa reponn yon moun ensanse selon foli li, oswa ou va vin tankou li.
ענה כסיל כאולתו פן-יהיה חכם בעיניו 5
Reponn yon moun ensanse selon foli li merite, pou l pa vin saj nan pwòp zye li.
מקצה רגלים חמס שתה-- שלח דברים ביד-כסיל 6
Li koupe pwòp pye li, e bwè vyolans, ki voye yon mesaj pa men a moun ensanse a.
דליו שקים מפסח ומשל בפי כסילים 7
Tankou janm ki initil pou moun bwate a, se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ensanse.
כצרור אבן במרגמה-- כן-נותן לכסיל כבוד 8
Tankou yon moun ki mare wòch anndan fistibal se konsa sila ki bay respè a moun ensanse a.
חוח עלה ביד-שכור ומשל בפי כסילים 9
Tankou yon pikan ki tonbe nan men yon moun k ap bwè gwòg, se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ki ensanse.
רב מחולל-כל ושכר כסיל ושכר עברים 10
Tankou moun ak banza k ap blese tout moun, se konsa sila ki anplwaye moun ensanse a, ak sila ki anplwaye sila k ap pase pa aza a.
ככלב שב על-קאו-- כסיל שונה באולתו 11
Tankou yon chen ki retounen nan vomi li, se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.
ראית--איש חכם בעיניו תקוה לכסיל ממנו 12
Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li? Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.
אמר עצל שחל בדרך ארי בין הרחבות 13
Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a! Yon lyon nan plas la!”
הדלת תסוב על-צירה ועצל על-מטתו 14
Tankou pòt la vire sou gon li, se konsa parese a sou kabann li.
טמן עצל ידו בצלחת נלאה להשיבה אל-פיו 15
Parese a fouye men l nan plato a; men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.
חכם עצל בעיניו-- משבעה משיבי טעם 16
Parese a pi saj nan pwòp zye li pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.
מחזיק באזני-כלב-- עבר מתעבר על-ריב לא-לו 17
Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy, se konsa sila k ap pase pa aza a, pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.
כמתלהלה הירה זקים-- חצים ומות 18
Tankou yon moun fou k ap jete bwa dife, flèch ak lanmò,
כן-איש רמה את-רעהו ואמר הלא-משחק אני 19
se konsa nonm ki tronpe vwazen li an pou di: “Èske se pa blag mwen t ap fè?”
באפס עצים תכבה-אש ובאין נרגן ישתק מדון 20
Akoz mank bwa, dife a etenn; lè ti koze sispann, rayisman vin kalme.
פחם לגחלים ועצים לאש ואיש מדונים (מדינים) לחרחר-ריב 21
Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife, se konsa yon moun tchenpwèt chofe pwoblèm pou limen konfli.
דברי נרגן כמתלהמים והם ירדו חדרי-בטן 22
Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan, vin tankou bèl ti mòso delika. Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.
כסף סיגים מצפה על-חרש-- שפתים דלקים ולב-רע 23
Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan, se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.
בשפתו ינכר שונא ובקרבו ישית מרמה 24
Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li; men nan kè l, li fè depo desepsyon.
כי-יחנן קולו אל-תאמן-בו כי שבע תועבות בלבו 25
Lè l pale byen dous, pa kwè l; paske, gen sèt abominasyon nan kè l.
תכסה שנאה במשאון תגלה רעתו בקהל 26
Malgre rayisman kouvri kò l ak riz, mechanste li va devwale devan asanble a.
כרה-שחת בה יפול וגולל אבן אליו תשוב 27
Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann, e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.
לשון-שקר ישנא דכיו ופה חלק יעשה מדחה 28
Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo, e zèv a lang flatè a se dega.

< מִשְׁלֵי 26 >