< במדבר 6 >
Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di:
דבר אל בני ישראל ואמרת אלהם איש או אשה כי יפלא לנדר נדר נזיר--להזיר ליהוה | 2 |
“Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a,
מיין ושכר יזיר חמץ יין וחמץ שכר לא ישתה וכל משרת ענבים לא ישתה וענבים לחים ויבשים לא יאכל | 3 |
li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch.
כל ימי נזרו מכל אשר יעשה מגפן היין מחרצנים ועד זג--לא יאכל | 4 |
Tout jou apa sa yo, li pa pou manje anyen ki pwodwi pa pye rezen, soti nan grenn li yo, jis rive nan po li.
כל ימי נדר נזרו תער לא יעבר על ראשו עד מלאת הימם אשר יזיר ליהוה קדש יהיה--גדל פרע שער ראשו | 5 |
“‘Tout jou yo, pandan ve apa li a, okenn razwa p ap pase sou tèt li. Li va sen jiskaske jou li yo vin akonpli pou sa li te separe tèt li bay SENYÈ a. Li va kite cheve tèt li vin long.
כל ימי הזירו ליהוה על נפש מת לא יבא | 6 |
“‘Tout jou a separasyon li yo, li pa pou pwoche yon mò.
לאביו ולאמו לאחיו ולאחתו--לא יטמא להם במתם כי נזר אלהיו על ראשו | 7 |
Li pa pou fè tèt li pa pwòp ni pou papa li, ni manman li, pou frè li, oswa pou sè li, lè yo ta mouri, akoz separasyon li pou Bondye poze sou tèt li.
כל ימי נזרו קדש הוא ליהוה | 8 |
Tout jou a separasyon li yo, li va sen a SENYÈ a.
וכי ימות מת עליו בפתע פתאם וטמא ראש נזרו--וגלח ראשו ביום טהרתו ביום השביעי יגלחנו | 9 |
“‘Men si yon nonm mouri sibitman bò kote li, e li konwonpi tèt cheve ki se apa li a, alò, li va pase razwa sou tèt li nan jou ke li vin pwòp la. Li va pase razwa sou li nan setyèm jou a.
וביום השמיני יבא שתי תרים או שני בני יונה אל הכהן--אל פתח אהל מועד | 10 |
Konsa, nan dizyèm jou a, li va pote de toutrèl oswa de jenn pijon vè prèt la, nan pòtay tant asanble a.
ועשה הכהן אחד לחטאת ואחד לעלה וכפר עליו מאשר חטא על הנפש וקדש את ראשו ביום ההוא | 11 |
Prèt la va ofri youn kòm yon ofrann peche a, e lòt la kòm yon ofrann brile, epi fè ekspiyasyon pou li konsènan peche li, akoz mò a. Epi nan menm jou sa a, li va konsakre tèt li,
והזיר ליהוה את ימי נזרו והביא כבש בן שנתו לאשם והימים הראשנים יפלו כי טמא נזרו | 12 |
epi li va dedye a SENYÈ a jou li yo kòm yon Nazareyen, e li va mennen yon mal mouton nan laj 1 nan oswa plis kòm yon ofrann koupab. Men jou tan pase yo va vin anile akoz tan separasyon li an te vin konwonpi.
וזאת תורת הנזיר ביום מלאת ימי נזרו יביא אתו אל פתח אהל מועד | 13 |
“‘Alò, sa se lalwa a yon Nazareyen. Lè jou separasyon yo vin fini, li va mennen ofrann nan nan pòtay a tant asanble a.
והקריב את קרבנו ליהוה כבש בן שנתו תמים אחד לעלה וכבשה אחת בת שנתה תמימה לחטאת ואיל אחד תמים לשלמים | 14 |
Li va prezante ofrann li an bay SENYÈ a: yon mal mouton laj 1 nan san defo kòm yon ofrann brile a, yon mouton femèl laj 1 nan san defo kòm yon ofrann peche, ak yon belye san defo kòm yon ofrann lapè,
וסל מצות סלת חלת בלולת בשמן ורקיקי מצות משחים בשמן ומנחתם ונסכיהם | 15 |
epi yon panye gato san ledven fèt avèk farin fen, mele avèk lwil, ofrann sereyal, ak galèt san ledven kouvri avèk lwil, ansanm avèk ofrann pa yo, ak ofrann bwason pa yo.
והקריב הכהן לפני יהוה ועשה את חטאתו ואת עלתו | 16 |
“‘Alò, prèt la va prezante yo devan SENYÈ a. Li va ofri ofrann peche pa li a avèk ofrann brile pa li a.
ואת האיל יעשה זבח שלמים ליהוה על סל המצות ועשה הכהן את מנחתו ואת נסכו | 17 |
Li va osi ofri belye a kòm yon ofrann sakrifis lapè bay SENYÈ a, ansanm avèk yon panye gato san ledven. Prèt la va osi ofri ofrann sereyal li avèk ofrann bwason li.
וגלח הנזיר פתח אהל מועד--את ראש נזרו ולקח את שער ראש נזרו ונתן על האש אשר תחת זבח השלמים | 18 |
“‘Alò, apre sa, Nazareyen an va pase razwa sou tèt cheve dedye pa li nan pòtay a tant asanble a. Li va pran cheve dedye a tèt li a, e mete li sou dife ki anba ofrann sakrifis lapè yo.
ולקח הכהן את הזרע בשלה מן האיל וחלת מצה אחת מן הסל ורקיק מצה אחד ונתן על כפי הנזיר אחר התגלחו את נזרו | 19 |
“‘Prèt la va pran zepòl belye a lè li fin bouyi, ak yon gato san ledven sòti nan panye a, yon galèt san ledven, e li va mete yo sou men a Nazareyen an lè l fin pase razwa a sou cheve dedye li a.
והניף אותם הכהן תנופה לפני יהוה--קדש הוא לכהן על חזה התנופה ועל שוק התרומה ואחר ישתה הנזיר יין | 20 |
Konsa, prèt la va balanse yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la devan SENYÈ a. Li sen pou prèt la, ansanm avèk pwatrin ki ofri pa balanse a e kwis ki ofri pa leve anlè a. Apre Nazareyen an kapab bwè diven an.
זאת תורת הנזיר אשר ידר קרבנו ליהוה על נזרו מלבד אשר תשיג ידו כפי נדרו אשר ידר--כן יעשה על תורת נזרו | 21 |
“‘Sa se lalwa a Nazareyen ki fè ve ofrann li bay SENYÈ a, an akò avèk separasyon li, anplis tout lòt bagay ke li gen posibilite fè, selon ve ke li te fè a. Konsa, li va fè selon lalwa separasyon li an.’”
וידבר יהוה אל משה לאמר | 22 |
SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
דבר אל אהרן ואל בניו לאמר כה תברכו את בני ישראל אמור להם | 23 |
Pale avèk Aaron ak fis li yo pou di: ‘Konsa, nou va beni fis Israël yo. Nou va di yo:
SENYÈ a beni nou e kenbe nou;
יאר יהוה פניו אליך ויחנך | 25 |
SENYÈ a fè limyè figi li limen sou nou; epi fè gras anvè nou;
ישא יהוה פניו אליך וישם לך שלום | 26 |
SENYÈ a fè vizaj li vin gade nou, e bannou lapè.’
ושמו את שמי על בני ישראל ואני אברכם | 27 |
Se konsa yo va rele non Mwen pou fis Israël yo, e se konsa Mwen va beni yo.