< איוב 37 >

אף-לזאת יחרד לבי ויתר ממקומו 1
“Pou sa, menm kè mwen konn tranble. Li vòltije kite plas li.
שמעו שמוע ברגז קלו והגה מפיו יצא 2
Koute, O koute byen bri vwa L, k ap gwonde tankou tonnè ak bri tonnè a k ap sòti nan bouch Li.
תחת-כל-השמים ישרהו ואורו על-כנפות הארץ 3
Anba tout syèl la, Li lage sa nèt ale, ak loray Li jis rive nan tout pwent tè a.
אחריו ישאג-קול-- ירעם בקול גאונו ולא יעקבם כי-ישמע קולו 4
Apre sa, yon gwo vwa ki rele fò; Li gwonde ak vwa majeste Li a. Li pa menm ralanti eklè lè yo tande vwa L.
ירעם אל בקולו נפלאות עשה גדלות ולא נדע 5
Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a. L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann.
כי לשלג יאמר-- הוא-ארץ וגשם מטר וגשם מטרות עזו 6
Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’, e a inondasyon lapli a, Li di: ‘Kontinye tonbe fò’.
ביד-כל-אדם יחתום-- לדעת כל-אנשי מעשהו 7
Li sele men a chak òm, pou tout moun kab konnen zèv Li yo.
ותבוא חיה במו-ארב ובמעונתיה תשכן 8
Konsa, tout bèt sovaj va antre nan kav yo e rete lakay yo.
מן-החדר תבוא סופה וממזרים קרה 9
Men sòti nan sid, tanpèt la parèt e nan nò, fredi a.
מנשמת-אל יתן-קרח ורחב מים במוצק 10
Soti nan souf Bondye, se glas ki fèt, e sifas dlo yo vin glasi.
אף-ברי יטריח עב יפיץ ענן אורו 11
Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè nwaj la vin lou; Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.
והוא מסבות מתהפך בתחבולתו לפעלם כל אשר יצום על-פני תבל ארצה 12
Li chanje; Li gide l vire tounen pou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout sifas tè a.
אם-לשבט אם-לארצו-- אם-לחסד ימצאהו 13
Se swa pou koreksyon, oswa pou mond Li an, oswa pou lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.
האזינה זאת איוב עמד והתבונן נפלאות אל 14
“Tande sa byen, O Job; Kanpe, e obsève mèvèy Bondye yo.
התדע בשום-אלוה עליהם והפיע אור עננו 15
Èske ou konnen kijan Bondye etabli tout sila yo, e fè ekleraj nan nwaj Li yo vin limen?
התדע על-מפלשי-עב מפלאות תמים דעים 16
Èske ou konnen bagay a chak kouch nan nwaj yo, mèvèy a Sila a ki pafè nan konesans?
אשר-בגדיך חמים-- בהשקט ארץ מדרום 17
Poukisa vètman ou cho lè tè a kalm akoz van sid la?
תרקיע עמו לשחקים חזקים כראי מוצק 18
Èske ou menm tou, ansanm avè L, ka ouvri syèl yo ki gen gran fòs tankou yon miwa metal ki fann nan dife?
הודיענו מה-נאמר לו לא-נערך מפני-חשך 19
Enstwi nou kisa pou nou ta pale Li; paske akoz fènwa a, nou pa kab byen ranje ka nou.
היספר-לו כי אדבר אם-אמר איש כי יבלע 20
Èske yo va di Li ke mwen ta renmen pale? Oswa èske yon nonm ta pito di ke li ta vle vin anglouti nèt?
ועתה לא ראו אור-- בהיר הוא בשחקים ורוח עברה ותטהרם 21
“Alò lezòm pa wè limyè ki klere nan syèl yo sof ke van an fin pase e eklèsi nwaj yo.
מצפון זהב יאתה על-אלוה נורא הוד 22
Sòti nan nò, se reyon majeste an lò; Bondye antoure ak majeste etonnan.
שדי לא-מצאנהו שגיא-כח ומשפט ורב-צדקה לא יענה 23
Toupwisan an, —nou pa kab jwenn Li. Li egzalte nan pouvwa Li. Jistis Li ak ladwati Li gran; Li pa janm oprime.
לכן יראוהו אנשים לא-יראה כל-חכמי-לב 24
Se pou sa lezòm plen lakrent ak respe Li; Li pa konsidere okenn moun ki saj nan kè.”

< איוב 37 >