< איוב 21 >

ויען איוב ויאמר 1
“Konsa, Job te reponn:
שמעו שמוע מלתי ותהי-זאת תנחומתיכם 2
Koute pawòl mwen byen pre; kite sa sèvi tankou chemen pou konsole.
שאוני ואנכי אדבר ואחר דברי תלעיג 3
Pran pasyans pou m kab pale, epi tann lè m fini pou ou kab giyonnen m.
האנכי לאדם שיחי ואם-מדוע לא-תקצר רוחי 4
Pou mwen, èske plent mwen an se anvè yon nonm? Epi poukisa mwen pa ta dwe manke pasyans?
פנו-אלי והשמו ושימו יד על-פה 5
Gade mwen! Vin etone! Kouvri bouch ou ak men ou!
ואם-זכרתי ונבהלתי ואחז בשרי פלצות 6
Lè m sonje, mwen twouble. Chè m vin ranpli ak laperèz.
מדוע רשעים יחיו עתקו גם-גברו חיל 7
“Poukisa mechan yo viv toujou, vin vye e vin pwisan nèt?
זרעם נכון לפניהם עמם וצאצאיהם לעיניהם 8
Desandan yo vin etabli pou yo ka wè yo, ak pitit pa yo devan zye yo.
בתיהם שלום מפחד ולא שבט אלוה עליהם 9
Lakay yo pwoteje kont laperèz, e baton Bondye pa janm rive sou yo.
שורו עבר ולא יגעל תפלט פרתו ולא תשכל 10
Towo yo toujou kouple san manke. Vach yo fè pitit e pa fè foskouch.
ישלחו כצאן עויליהם וילדיהם ירקדון 11
Yo mete pitit yo deyò tankou yon bann. Yo flannen e danse toupatou.
ישאו כתף וכנור וישמחו לקול עוגב 12
Yo chante ak tanbouren avèk ap, e rejwi ak son flit la.
יבלו (יכלו) בטוב ימיהם וברגע שאול יחתו (Sheol h7585) 13
Yo pase jou yo nan byen reyisi. Epi konsa yo desann nan Sejou Lanmò Yo. (Sheol h7585)
ויאמרו לאל סור ממנו ודעת דרכיך לא חפצנו 14
Yo di Bondye: ‘Kite nou!’ Nou pa menm vle konnen chemen Ou yo.
מה-שדי כי-נעבדנו ומה-נועיל כי נפגע-בו 15
‘Se kilès Toupwisan an ye pou nou ta sèvi Li, e ki rekonpans nou ta twouve si nou ta priye anvè Li?’
הן לא בידם טובם עצת רשעים רחקה מני 16
Gade byen, bonè pa yo pa rete nan men yo; konsèy a mechan yo lwen mwen.
כמה נר-רשעים ידעך-- ויבא עלימו אידם חבלים יחלק באפו 17
“Èske se souvan ke lanp a mechan yo etenn? Èske malè konn vin tonbe sou yo? Èske Bondye mezire destriksyon nan lakòlè Li?
יהיו כתבן לפני-רוח וכמץ גנבתו סופה 18
Èske se tankou pay nan van yo ye vrè, pay ke van pouse ale?
אלוה יצפן-לבניו אונו ישלם אליו וידע 19
Ou di ke ‘Bondye konsève inikite a yon nonm pou fis li yo.’ Kite Bondye rekonpanse li menm pou l konnen sa.
יראו עינו כידו ומחמת שדי ישתה 20
Kite pwòp zye pa li wè lè l pouri gate. Kite li bwè lakòlè Bondye.
כי מה-חפצו בביתו אחריו ומספר חדשיו חצצו 21
Paske ki konsiderasyon ki genyen pou lakay sila ki swiv li a, lè fòs kantite mwa li yo vin koupe?
הלאל ילמד-דעת והוא רמים ישפוט 22
“Èske gen moun kab bay Bondye konesans? Se Li menm ki jije sila anwo yo.
זה--ימות בעצם תמו כלו שלאנן ושליו 23
Yon moun mouri ak tout fòs li, byen alèz e kal;
עטיניו מלאו חלב ומח עצמותיו ישקה 24
Tout bokal li yo plen lèt e tout mwèl zo l li byen mou,
וזה--ימות בנפש מרה ולא-אכל בטובה 25
Pandan yon lòt mouri ak yon nanm anmè, e pa janm goute nan sa ki bon.
יחד על-עפר ישכבו ורמה תכסה עליהם 26
Ansanm yo kouche nan pousyè a e vè vin kouvri yo.
הן ידעתי מחשבותיכם ומזמות עלי תחמסו 27
“Gade byen, mwen konnen sa ou ap panse ak plan nou sèvi pou fè m tò yo.
כי תאמרו איה בית-נדיב ואיה אהל משכנות רשעים 28
Paske ou ap di: ‘Kote kay a prens lan e kote tant kote mechan an rete a?’
הלא שאלתם עוברי דרך ואתתם לא תנכרו 29
Èske nou pa janm mande vwayajè yo? Èske nou pa konnen temwayaj yo bay?
כי ליום איד יחשך רע ליום עברות יובלו 30
Paske mechan an, li menm, konsève pou gwo jou malè a; Y ap vin parèt nan jou kòlè a.
מי-יגיד על-פניו דרכו והוא-עשה מי ישלם-לו 31
Se kilès ki va fè l repwòch pou zak li yo? E kilès ki va rekonpanse li pou sa l fè?
והוא לקברות יובל ועל-גדיש ישקוד 32
Pandan l ap pote nan tonbo a, y ap veye tonm li.
מתקו-לו רגבי-נחל ואחריו כל-אדם ימשוך ולפניו אין מספר 33
Bòl tè vale a va kouvri l ak tout dousè; anplis, tout moun va swiv dèyè li, menm ak gran fòs san kontwòl yo, yo te ale devan l.
ואיך תנחמוני הבל ותשובתיכם נשאר-מעל 34
Konsa, se kijan pou m ta twouve rekonfò nan konsolasyon an ven nou yo? Paske repons nou yo fèt ak manti.”

< איוב 21 >