< איוב 18 >
Epi Bildad, Shuach la te reponn:
עד-אנה תשימון קנצי למלין תבינו ואחר נדבר | 2 |
“Pou jiskilè ou va chase pawòl? Montre bon sans ou pou nou kab pale.
מדוע נחשבנו כבהמה נטמינו בעיניכם | 3 |
Poukisa nou gade tankou bèt, tankou sòt nan zye ou?
טרף נפשו באפו הלמענך תעזב ארץ ויעתק-צור ממקמו | 4 |
O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou, èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone, oswa wòch la deplase nan plas li?
גם אור רשעים ידעך ולא-יגה שביב אשו | 5 |
“Anverite, limyè a mechan an va etenn, e flanm dife li pap bay limyè.
אור חשך באהלו ונרו עליו ידעך | 6 |
Limyè nan tant li an vin fènwa, e lanp li etenn sou li.
יצרו צעדי אונו ותשליכהו עצתו | 7 |
Gran pa dyanm li yo vin kout, e pwòp manèv li a vin desann li.
כי-שלח ברשת ברגליו ועל-שבכה יתהלך | 8 |
Paske li tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li e li mache sou file a.
יאחז בעקב פח יחזק עליו צמים | 9 |
Yon pèlen pran l pa talon, e yon filè vin fèmen sou li.
טמון בארץ חבלו ומלכדתו עלי נתיב | 10 |
Yon pyèj kache pou li nan tè a, e yon zatrap sou chemen li.
סביב בעתהו בלהות והפיצהו לרגליו | 11 |
Patou laperèz fè l sezi e kouri dèyè l nan chak pa ke li fè.
יהי-רעב אנו ואיד נכון לצלעו | 12 |
Fòs li vin epwize e gwo dega parèt akote li.
יאכל בדי עורו יאכל בדיו בכור מות | 13 |
Kò li devore pa maladi; premye ne lanmò a devore manm kò li yo.
ינתק מאהלו מבטחו ותצעדהו למלך בלהות | 14 |
Li fin chire soti nan sekirite tant li an e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
תשכון באהלו מבלי-לו יזרה על-נוהו גפרית | 15 |
Anyen pa rete nan tant li ki pou li; souf gaye toupatou sou abitasyon li.
מתחת שרשיו יבשו וממעל ימל קצירו | 16 |
Rasin li vin sèch anba li, e branch li fin koupe pa anwo.
זכרו-אבד מני-ארץ ולא-שם לו על-פני-חוץ | 17 |
Memwa li fin disparèt sou tè a men li pa gen non nan okenn lòt peyi.
יהדפהו מאור אל-חשך ומתבל ינדהו | 18 |
Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb, e chase jis deyò mond kote moun rete a.
לא נין לו ולא-נכד בעמו ואין שריד במגוריו | 19 |
Li pa gen ni desandan ni posterite pami pèp li a, ni okenn moun ki rete kote li te demere.
על-יומו נשמו אחרנים וקדמנים אחזו שער | 20 |
Sila nan lwès yo vin revòlte de desten li e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.
אך-אלה משכנות עול וזה מקום לא-ידע-אל | 21 |
Anverite, se konsa abitasyon a mechan yo ye a. Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”