< בראשית 22 >

ויהי אחר הדברים האלה והאלהים נסה את אברהם ויאמר אליו אברהם ויאמר הנני 1
Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke Bondye te fè Abraham pase yon eprèv. Li te di li: “Abraham!” Epi li te reponn: “Men mwen”.
ויאמר קח נא את בנך את יחידך אשר אהבת את יצחק ולך לך אל ארץ המריה והעלהו שם לעלה על אחד ההרים אשר אמר אליך 2
Li te di: “Pran koulye a fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”
וישכם אברהם בבקר ויחבש את חמרו ויקח את שני נעריו אתו ואת יצחק בנו ויבקע עצי עלה ויקם וילך אל המקום אשר אמר לו האלהים 3
Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.
ביום השלישי וישא אברהם את עיניו וירא את המקום--מרחק 4
Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te wè plas la nan yon distans.
ויאמר אברהם אל נעריו שבו לכם פה עם החמור ואני והנער נלכה עד כה ונשתחוה ונשובה אליכם 5
Abraham te di a jèn sèvitè li yo: “Rete isit la avèk bourik la. Mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.”
ויקח אברהם את עצי העלה וישם על יצחק בנו ויקח בידו את האש ואת המאכלת וילכו שניהם יחדו 6
Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a. Li te poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.
ויאמר יצחק אל אברהם אביו ויאמר אבי ויאמר הנני בני ויאמר הנה האש והעצים ואיה השה לעלה 7
Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!” Epi li te reponn: “Men mwen, fis mwen.” Konsa, li te di l: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
ויאמר אברהם אלהים יראה לו השה לעלה בני וילכו שניהם יחדו 8
Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm.
ויבאו אל המקום אשר אמר לו האלהים ויבן שם אברהם את המזבח ויערך את העצים ויעקד את יצחק בנו וישם אתו על המזבח ממעל לעצים 9
Alò yo rive nan plas ke Bondye te di li a, epi Abraham te bati yon lotèl la. Li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo.
וישלח אברהם את ידו ויקח את המאכלת לשחט את בנו 10
Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a.
ויקרא אליו מלאך יהוה מן השמים ויאמר אברהם אברהם ויאמר הנני 11
Men zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!” Li te reponn: “Men mwen isit la.”
ויאמר אל תשלח ידך אל הנער ואל תעש לו מאומה כי עתה ידעתי כי ירא אלהים אתה ולא חשכת את בנך את יחידך ממני 12
Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, ni pa fè l anyen. Paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay fis ou a, sèl fis ou ban Mwen an.”
וישא אברהם את עיניו וירא והנה איל אחר נאחז בסבך בקרניו וילך אברהם ויקח את האיל ויעלהו לעלה תחת בנו 13
Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a.
ויקרא אברהם שם המקום ההוא יהוה יראה אשר יאמר היום בהר יהוה יראה 14
Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”
ויקרא מלאך יהוה אל אברהם שנית מן השמים 15
Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la,
ויאמר בי נשבעתי נאם יהוה כי יען אשר עשית את הדבר הזה ולא חשכת את בנך את יחידך 16
e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an,
כי ברך אברכך והרבה ארבה את זרעך ככוכבי השמים וכחול אשר על שפת הים וירש זרעך את שער איביו 17
anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo.
והתברכו בזרעך כל גויי הארץ עקב אשר שמעת בקלי 18
Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te obeyi vwa Mwen.”
וישב אברהם אל נעריו ויקמו וילכו יחדו אל באר שבע וישב אברהם בבאר שבע 19
Epi Abraham te retounen vè jèn sèvitè yo. Yo te leve e te ale ansanm Beer-Schéba. Konsa, Abraham te rete Beer-Schéba.
ויהי אחרי הדברים האלה ויגד לאברהם לאמר הנה ילדה מלכה גם הוא בנים--לנחור אחיך 20
Li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor:
את עוץ בכרו ואת בוז אחיו ואת קמואל אבי ארם 21
Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan
ואת כשד ואת חזו ואת פלדש ואת ידלף ואת בתואל 22
epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.”
ובתואל ילד את רבקה שמנה אלה ילדה מלכה לנחור אחי אברהם 23
Bethuel te vin papa Rebecca. Uit de Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan.
ופילגשו ושמה ראומה ותלד גם הוא את טבח ואת גחם ואת תחש ואת מעכה 24
Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.

< בראשית 22 >