< בראשית 15 >

אחר הדברים האלה היה דבר יהוה אל אברם במחזה לאמר אל תירא אברם אנכי מגן לך--שכרך הרבה מאד 1
Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”
ויאמר אברם אדני יהוה מה תתן לי ואנכי הולך ערירי ובן משק ביתי הוא דמשק אליעזר 2
Abram te di: “O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?”
ויאמר אברם--הן לי לא נתתה זרע והנה בן ביתי יורש אתי 3
Epi Abram te di: “Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki fèt nan kay mwen an se eritye mwen.”
והנה דבר יהוה אליו לאמר לא יירשך זה כי אם אשר יצא ממעיך הוא יירשך 4
Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: “Se pa nonm sa k ap eritye ou, men youn ki va sòti nan pwòp kò ou, se li ki va eritye ou.”
ויוצא אתו החוצה ויאמר הבט נא השמימה וספר הכוכבים--אם תוכל לספר אתם ויאמר לו כה יהיה זרעך 5
Konsa, li te mennen li deyò, e te di: “Koulye a, gade vè syèl yo, e kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo.” Epi Li te di li: “Se konsa desandan w ap ye.”
והאמן ביהוה ויחשבה לו צדקה 6
Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.
ויאמר אליו אני יהוה אשר הוצאתיך מאור כשדים--לתת לך את הארץ הזאת לרשתה 7
Li te di Abram: “Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan Ur a Kaldeyen yo, pou bay ou peyi sa a pou posede li.”
ויאמר אדני יהוה במה אדע כי אירשנה 8
Abram te di: “O Senyè BONDYE, kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?”
ויאמר אליו קחה לי עגלה משלשת ועז משלשת ואיל משלש ותר וגוזל 9
Alò li te di li: “Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twzan, yon mal mouton nan twzan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon.”
ויקח לו את כל אלה ויבתר אתם בתוך ויתן איש בתרו לקראת רעהו ואת הצפר לא בתר 10
Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de moso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li pa t koupe zwazo yo.
וירד העיט על הפגרים וישב אתם אברם 11
Zwazo ki manje vyann yo te desann sou kò bèt yo, e Abram te chase yo ale.
ויהי השמש לבוא ותרדמה נפלה על אברם והנה אימה חשכה גדלה נפלת עליו 12
Alò, lè solèy la t ap desann, yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.
ויאמר לאברם ידע תדע כי גר יהיה זרעך בארץ לא להם ועבדום וענו אתם--ארבע מאות שנה 13
Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e va oprime pandan kat-san ane.
וגם את הגוי אשר יעבדו דן אנכי ואחרי כן יצאו ברכש גדול 14
Men mwen va osi jije nasyon ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen.
ואתה תבוא אל אבתיך בשלום תקבר בשיבה טובה 15
Men pou ou menm, ou va ale vè zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse.
ודור רביעי ישובו הנה כי לא שלם עון האמרי עד הנה 16
Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske inikite Amoreyen yo poko fini.”
ויהי השמש באה ועלטה היה והנה תנור עשן ולפיד אש אשר עבר בין הגזרים האלה 17
Li vin rive ke lè solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap fè lafimen avèk yon flanbo te pase antre mòso sa yo.
ביום ההוא כרת יהוה את אברם--ברית לאמר לזרעך נתתי את הארץ הזאת מנהר מצרים עד הנהר הגדל נהר פרת 18
Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate,
את הקיני ואת הקנזי ואת הקדמני 19
peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo,
ואת החתי ואת הפרזי ואת הרפאים 20
Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo,
ואת האמרי ואת הכנעני ואת הגרגשי ואת היבוסי 21
Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo.”

< בראשית 15 >