< דברי הימים ב 17 >

וימלך יהושפט בנו תחתיו ויתחזק על ישראל 1
Josaphat, fis li a te devni wa nan plas li, e li te fè pozisyon li sou Israël byen fèm.
ויתן חיל--בכל ערי יהודה הבצרות ויתן נציבים בארץ יהודה ובערי אפרים אשר לכד אסא אביו 2
Li te mete sòlda nan tout vil fòtifye Juda yo, e li te fè ganizon militè nan peyi Juda avèk nan vil Éphraïm ke papa li, Asa te kaptire yo.
ויהי יהוה עם יהושפט כי הלך בדרכי דויד אביו הראשנים ולא דרש לבעלים 3
SENYÈ a te avèk Josaphat akoz li te swiv egzanp a zansèt li a, David, nan premye jou li yo, e li pa t chache Baal yo,
כי לאלהי אביו דרש ובמצותיו הלך ולא כמעשה ישראל 4
men li te chache Bondye a zansèt li yo. Li te swiv kòmandman li yo, e li pa t aji jan Israël te fè a.
ויכן יהוה את הממלכה בידו ויתנו כל יהודה מנחה ליהושפט ויהי לו עשר וכבוד לרב 5
Pou sa, SENYÈ a te etabli wayòm nan sou kontwòl li, tout Juda te pote pèyman bay Josaphat e li te vin gen gwo richès avèk lonè.
ויגבה לבו בדרכי יהוה ועוד הסיר את הבמות ואת האשרים--מיהודה 6
Li te fyè nan chemen SENYÈ a, e ankò li te rache wo plas yo avèk Asherim yo soti nan Juda.
ובשנת שלוש למלכו שלח לשריו לבן חיל ולעבדיה ולזכריה ולנתנאל ולמיכיהו--ללמד בערי יהודה 7
Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée pou enstwi nan vil a Juda yo;
ועמהם הלוים שמעיהו ונתניהו וזבדיהו ועשהאל ושמרימות (ושמירמות) ויהונתן ואדניהו וטוביהו וטוב אדוניה--הלוים ועמהם אלישמע ויהורם הכהנים 8
epi avèk yo Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram.
וילמדו ביהודה ועמהם ספר תורת יהוה ויסבו בכל ערי יהודה וילמדו בעם 9
Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.
ויהי פחד יהוה על כל ממלכות הארצות אשר סביבות יהודה ולא נלחמו עם יהושפט 10
Alò, lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat.
ומן פלשתים מביאים ליהושפט מנחה--וכסף משא גם הערביאים מביאים לו צאן אילים שבעת אלפים ושבע מאות ותישים שבעת אלפים ושבע מאות 11
Kèk nan Filisten yo te pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit.
ויהי יהושפט הלך וגדל עד למעלה ויבן ביהודה בירניות וערי מסכנות 12
Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda.
ומלאכה רבה היה לו בערי יהודה ואנשי מלחמה גבורי חיל בירושלם 13
Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo.
ואלה פקדתם לבית אבותיהם ליהודה שרי אלפים-- עדנה השר ועמו גבורי חיל שלש מאות אלף 14
Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj;
ועל ידו יהוחנן השר ועמו מאתים ושמונים אלף 15
epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj;
ועל ידו עמסיה בן זכרי המתנדב ליהוה ועמו מאתים אלף גבור חיל 16
epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj.
ומן בנימן--גבור חיל אלידע ועמו נשקי קשת ומגן מאתים אלף 17
Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans,
ועל ידו יהוזבד ועמו מאה ושמונים אלף חלוצי צבא 18
epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè.
אלה המשרתים את המלך מלבד אשר נתן המלך בערי המבצר--בכל יהודה 19
Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo.

< דברי הימים ב 17 >