< Sofoni 1 >

1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.
The word of the LORD which came to Zephaniah, the son of Cushi, the son of Gedaliah, the son of Amariah, the son of Hezekiah, in the days of Josiah, the son of Amon, king of Judah.
2 “Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.
I will utterly sweep away everything off of the surface of the earth, says the LORD.
3 Mwen va retire ni lòm, ni bèt. Mwen va retire zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a.
I will sweep away people and animals. I will sweep away the birds of the sky, and the fish of the sea, and the idols that cause the wicked to stumble. I will remove humankind from the surface of the earth, says the LORD.
4 Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout prèt zidòl yo,
I will stretch out my hand against Judah, and against all the inhabitants of Jerusalem. I will cut off the remnant of Baal from this place, the name of the idolatrous priests along with the priests,
5 sila ki adore sou twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa Milcom,
those who worship the host of heaven on the housetops, those who worship and swear by the LORD and also swear by Milcom,
6 sila ki te vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”
those who have turned back from following the LORD, and those who haven't sought the LORD nor inquired after him.
7 Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo.
Be silent at the presence of the LORD, for the day of the LORD is at hand. For the LORD has prepared a sacrifice. He has consecrated his guests.
8 Li va vin rive nan jou sakrifis SENYÈ a, ke mwen va pini prens yo, fis a wa yo, ak tout sila ki abiye ak vètman etranje yo.
It will happen in the day of the LORD's sacrifice that I will punish the princes, the king's sons, and all those who are clothed with foreign attire.
9 Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.
In that day, I will punish all those who leap over the threshold, who fill their master's house with violence and deceit.
10 Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo.
On that day, says the LORD, there will be the noise of a cry from the Fish Gate, a wailing from the Second Quarter, and a loud crash from the hills.
11 Rele “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt.
Wail, you inhabitants of the market district, for all the merchants will be destroyed, and all those who weigh out silver will be removed.
12 Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki deside sou sa yo fin bwe, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!”
It will happen at that time that I will search Jerusalem with lamps, and I will punish the people who are complacent, who say in their heart, "The LORD will not do good, nor will he do harm."
13 Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
Their wealth will be looted and their houses a desolation. Yes, they will build houses, but won't inhabit them. They will plant vineyards, but won't drink their wine.
14 Pre rive se gran jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè.
The great day of the LORD is near. Near and approaching very rapidly. The cry on the day of the LORD is bitter. In it the warrior shouts his battle cry.
15 Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou tenèb ak dekourajman, youn jou nwaj yo ak gwo fènwa a.
That day is a day of wrath, a day of distress and anguish, a day of devastation and ruin, a day of clouds and thick darkness,
16 Yon jou twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo.
a day of the trumpet and battle cry against the fortified cities, and against the high corner towers.
17 Mwen va mennen gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt.
I will bring distress on the people, that they will walk like blind men, because they have sinned against the LORD, and their blood will be poured out like dust, and their flesh like dung.
18 Ni ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
Neither their silver nor their gold will be able to deliver them in the day of the LORD's wrath, but the whole land will be devoured by the fire of his jealousy; for he will bring terrifying destruction on all the inhabitants of the land.

< Sofoni 1 >