< Sofoni 2 >
1 Rasanble nou ansanm, wi rasanble nou, O nasyon ki pa gen wont,
Саберите се, саберите се, народе немили.
2 avan dekrè a vini— avan jou pase tankou pay vannen —avan chalè vyolan SENYÈ a vin rive sou nou, avan jou a kòlè SENYÈ a vin rive sou nou.
Док није изашао суд, и дан прошао као плева, док није дошао на вас љути гнев Господњи, док није дошао на вас дан гнева Господњег.
3 Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a.
Тражите Господа сви који сте кротки у земљи, који чините шта је наредио; тражите правду, тражите кротост, еда бисте се сакрили на дан гнева Господњег.
4 Paske Gaza va vin abandone, e Askalon va vin yon kote dezole. Asdod va chase mete deyò nan mitan jounen, e Ékron va vin dechouke.
Јер ће се Газа оставити и Аскалон ће опустети; Азот ће се одагнати у подне и Акарон ће се искоренити.
5 Malè pou sila ki rete kote lanmè yo, nasyon a Keretyen yo! Pawòl SENYÈ a kont ou, O Canaran, peyi Filisten yo! Mwen va detwi nou jiskaske pa gen moun ki rete la ankò.
Тешко онима који живе по бреговима морским, народу херетејском: реч је Господња на вас, Ханане, земљо филистејска, ја ћу те затрти да не буде становника у теби.
6 Konsa bò kot lanmè a va tounen patiraj pou bèt, avèk kay pou bèje e pak pou bann mouton yo.
И брегови ће морски бити станови и јаме пастирске и торови за стада.
7 Epi kot lanmè a va apatyen a retay lakay Juda a. Yo va fè patiraj yo sou li. Nan kay Askalon yo, yo va kouche nan aswè; paske SENYÈ Bondye yo a va pran swen yo e restore davni yo.
И тај ће крај бити остатку дома Јудиног; онде ће пасти; у домовима ће аскалонским легати увече; јер ће их походити Господ Бог њихов и повратити робље њихово.
8 Mwen te tande lè Moab t ap vekse nou. Ak malediksyon a fis Ammon yo, ke yo t ap vekse pèp Mwen an, e te fè tèt yo vin plen ògèy kont lizyè pa yo a.
Чуо сам руг Моавов и укоре синова Амонових којима ружише мој народ, и раширише се преко међа њихових.
9 Akoz sa, jan Mwen vivan an, deklare SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Anverite, Moab va vin tankou Sodome e fis a Ammon yo tankou Gomorrhe— yon kote plen pikan, yon twou plen sèl, yon kote devaste nèt. Retay a pèp Mwen an va piyaje yo, e sila ki rete nan nasyon Mwen an, va eritye yo.”
Зато, тако ја био жив, говори Господ над војскама, Бог Израиљев, Моав ће бити као Содом и синови Амонови као Гомор, место копривама, и сланица и вечна пустош; остатак народа мог оплениће их, и који остану од народа мог наследиће их.
10 Se sa yo va twouve kon rekonpans ògèy yo, akoz yo te vekse, e te vin awogan kont pèp a SENYÈ dèzame yo.
То ће им бити за поноситост њихову; јер ружише народ Господа над војскама и подизаше се на Њ.
11 SENYÈ a va vin tèrib pou yo, paske Li va fè tout dye teritwa yo mouri ak grangou. Konsa, tout moun, depi nan nasyon yo va adore Li, yo chak nan pwòp plas yo.
Страшан ће им бити Господ, јер ће истребити све богове земаљске, и Њему ће се клањати сваки из свог места, сва острва народна.
12 Nou menm tou Etyopyen yo, nou va detwi pa nepe Mwen.
И ви, Етиопљани, бићете побијени мачем мојим.
13 Li va lonje men Li kont nò pou detwi Assyrie, e li va fè Ninive vin yon kote dezole, sèk tankou dezè.
И дигнуће руку своју на север, и затрће Асирску, и Ниневију ће опустети да буде сува као пустиња.
14 Bann bèt sovaj va vin kouche nan mitan l, tout kalite bèt yo. Grangozye, ni zagoudi va vin rete sou gran vil li yo. Vwa yo va chante nan fenèt yo. Papòt yo va rete dezole, paske Li te devwale nèt tout gran travès bwa sèd yo.
И у њој ће лежати стада, свакојако зверје између народа, и гем и ћук ноћиваће на довратницима њеним; гласом ће певати на прозорима; пустош ће бити на праговима, јер ће се поскидати кедровина.
15 Sa se gwo vil ki plen ak kè kontan, ki te viv san refleshi. Li te di nan kè l: “Se Mwen, e nanpwen sòf ke mwen.” Ala dezole li vin dezole! Yon kote pou bèt repoze yo. Tout moun ki pase kote l va soufle kon koulèv, e va voye pwen mare yo anlè sou li.
Такав ће бити весели град, који седи без бриге, који говори у срцу свом: Ја сам, и осим мене нема другог. Како опусте! Поста ложа зверју! Ко год прође мимо њ звиждаће и махати руком.