< Zakari 9 >

1 Yon revelasyon. Pawòl SENYÈ a kont peyi Hadrac la, e l ap poze sou Damas, paske zye a lòm ak tout trib Israël se vè SENYÈ a,
Beszédje az Örökkévaló igéjének Chadrák országáról, és Damaszkus az ő alászállásának helye; mert az Örökkévalónak szeme van az emberekre, meg Izraélnek mind a törzseire;
2 epi osi vè Hamath, ki nan lizyè li a; Tyr ak Sidon paske yo saj anpil.
Chamátra is, mely azzal határos, Czórra meg Czidónra, noha az nagyon bölcs.
3 Paske Tyr te bati pou kont li yon fò; li te fè depo ajan tankou pousyè, ak depo lò tankou labou nan lari.
Épített Czór magának várat – s fölhalmozott ezüstöt, mint a por, meg aranyat, mint az utczák sara.
4 Gade byen, SENYÈ a va rache tout sa li posede, e jete tout richès li yo nan lanmè. Li va devore nèt ak dife a.
Íme az Úr kikergeti s a tengerbe dönti bástyáját, ő maga pedig tűz által emésztetik meg.
5 Askalon va wè l e vin pè. Anplis, gaza va tòde ak gwo doulè; epi Ékron, pou sa li te atann va desi. Anplis ke sa, wa a va peri Gaza e Askalon va vin pa gen moun.
Lássa Askelón és féljen, Azza és reszkessen nagyon, Ekrón is, mert szégyent vallott az, kire tekintett; majd kivesz király Azzából, Askelón pedig nem lesz lakva.
6 Yon ras mele va vin rete Asdod e Mwen va rache ògèy a Filisten yo.
Lakni fog fattyú-fajzat Asdódban, és kiirtom a filiszteusok büszkeségét.
7 Mwen va retire san li, soti nan bouch li, ak abominasyon soti nan mitan dan l yo. Konsa, yo va devni osi yon retay pou Bondye nou an. Yo va tankou yon chèf pou Juda, e Ékron va tankou Jebizyen yo.
És eltávolítom vérbűnét szájából és undokságait fogai közül, hogy maradjon ő is Istenünknek; és lészen mint valamely nemzetség Jehúdában és Ekrón olyan, mint a Jebúszi.
8 Mwen va kanpe antoure kay Mwen an kont lame a, pou pèsòn moun pa travèse oswa retounen. Konsa, p ap gen moun k ap travèse pou oprime yo ankò. Paske koulye a, ak zye pa m, Mwen wè.
És táborozok házam mellett sereg ellen, járó-kelő ellen, és nem vonul át többé rajtuk elnyomó, mert most láttam, szemeimmel.
9 Rejwi anpil, O fi a Sion an! Kriye yon son viktwa, O fi a Sion an! Gade byen wa ou ap vini kote ou; Li jis e Li gen Sali; Li enb e Li monte sou yon bourik, menm yon jenn pòtre, pitit a yon bourik.
Vigadj nagyon, Czión leánya, riadozzál, Jeruzsálem leánya! Íme a királyod jön hozzád, igazságos és győztes ő; szegény és szamáron nyargal, vemhén, nőstény szamárnak a fián
10 Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.
kiirtok szekérhadat Efraimból és lovat Jeruzsálemből, kiírtatik a harcznak íjja – majd békét beszél a nemzeteknek, uralma pedig tengertől tengerig, s a folyamtól a föld végéig.
11 Menmjan an pou ou menm tou, akoz san akò Mwen an ki avèk ou, Mwen te mete prizonye ou yo an libète soti nan twou fòs ki pa gen dlo a.
Te is – szövetségednek vérénél fogva szabadon bocsátottam a te foglyaidat gödörből, melyben víz nincsen.
12 Retounen nan sitadèl la, O prizonye ki gen lespwa a! Nan jou sa a menm, Mwen deklare ke Mwen va remèt ou doub de sa.
Térjetek vissza erősséghez, reménynek foglyai ti! E napon is hirdetem: kétszereset fizetek neked.
13 Paske Mwen te koube Juda konsi se te banza Mwen. Mwen te plen banza a avèk Éphraïm. Mwen va fè leve fis ou yo, O Sion, kont fis ou yo, O Grèce, e Mwen va fè ou vin tankou nepe a yon gèrye pwisan.
Mert feszítettem magamnak Jehúdát, íjjképen fegyverkeztem Efraimmal, fölébresztem fiaidat, Czión, a te fiad ellen, Jáván; és olyanná teszlek, mint hősnek kardja.
14 Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo, e flèch Li va pati tankou kout loray. Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, e Li va mache nan van tanpèt sid yo.
Az Örökkévaló pedig megjelenik fölöttük, előtör mint a villám az ő nyila; s az Úr, az Örökkévaló, megfúja a harsonát és jár a délnek viharaiban.
15 SENYÈ dèzame yo va defann yo. Yo va devore, e yo va foule anba pye ak tout wòch fistibal yo. Yo va bwè, e fè bwi tankou se diven y ap bwè. Epi yo va vin ranpli tankou basen sakrifis, tankou kwen lotèl yo.
Az Örökkévaló, a seregek ura, megvédi őket; letaposván parittyaköveket, esznek és isznak és zajonganak mint bortól, és megtelnek mint a medencze, mint az oltárnak szögletei.
16 Konsa SENYÈ a, Bondye yo a, va sove yo nan jou sa a, tankou foul moun a pèp Li a; paske yo tankou wòch presye, bijou yon kouwòn k ap klere toupatou anwo tout peyi Li a.
S megsegíti őket az Örökkévaló, az ő Istenük ama napon mint népét-nyáját, mert koronának kövei ők, melyek tündökölnek az ő földjén.
17 Paske a la gran, bonte Li va gran, e a la gran, bèlte Li va gran! Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere ak diven nèf pou vyèj yo.
Igenis mekkora a jelessége és mekkora szépsége: gabna az ifjakat és must virultatja a hajadonokat.

< Zakari 9 >