< Zakari 8 >
1 Pawòl SENYÈ Dèzame yo te vini kote mwen. Li te di:
万軍の主の言葉がわたしに臨んだ、
2 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Mwen jalou anpil pou Sion; wi, ak gwo kòlè Mwen jalou pou li.”
「万軍の主は、こう仰せられる、『わたしはシオンのために、大いなるねたみを起し、またこれがために、大いなる憤りをもってねたむ』。
3 Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”
主はこう仰せられる、『わたしはシオンに帰って、エルサレムの中に住む。エルサレムは忠信な町ととなえられ、万軍の主の山は聖なる山と、となえられる』。
4 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Va gen ni granmoun gason, ni granmoun fanm nan ri a Jérusalem yo. Chak gason ak baton nan men l akoz anpil laj li.
万軍の主は、こう仰せられる、『エルサレムの街路には再び老いた男、老いた女が座するようになる。みな年寄の人々で、おのおのつえを手に持つ。
5 Epi ri vil yo va vin ranpli ak jenn gason, e jenn fi k ap jwe nan ri yo tou.”
またその町の街路には、男の子、女の子が満ちて、街路に遊び戯れる』。
6 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Si sa parèt etonnan nan zye a retay pèp sila a, nan jou sa yo, èske sa va parèt etonnan tou nan zye pa m?” deklare SENYÈ Dèzame yo.
万軍の主は、こう仰せられる、『その日には、たとい、この民の残れる者の目に、不思議な事であっても、それはわたしの目にも、不思議な事であろうか』と万軍の主は言われる。
7 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Gade byen, Mwen va sove pèp Mwen soti nan peyi lès la, e soti nan peyi lwès la.
万軍の主は、こう仰せられる、『見よ、わが民を東の国から、また西の国から救い出し、
8 Mwen va mennen yo vin rete nan mitan Jérusalem. Yo va pèp Mwen, e Mwen va Bondye yo nan laverite ak ladwati.”
彼らを連れてきて、エルサレムに住まわせ、彼らはわが民となり、わたしは彼らの神となって、共に真実と正義とをもって立つ』」。
9 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati.
万軍の主は、こう仰せられる、「万軍の主の家である宮を建てるために、その礎をすえた日からこのかた、預言者たちの口から出たこれらの言葉を、きょう聞く者よ、あなたがたの手を強くせよ。
10 Paske avan jou sa yo, pa t gen salè pou moun, pa t gen salè bèt; pa t gen lapè nonplis pou sila ki t ap antre oswa ki t ap soti, akoz lènmi li yo. Paske Mwen te mete tout moun kont pwochen yo.
この日の以前には、人も働きの価を得ず、獣も働きの価を得ず、また出る者もはいる者も、あだのために安全ではなかった。わたしはまた人々を相たがいにそむかせた。
11 Men koulye a, Mwen p ap aji ak retay pèp sa a tankou nan tan ansyen yo,” deklare SENYÈ Dèzame yo.
しかし今は、わたしのこの民の残れる者に対することは、さきの日のようではないと、万軍の主は言われる。
12 “Paske va gen semans lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye tout bagay sa yo.
そこには、平和と繁栄との種がまかれるからである。すなわちぶどうの木は実を結び、地は産物を出し、天は露を与える。わたしはこの民の残れる者に、これをことごとく与える。
13 Li va vin rive ke menm jan nou te yon madichon pami nasyon yo, O lakay Juda, konsa Mwen va sove nou, pou nou kapab devni yon benediksyon. Pa pè, men kite men nou rete dyanm.”
ユダの家およびイスラエルの家よ、あなたがたが、国々の民の中に、のろいとなっていたように、わたしはあなたがたを救って祝福とする。恐れてはならない。あなたがたの手を強くせよ」。
14 Paske konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Menm jan ke Mwen te gen entansyon fè nou mal lè papa zansèt nou yo te pwovoke Mwen a lakòlè a,” pale SENYÈ Dèzame yo, “epi Mwen pa t ap repanti,
万軍の主は、こう仰せられる、「あなたがたの先祖が、わたしを怒らせた時に、災を下そうと思って、これをやめなかったように、万軍の主は言われる
15 konsa ankò, Mwen te pran desizyon nan jou sila yo pou fè byen pou Jérusalem ak lakay Juda. Pa pè!
そのように、わたしはまた今日、エルサレムとユダの家に恵みを与えよう。恐れてはならない。
16 Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo.
あなたがたのなすべき事はこれである。あなたがたは互に真実を語り、またあなたがたの門で、真実と平和のさばきとを、行わなければならない。
17 Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.
あなたがたは、互に人を害することを、心に図ってはならない。偽りの誓いを好んではならない。わたしはこれらの事を憎むからであると、主は言われる」。
18 Epi pawòl SENYÈ Dèzame yo te vin kote mwen. Li te di:
万軍の主の言葉がわたしに臨んだ、
19 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk lanmou, laverite ak lapè.”
「万軍の主は、こう仰せられる、四月の断食と、五月の断食と、七月の断食と、十月の断食とは、ユダの家の喜び楽しみの時となり、よき祝の時となる。ゆえにあなたがたは、真実と平和とを愛せよ。
20 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Li va toujou rive ke pèp nasyon yo va vini, pèp a anpil vil.
万軍の主は、こう仰せられる、もろもろの民および多くの町の住民、すなわち、一つの町の住民は、他の町の人々のところに行き、
21 Pèp k ap viv nan yon nasyon va ale nan yon lòt e va di: ‘Annou ale vit chache favè SENYÈ a, e chache SENYÈ Dèzame yo. Mwen menm tou, mwen prale.’
『われわれは、ただちに行って、主の恵みを請い、万軍の主に呼び求めよう』と言うと、『わたしも行こう』と言う。
22 Konsa anpil pèp ak nasyon pwisan va vin chache SENYÈ Dèzame yo nan Jérusalem, e pou mande favè SENYÈ a.”
多くの民および強い国民はエルサレムに来て、万軍の主を求め、主の恵みを請う。
23 Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Nan jou sila yo, dis mesye ki nan tout nasyon yo va kenbe vètman an sila ki Jwif la, e va di: ‘Na p ale avèk ou, paske nou tande ke Bondye avèk ou.”’
万軍の主は、こう仰せられる、その日には、もろもろの国ことばの民の中から十人の者が、ひとりのユダヤ人の衣のすそをつかまえて、『あなたがたと一緒に行こう。神があなたがたと共にいますことを聞いたから』と言う」。