< Zakari 6 >

1 Alò, mwen te leve zye m ankò pou m te gade, e vwala te gen kat cha ki t ap soti parèt antre de mòn. Mòn yo te mòn ki fèt an bwonz.
Mwen fè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat cha lagè ki t'ap soti nan fant de mòn fèt an kwiv.
2 Nan premye cha a, te gen cheval wouj. Nan dezyèm cha a, te gen cheval nwa.
Premye cha a te gen chwal wouj ki t'ap rale l'. Dezyèm cha a te gen chwal nwa ki t'ap rale l'.
3 Nan twazyèm cha a te gen cheval blan. Nan katriyèm cha a, te gen cheval takte yo, tout nan yo byen dyanm.
Twazyèm cha a te gen chwal blan ki t'ap rale l'. Katriyèm cha a te gen chwal takte wouj ki t'ap rale l'.
4 Konsa mwen te pale. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye, mèt mwen?”
Mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Sa sa yo ye, mèt?
5 Zanj lan te reponn mwen. Li te di: “Sa yo se kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a.
Zanj lan reponn mwen: -Se kat van ki fèk soti devan Mèt tout latè a.
6 Cha kote cheval nwa yo ye a ap prale nan peyi nò a, epi blan yo te soti dèyè yo. Epi takte yo ap prale nan peyi sid la.”
Cha chwal nwa yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò nò a. Cha chwal blan yo t'ap rale a pran menm direksyon an. Cha chwal takte wouj yo t'ap rale a pran direksyon peyi ki sou bò sid la.
7 Konsa, cheval ki dyanm yo te ale. Yo te sòti pou yo ta ka mache ale retou sou tout latè. Konsa, yo te mache ale retou sou latè a.
Lè chwal takte wouj yo parèt, yo t'ap pyafe, yo pa t' ka tann ankò pou y' al toupatou sou latè. Zanj lan di yo: -Ale toupatou sou latè! Yo kouri ale toupatou sou latè.
8 Answit, li te rele m. Li te pale pou di m: “Gade byen, yo se sila k ap prale vè peyi nò a, e yo te apeze chalè kòlè Mwen nan peyi nò a.”
Lèfini, zanj lan rele m', li di m' konsa: -Chwal ou wè ki pran direksyon peyi ki sou bò nò a fè kòlè Seyè a tonbe.
9 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:
10 “Pran yon ofrann soti nan egzile yo, soti nan Heldaï, Tobija, ak Jedaeja. Ale nan menm jou a e antre lakay Josias, fis a Sophonie an, kote yo soti Babylone nan.
-W'a pran ofrann moun ki soti nan peyi kote yo te depòte yo a: Eldayi, Tobija ak Jedaya. W'a ale lakay Jozyas, pitit gason Sofoni an, ki fèk rive soti lavil Babilòn.
11 Pran ajan ak lò, fè yon kouwòn byen bèl, e mete li sou tèt a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la.
W'a pran ajan ak lò yo te ba ou yo, w'a fè yon kouwòn, w'a mete l' sou tèt Jozye, pitit gason Jozadak la, granprèt la.
12 Epi di a li menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, nonm ki gen non ki rele Scion an. Li va grandi soti kote Li ye a, e Li va bati tanp SENYÈ a.
Lèfini, w'a pale avè l', w'a di l': Men sa Seyè a di: Men moun yo rele Boujon an. Li pral pouse kote li ye a. Li pral rebati kay ki apa pou Seyè a.
13 Wi, se Li menm ki va bati tanp SENYÈ a. Li va pote laglwa, e Li va chita pou gouvène sou twòn Li an. Konsa, Li va yon prèt ki chita sou twòn Li, e konsey lapè a va antre yo de.’”
Se li menm ki pral rebati kay ki apa pou Seyè a. Yo pral konsidere l' tankou yon wa. Li pral chita sou fòtèy la pou l' gouvènen pèp mwen an. Va gen yon prèt bò kote l'. Y'a travay ansanm ak kè poze.
14 Alò kouwòn yo va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an.
Kouwòn lan menm va rete nan kay ki apa pou Seyè a. L'a sèvi pou fè moun toujou chonje Eldayi, Tobija, Jedaja ak Jozyas, pitit gason Sofoni an.
15 Sila ki lwen yo va vin bati nan tanp SENYÈ a.” Konsa ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen vè nou. Sa va vin rive si nou obeyi nèt SENYÈ a, Bondye nou an.
Moun ki rete byen lwen va vini, y'a ede nou rebati tanp Seyè a. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou. Se sa menm ki va rive si nou fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou lòd fè.

< Zakari 6 >