< Zakari 4 >
1 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te retounen. E te Li te fè m Leve tankou yon nonm yo te leve soti nan dòmi.
Potem nawrócił się Anioł, który mówił zemną, i obudził mię, jako gdy kto budzony bywa ze snu swego;
2 Li te di m: “Kisa ou wè?” Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bobèch pou chak lanp ki sou li yo.
I rzekł do mnie: Cóż widzisz? I rzekłem: Widzę, a oto świecznik wszystek złoty, a czasza na wierzchu jego, i siedm lamp jego na nim, siedm też nalewek do onych siedmiu lamp, które są na wierzchu jego;
3 Anplis, gen de bwa doliv yo sou kote li, youn sou kote dwat bòl la, e lòt la sou kote goch la.”
Dwie też oliwy przytem, jedna po prawej stronie czaszy, a druga po lewej stronie jej.
4 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan. Mwen te di: “Kisa sa yo ye mèt mwen?”
Tedy odpowiadając rzekłem do Anioła, który mówił zemną, mówiąc: Cóż to jest, panie mój?
5 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te reponn. Li te di m: “Èske ou pa konnen kisa sa yo ye?” Mwen te reponn: “Non, mèt mwen.”
I odpowiedział Anioł, który mówił zemną, i rzekł mi: Izaż nie wiesz, co to jest? I rzekłem: Nie wiem, panie mój!
6 Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: ‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo.
Tedy odpowiadając rzekł do mnie, mówiąc: Toć jest słowo Pańskie do Zorobabela mówiące: Nie wojskiem ani siłą stanie się to, ale duchem moim, mówi Pan zastępów.
7 ‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”
Cóżeś ty jest, o góro wielka! przeciwko Zorobabelowi? Równina; bo on wywiedzie kamień główny z głośnym okrzykiem: Łaska, łaska nad nim.
8 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
I stało się słowo Pańskie do mnie, mówiąc:
9 “Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa. Se men l k ap fin fè l. Konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou.
Ręce Zorobabelowe założyły dom ten, i ręce jego dokonają go; a dowiesz się, że Pan zastępów posłał mię do was.
10 Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se zye SENYÈ a k ap veye toupatou sou tout tè a.”
Bo któżby wzgardził dniem małych początków? ponieważ się weselą, patrząc na ten kamień, to jest, na prawidło w ręce Zorobabelowej, na te siedm oczów Pańskich przechodzących wszystkę ziemię.
11 Mwen te di li: “Se kisa de bwa doliv sila yo ki sou kote dwat ak sou kote goch a chandelye yo ye?”
Tedy odpowiadając rzekłem mu: Cóż są te dwie oliwy po prawej stronie tego świecznika, i po lewej stronie jego?
12 Mwen te mande l yon dezyèm fwa. Mwen te di li: “Se kisa de branch doliv sila yo ki sou kote de tij an lò k ap vide lwil an lò k ap soti nan yo a?”
Znowu odpowiadając rzekłem mu: Cóż są te dwie oliwki, które są między dwoma rurkami złotemi, które z siebie złoto wylewają?
13 Li te reponn mwen, e te di: “Èske ou pa konnen kisa yo ye?” Mwen te di: “Non mèt mwen.”
Tedy rzekł do mnie, mówiąc: Izali nie wiesz, co to jest? Rzekłem: Nie wiem, Panie mój.
14 Li te di: “Sa yo se de moun onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.”
I rzekł: Teć są one dwie oliwy, które są u Panującego na wszystkiej ziemi.