< Zakari 2 >

1 Konsa, Mwen te leve zye m gade, e vwala, te gen yon nonm ak yon lign mezi nan men l.
我又举目观看,见一人手拿准绳。
2 Konsa mwen te di: “Ki kote ou prale la a?” Li te di mwen: “Pou mezire Jérusalem, pou wè ki lajè li genyen, ak longè li.”
我说:“你往哪里去?”他对我说:“要去量耶路撒冷,看有多宽多长。”
3 Epi vwala zanj ki t ap pale avèk mwen an te sòti, e yon lòt zanj te vin parèt pou rankontre avè l.
与我说话的天使去的时候,又有一位天使迎着他来,
4 Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a, pou di l: ‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann.
对他说:“你跑去告诉那少年人说,耶路撒冷必有人居住,好像无城墙的乡村,因为人民和牲畜甚多。
5 Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.
耶和华说:我要作耶路撒冷四围的火城,并要作其中的荣耀。”
6 “‘Vini! Vini! Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a.
耶和华说:“我从前分散你们在天的四方,现在你们要从北方之地逃回。这是耶和华说的。
7 ‘Vini Sion! Kouri chape poul nou, nou ki rete ak fi a Babylone nan.’
与巴比伦人同住的锡安民哪,应当逃脱。
8 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li.
万军之耶和华说,在显出荣耀之后,差遣我去惩罚那掳掠你们的列国,摸你们的就是摸他眼中的瞳人。
9 Paske, gade byen, Mwen va souke men M sou yo, e yo va vin piyaj pou sila ki te sèvi yo. Epi konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen.
看哪,我要向他们抡手,他们就必作服事他们之人的掳物,你们便知道万军之耶和华差遣我了。
10 Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a.
锡安城啊,应当欢乐歌唱,因为我来要住在你中间。这是耶和华说的。”
11 Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou.
那时,必有许多国归附耶和华,作他的子民。他要住在你中间,你就知道万军之耶和华差遣我到你那里去了。
12 SENYÈ a va posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va chwazi Jérusalem ankò.
耶和华必收回犹大作他圣地的分,也必再拣选耶路撒冷。
13 Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”
凡有血气的都当在耶和华面前静默无声;因为他兴起,从圣所出来了。

< Zakari 2 >