< Zakari 11 >

1 Ouvri pòt ou yo, O Liban, pou dife ka devore bwa sèd ou yo.
黎巴嫩哪,开开你的门, 任火烧灭你的香柏树。
2 Rele anmwey, O pye siprè a, paske bwa sèd la fin tonbe, akoz bèl ab plen ak glwa yo fin detwi. Rele anmwey, O bwadchenn a Basan yo, paske gran forè a fin tonbe.
松树啊,应当哀号; 因为香柏树倾倒,佳美的树毁坏。 巴珊的橡树啊,应当哀号, 因为茂盛的树林已经倒了。
3 Men yon vwa kriye lamantasyon a bèje yo! Paske glwa gran fore yo fin detwi; yon vwa jenn lyon k ap gwonde a! Paske ògèy Jourdain nan fin kraze nèt.
听啊,有牧人哀号的声音, 因他们荣华的草场毁坏了。 有少壮狮子咆哮的声音, 因约旦河旁的丛林荒废了。
4 Konsa pale SENYÈ a, Bondye mwen an: “Nouri bann mouton k apkòche a.
耶和华—我的 神如此说:“你—撒迦利亚要牧养这将宰的群羊。
5 Sila ki achte yo, kòche yo, e rete san koupabilite. Sila ki vann yo va di: ‘Beni se SENYÈ a, paske mwen vin rich!’ Epi pwòp bèje pa yo pa menm gen pitye pou yo.
买他们的宰了他们,以自己为无罪;卖他们的说:‘耶和华是应当称颂的,因我成为富足。’牧养他们的并不怜恤他们。
6 Paske Mwen p ap fè pitye ankò pou pèp peyi a,” deklare SENYÈ a; “men gade byen, Mwen va delivre tout mesye yo, yo tout anba men pwochen yo, e anba pouvwa a wa li a. Y ap frape peyi a, e Mwen p ap delivre yo anba pouvwa yo.”
耶和华说:‘我不再怜恤这地的居民,必将这民交给各人的邻舍和他们王的手中。他们必毁灭这地,我也不救这民脱离他们的手。’”
7 Konsa, mwen te nouri bann mouton pou kòche a; soutou, aflije nan bann mouton yo. Mwen te pran pou mwen de baton: youn mwen te rele Gras e lòt la, mwen te rele li Tèt Ansanm. Konsa, mwen te nouri bann mouton an.
于是,我牧养这将宰的群羊,就是群中最困苦的羊。我拿着两根杖,一根我称为“荣美”,一根我称为“联索”。这样,我牧养了群羊。
8 Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou.
一月之内,我除灭三个牧人,因为我的心厌烦他们;他们的心也憎嫌我。
9 Epi mwen te di: “Mwen p ap nouri nou. Sa ki fèt pou mouri, kite l mouri, e sa ki fèt pou koupe retire nèt, kite l koupe retire. Epi konsa, kite sila ki rete yo manje chè youn lòt.”
我就说:“我不牧养你们。要死的,由他死;要丧亡的,由他丧亡;余剩的,由他们彼此相食。”
10 Mwen te pran baton Gras la, e mwen te koupe li an twa mòso pou m te kab kraze akò ke m te fè ak tout pèp la.
我折断那称为“荣美”的杖,表明我废弃与万民所立的约。
11 Konsa, li te kraze nan jou sa a. Epi konsa, aflije nan bann mouton yo ki t ap gade mwen an, te vin konprann ke se te pawòl SENYÈ a.
当日就废弃了。这样,那些仰望我的困苦羊就知道所说的是耶和华的话。
12 Mwen te di yo: “Si sa bon nan zye nou, peye m salè mwen an, men si se pa sa, pa okipe w.” Konsa, yo te peze trant sik ajan kòm salè mwen an.
我对他们说:“你们若以为美,就给我工价。不然,就罢了!”于是他们给了三十块钱作为我的工价。
13 Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Jete sa vè bòs potye a—pri manyifik valè M ki te estime pa yo menm nan!” Konsa, mwen te pran trant sik ajan, e mwen te jete yo vè bòs potye a, lakay SENYÈ a.
耶和华吩咐我说:“要把众人所估定美好的价值丢给窑户。”我便将这三十块钱,在耶和华的殿中丢给窑户了。
14 Epi mwen te koupe an mòso dezyèm baton ki rele Tèt Ansanm nan, pou kraze fratènite ki te egziste antre Juda ak Israël la.
我又折断称为“联索”的那根杖,表明我废弃犹大与以色列弟兄的情谊。
15 SENYÈ a te di mwen: “Pran ankò pou ou menm, enstriman a yon bèje ki san konprann.
耶和华又吩咐我说:“你再取愚昧牧人所用的器具,
16 Paske, gade byen, Mwen ap fè leve yon bèje nan peyi a, yon bèje ki p ap vizite sila ke yo koupe retire yo, ni chache sila ke yo gaye yo, ni geri sila ki aflije a, ni nouri sila ki ansante a, men li va devore chè a mouton gra yo, e li va menm chire retire zago yo.
因我要在这地兴起一个牧人。他不看顾丧亡的,不寻找分散的,不医治受伤的,也不牧养强壮的;却要吃肥羊的肉,撕裂它的蹄子。
17 Malè a bèje san valè ki abandone bann mouton an! Nepe va sou bra li ak sou zye dwat li! Bra li va vin seche nèt e zye dwat la va vin avèg nèt.”
无用的牧人丢弃羊群有祸了! 刀必临到他的膀臂和右眼上。 他的膀臂必全然枯干; 他的右眼也必昏暗失明。”

< Zakari 11 >