< Zakari 1 >

1 Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a. Li te di:
Nan uityèm mwa dizyèm lanne rèy wa Dariyis, Seyè a pale ak pwofèt Zakari, ki te pitit Berekya, pitit pitit Ido. Li ba li mesaj sa a pou pèp la.
2 “SENYÈ a te fache anpil anpil avèk zansèt nou yo.
Li di li: -Mwen menm Seyè a, mwen te fache anpil sou zansèt nou yo.
3 Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo.
Men koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, men sa m' voye di nou: Tounen vin jwenn mwen, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se vre wi sa m'ap di nou la a.
4 “Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a.
Pa fè tankou zansèt nou yo. Nan tan lontan pwofèt yo te ba yo mesaj mwen. Yo te di yo: Men sa Seyè a di nou: Kite move chemen n'ap swiv la. Sispann fè sa ki mal. Men, yo pa t' koute m', yo fè tankou se pa avè yo m' t'ap pale. Se vre wi sa m'ap di la a.
5 Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan?
Kote zansèt nou yo ye koulye a? Eske pwofèt yo te ka viv san yo pa janm mouri?
6 Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo? “Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”
Men, sa m' te di nan pawòl ak lòd mwen te bay pwofèt yo, sèvitè m' yo, pou zansèt nou yo, èske sa pa rive yo vre? Lè sa a, yo vin règrèt sa yo te fè a. Yo rekonèt mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te pini yo pou jan yo t'ap viv la, pou tou sa yo te fè ki mal, jan mwen te soti pou m' fè l' la.
7 Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa:
Nan dezyèm lanne rèy wa Dariyis, vennkatriyèm jou nan onzyèm mwa a, mwa yo rele Cheba a, Seyè a bay pwofèt Zakari, pitit Berekya, pitit pitit Ido a, yon mesaj.
8 Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval blan.
Men ki jan pwofèt la rakonte l': -Mwen fè yon vizyon nan mitan lannwit: Mwen wè yon nonm sou yon chwal wouj. Li te kanpe nan mitan yon bann pye jasmen ki te nan yon ti fon anba pyebwa. Te gen yon chwal wouj, yon chwal alzan ak yon chwal blan kanpe dèyè do l'.
9 Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?” Epi zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.”
Mwen mande: -Kisa chwal sa yo ye menm, mèt? Zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen: -Mwen pral fè ou wè sa yo ye.
10 Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè patwouj sou latè.”
Nonm ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo pran lapawòl, li di m' konsa: -Se moun Seyè a te voye al wè sa k'ap pase toupatou sou latè.
11 Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen tout tè a kalm. Li gen lapè.”
Chwal yo pale ak zanj Bondye a ki te kanpe nan mitan pye jasmen yo, yo di l' konsa: -Nou te ale toupatou sou latè. Nou te wè tout moun chita byen dousman lakay yo, san bri san kont.
12 Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan swasann-dis ane sila yo?”
Lè sa a, zanj Seyè a pran lapawòl, epi li di: -Seyè ki gen tout pouvwa, sa fè swasanndizan depi ou ankòlè sou lavil Jerizalèm ak sou lavil Jida yo. Kilè w'a resi gen pitye pou yo?
13 SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme.
Seyè a reponn zanj ki t'ap pale avè m' lan. Li ba li bon pawòl pou remoute kouraj li.
14 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: “Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Mwen jalou depase pou Jérusalem ak Sion.
Lèfini, zanj ki t'ap pale avè m' lan di m': -Men sa pou ou fè moun yo konnen: Seyè ki gen tout pouvwa a pale. Li di: Mwen renmen lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an anpil anpil.
15 Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.”
Men, mwen move anpil sou nasyon k'ap mennen lavi dous yo. Mwen te fache sou pèp mwen an, se vre. Men, mwen pa t' twò fache pase sa. Men, nasyon yo pwofite, yo fè gwo malè sou li.
16 Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. Kay Mwen an va bati ladann l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.”’
Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap tounen vin jwenn lavil Jerizalèm ankò, m'ap gen pitye pou li. Yo pral rebati tanp mwen an nan lavil la. Jerizalèm pral kanpe ankò. Se mwen men, Seyè a, ki di sa:
17 “Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e chwazi Jérusalem ankò.”’”
Zanj lan di m': -Men yon lòt bagay pou fè yo konnen ankò. Seyè a pale, li di konsa: Lavil mwen yo pral wè zafè yo mache byen ankò. M'ap gen pitye pou mòn Siyon an ankò. Mwen pral chwazi lavil Jerizalèm pou li rele m' pa m' ankò.
18 Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn.
Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè kat kòn bèf.
19 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye?” Li te reponn mwen: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo.”
Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Kisa kòn sa yo ye, mèt? Li reponn mwen: -Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte moun peyi Jida yo, pèp Izrayèl la ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo.
20 SENYÈ a te montre mwen kat gwo bòs fòjewon.
Apre sa, Seyè a fè m' wè kat bòs fòjon ak mato nan men yo.
21 Mwen te di: “Se kisa sa yo ap vin fè?” Epi li te di: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a.”
Mwen mande l': -Kisa moun sa yo vin fè la a? Li reponn mwen: -Kòn sa yo, se nasyon ki te depòte tout pèp peyi Jida a, ki te fè tout moun Jida yo t'ap mache tèt bese. Men, bòs fòjon sa yo vini pou yo fè nasyon yo pè, pou kraze pouvwa tout nasyon ki t'ap pwofite sou pèp peyi Jida a, lèfini ki te gaye yo toupatou.

< Zakari 1 >