< Tit 2 >

1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
Du derimod, tal, hvad der sømmer sig for den sunde Lære:
2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
At gamle Mænd skulle være ædruelige, ærbare, sindige, sunde i Troen, i Kærligheden, i Udholdenheden;
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon
at gamle Kvinder ligeledes skulle skikke sig, som det sømmer sig hellige, ikke bagtale, ikke være forfaldne til megen Vin, men være Lærere i, hvad godt er,
4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo,
for at de maa faa de unge Kvinder til at besinde sig paa at elske deres Mænd og at elske deres Børn,
5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
at være sindige, kyske, huslige, gode, deres egne Mænd undergivne, for at Guds Ord ikke skal bespottes.
6 Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye.
Forman ligeledes de unge Mænd til at være sindige,
7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi,
idet du i alle Maader viser dig selv som et Forbillede paa gode Gerninger og i Læren viser Ufordærvethed, Ærbarhed,
8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.
sund, ulastelig Tale, for at Modstanderen maa blive til Skamme, naar han intet ondt har at sige om os.
9 Ankouraje esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon,
Forman Trælle til at underordne sig under deres egne Herrer, at være dem til Behag i alle Ting, ikke sige imod,
10 pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.
ikke besvige, men vise al god Troskab, for at de i alle Maader kunne være en Pryd for Guds, vor Frelsers Lære.
11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun
Thi Guds Naade er bleven aabenbaret til Frelse for alle Mennesker
12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; (aiōn g165)
og opdrager os til at forsage Ugudeligheden og de verdslige Begæringer og leve sindigt og retfærdigt og gudfrygtigt i den nærværende Verden; (aiōn g165)
13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri
forventende det salige Haab og den store Guds og vor Frelsers Jesu Kristi Herligheds Aabenbarelse,
14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.
han, som gav sig selv for os, for at han maatte forløse os fra al Lovløshed og rense sig selv et Ejendomsfolk, nidkært til gode Gerninger.
15 Pale, egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.
Tal dette, og forman og irettesæt med al Myndighed; lad ingen ringeagte dig!

< Tit 2 >