< Tit 1 >
1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, e yon apot Jésus Kri, pou lafwa a sila ki te chwazi pa Bondye yo, ak konesans verite ki an akò avèk vi sentete a,
Paul, a servant of God, and an apostle of Jesus Christ, according to the faith of God’s elect, and the knowledge of the truth which is according to godliness,
2 nan espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo. (aiōnios )
in hope of eternal life, which God, who cannot lie, promised before times eternal; (aiōnios )
3 Men nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a Bondye a, Sovè nou an,
but in his own seasons manifested his word in the message, wherewith I was intrusted according to the commandment of God our Saviour;
4 a Tite vrè pitit mwen nan yon lafwa ke nou pataje ansanm: Lagras ak lapè Bondye, Papa a, ak Kris Jésus, sovè nou an.
to Titus, my true child after a common faith: Grace and peace from God the Father and Christ Jesus our Saviour.
5 Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.
For this cause left I thee in Crete, that thou shouldest set in order the things that were wanting, and appoint elders in every city, as I gave thee charge;
6 Kidonk, si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.
if any man is blameless, the husband of one wife, having children that believe, who are not accused of riot or unruly.
7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp;
For the bishop must be blameless, as God’s steward; not selfwilled, not soon angry, no brawler, no striker, not greedy of filthy lucre;
8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li,
but given to hospitality, a lover of good, soberminded, just, holy, temperate;
9 ki kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.
holding to the faithful word which is according to the teaching, that he may be able both to exhort in the sound doctrine, and to convict the gainsayers.
10 Paske gen anpil moun rebèl moun k ap pale pawòl anven ak moun k ap twonpe moun, sitou sila sikonsizyon yo,
For there are many unruly men, vain talkers and deceivers, specially they of the circumcision,
11 ki dwe rete an silans paske y ap boulvèse tout kay yo nèt, nan enstwi bagay ke yo pa ta dwe enstwi, pou koz a kòb ki sal.
whose mouths must be stopped; men who overthrow whole houses, teaching things which they ought not, for filthy lucre’s sake.
12 Youn nan yo, yon pwofèt de pèp yo menm te di: “Moun Crète yo se toujou mantè yo ye, bèt mechan, parese ki manje twòp”.
One of themselves, a prophet of their own, said, Cretans are alway liars, evil beasts, idle gluttons.
13 Temwayaj sa a vrè. Pou rezon sa a repwoche yo sevèman pou yo kapab vin solid nan lafwa,
This testimony is true. For which cause reprove them sharply, that they may be sound in the faith,
14 pa nan prete atansyon a vye istwa Jwif yo, ak kòmandman a lèzòm ki vire kite verite a.
not giving heed to Jewish fables, and commandments of men who turn away from the truth.
15 Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye.
To the pure all things are pure: but to them that are defiled and unbelieving nothing is pure; but both their mind and their conscience are defiled.
16 Yo di yo konnen Bondye, men ak zèv pa yo, yo nye Li. Konsa, yo vin detestab, dezobeyisan, e san valè pou okenn bon zèv.
They profess that they know God; but by their works they deny him, being abominable, and disobedient, and unto every good work reprobate.