< Chante Salomon 1 >

1 Kantik A Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.
2 Kite l bo m ak bo bouch li! Paske lanmou ou bon pase diven.
Да лобжет мя от лобзаний уст своих: яко блага сосца твоя паче вина,
3 Lwil pafen ou yo santi bon. Non ou menm se tankou lwil kap vide; se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.
и воня мира твоего паче всех аромат. Миро излияное имя твое: сего ради отроковицы возлюбиша тя.
4 Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm! Wa a mennen m nan chanm li yo. Lòt Yo “Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan; nou va leve lanmou ou wo plis pase diven. Jenn Fi a Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”
Привлекоша тя: вслед тебе в воню мира твоего течем. Введе мя царь в ложницу свою: возрадуемся и возвеселимся о тебе, возлюбим сосца твоя паче вина: правость возлюби тя.
5 Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl, O fi a Jérusalem yo, tankou tant Kédar yo, tankou rido a Salomon yo.
Черна есмь аз и добра, дщери Иерусалимския, якоже селения Кидарска, якоже завесы Соломони.
6 Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa; solèy la brile m konsa. Fis a manman m yo te byen fache avè m; Yo te fè m gadyen chan rezen yo. Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.
Не зрите мене, яко аз есмь очернена, яко опали мя солнце: сынове матере моея сваряхуся о мне, положиша мя стража в виноградех: винограда моего не сохраних.
7 Pale mwen, ou menm nan ke nanm mwen tèlman renmen; ki kote ou fè patiraj twoupo ou a? Ki kote ou konn fè l kouche a midi? Paske poukisa mwen ta tankou yon moun ki vwale figi li nan kote twoupo zanmi ou yo?
Возвести ми, егоже возлюби душа моя, где пасеши? Где почиваеши в полудне? Да не когда буду яко облагающаяся над стады другов твоих.
8 Si ou menm, ou pa konnen, O pi bèl pami tout fanm yo; janbe swiv wout twoupo a, e fè patiraj pou jenn kabrit ou yo akote tant bèje ou yo.
Аще не увеси самую тебе, добрая в женах, изыди ты в пятах паств и паси козлища твоя у кущей пастырских.
9 Pou mwen, cheri mwen an, ou tankou pi bèl poulich pami sa kap rale cha Farawon an.
Конем моим в колесницех фараоновых уподобих тя, ближняя моя.
10 Bò figi ou byen bèl ak zanno, kou ou ak bèl kolye.
Что украшены ланиты твоя яко горлицы, выя твоя яко монисты?
11 Nou va fè pou ou dekorasyon an lò anbeli ak pwent an ajan tou won.
Подобия злата сотворим ти с пестротами сребра.
12 Pandan wa a te sou tab li, pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.
Дондеже (будет) царь на восклонении своем, нард мой даде воню свою.
13 Sila ke m renmen an se yon pòch pafen; fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.
Вязание стакти брат мой мне, посреде сосцу моею водворится:
14 Cheri mwen an se yon grap flè jasmen byen plase nan chan rezen En-Guédi yo.
грезн кипров брат мой мне в виноградех Енгаддовых.
15 “Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl! Zye ou tankou toutrèl yo.”
Се, еси добра, искренняя моя, се, еси добра: очи твои голубине.
16 Gade jan ou bèl e byen agreyab, cheri mwen an; anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.
Се, еси добр, брат мой, и еще красен: одр наш со осенением,
17 Pilye kay nou se bwa sèd e travès yo se bwa pen.
преклади дому нашего кедровии, дски нашя кипарисныя.

< Chante Salomon 1 >