< Chante Salomon 8 >
1 O ke ou te tankou frè m, ki te souse nan tete a manman m. Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou; nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa!
О, если бы ты был мне брат, сосавший груди матери моей! тогда я, встретив тебя на улице, целовала бы тебя, и меня не осуждали бы.
2 Mwen ta mennen ou e fè ou antre lakay a manman m ki te konn enstwi mwen an. Mwen ta bay ou diven pafime ki sòti nan ji grenad mwen yo pou ou bwè.
Повела бы я тебя, привела бы тебя в дом матери моей. Ты учил бы меня, а я поила бы тебя ароматным вином, соком гранатовых яблоков моих.
3 Kite men goch li rete anba tèt mwen e men dwat li anbrase m.
Левая рука его у меня под головою, а правая обнимает меня.
4 “Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo, pa fè lanmou a vin leve, ni ankouraje l jiskaske se plezi li.
Заклинаю вас, дщери Иерусалимские, - не будите и не тревожьте возлюбленной, доколе ей угодно.
5 Se ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a, k ap apiye sou cheri li a?” Jenn Fi an Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve; se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt.
Кто это восходит от пустыни, опираясь на своего возлюбленного? Под яблоней разбудила я тебя: там родила тебя мать твоя, там родила тебя родительница твоя.
6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou, tankou yon so sou bra ou. Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò. Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo; lè l pete se tankou dife k ap pete. Vrèman se flanm SENYÈ a. (Sheol )
Положи меня, как печать, на сердце твое, как перстень, на руку твою: ибо крепка, как смерть, любовь; люта, как преисподняя, ревность; стрелы ее - стрелы огненные; она пламень весьма сильный. (Sheol )
7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou, ni rivyè p ap ka inonde l. Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou, sa ta konplètman meprize.
Большие воды не могут потушить любви, и реки не зальют ее. Если бы кто давал все богатство дома своего за любовь, то он был бы отвергнут с презреньем.
8 Nou gen yon ti sè e li pa gen tete menm; kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun ta vin pale pou l ta fiyanse avè l?
Есть у нас сестра, которая еще мала, и сосцов нет у нее; что нам будет делать с сестрою нашею, когда будут свататься за нее?
9 Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l; men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikad ak gwo planch bwa sèd.
Если бы она была стена, то мы построили бы на ней палаты из серебра; если бы она была дверь, то мы обложили бы ее кедровыми досками.
10 Mwen te yon miray e tete mwen te tankou fò yo; konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè.
Я - стена, и сосцы у меня, как башни; потому я буду в глазах его, как достигшая полноты.
11 Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon; Li te bay jerans chan rezen an a gadyen yo. Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo.
Виноградник был у Соломона в Ваал-Гамоне; он отдал этот виноградник сторожам; каждый должен был доставлять за плоды его тысячу сребренников.
12 Pwòp chan rezen mwen an se devan m; mil sik ajan yo se pou ou, Salomon ak de-san pou sila ki okipe fwi li yo.
А мой виноградник у меня при себе. Тысяча пусть тебе, Соломон, а двести - стерегущим плоды его.
13 O ou menm, ki chita nan jaden yo, ansanm ak zanmi mwen yo, kite m tande vwa ou.
Жительница садов! товарищи внимают голосу твоему, дай и мне послушать его.
14 Annou pati, cheri mwen an! Fè tankou yon antilòp, oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.
Беги, возлюбленный мой; будь подобен серне или молодому оленю на горах бальзамических!