< Chante Salomon 7 >
1 A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo! O fi a prens lan! Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vrè atis.
О, как прекрасны ноги твои в сандалиях, дщерь именитая! Округление бедр твоих, как ожерелье, дело рук искусного художника;
2 Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele; vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis;
живот твой круглая чаша, в которой не истощается ароматное вино; чрево твое - ворох пшеницы, обставленный лилиями;
3 De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp, jimo a yon antilòp.
два сосца твои - как два козленка, двойни серны;
4 Kou ou se yon kou ivwa, zye ou tankou sous dlo nan Hesbon yo akote pòtay a Bath-Rabbim nan. Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la.
шея твоя - как столп из слоновой кости; глаза твои - озерки Есевонские, что у ворот Батраббима; нос твой - башня Ливанская, обращенная к Дамаску;
5 Tèt ou kouwone ou tankou Mòn Carmel e très cheve tèt ou tankou fisèl mov. Wa a kaptire pa très ou yo.
голова твоя на тебе, как Кармил, и волосы на голове твоей, как пурпур; царь увлечен твоими кудрями.
6 A la ou bèl e a la ou mèvèye, ak tout bèlte ou yo!
Как ты прекрасна, как привлекательна, возлюбленная, твоею миловидностью!
7 Lè ou kanpe se tankou yon pye palmis e tete ou se grap li yo.
Этот стан твой похож на пальму, и груди твои на виноградные кисти.
8 Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan, mwen va kenbe tij fwi li yo.” O ke tete ou yo kapab tankou grap ki pann sou chan rezen nan e bon odè a souf ou tankou pòm,
Подумал я: влез бы я на пальму, ухватился бы за ветви ее; и груди твои были бы вместо кистей винограда, и запах от ноздрей твоих, как от яблоков;
9 Epi bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an, e koule dousman nan lèv a sila ki tonbe nan dòmi yo.
уста твои - как отличное вино. Оно течет прямо к другу моему, услаждает уста утомленных.
10 Mwen pou cheri mwen an e dezi li se pou mwen.
Я принадлежу другу моему, и ко мне обращено желание его.
11 Vini, cheri mwen an! Annou pati ale nan chan yo e fè lojman nan ti vil yo.
Приди, возлюбленный мой, выйдем в поле, побудем в селах;
12 Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo; annou gade pou wè si chan rezen an gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri. Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.
поутру пойдем в виноградники, посмотрим, распустилась ли виноградная лоза, раскрылись ли почки, расцвели ли гранатовые яблоки; там я окажу ласки мои тебе.
13 Mandragò yo fin bay bèl odè; epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo, ni nèf ni ansyen, ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.
Мандрагоры уже пустили благовоние, и у дверей наших всякие превосходные плоды, новые и старые: это сберегла я для тебя, мой возлюбленный!