< Chante Salomon 6 >

1 “Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo? Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”
محبوب تو کجا رفته است‌ای زیباترین زنان؟ محبوب تو کجا توجه نموده است تااو را با تو بطلبیم؟۱
2 Cheri mwen an te desann nan jaden li an, nan kabann ki fèt ak fèy awomatik, pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo, pou ranmase flè lis.
محبوب من به باغ خویش و نزد باغچه های بلسان فرود شده است، تا در باغات بچراند وسوسنها بچیند.۲
3 Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen; sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
من از آن محبوب خود ومحبوبم از آن من است. در میان سوسنها گله رامی چراند.۳
4 Ou bèl, cheri mwen an, tankou Thirtsa; bèl tankou Jérusalem, mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.
‌ای محبوبه من، تو مثل ترصه جمیل و ماننداورشلیم زیبا و مثل لشکرهای بیدق دار مهیب هستی.۴
5 Vire zye ou! Pa gade m! Paske zye ou fè m egare. Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.
چشمانت را از من برگردان زیرا آنها برمن غالب شده است. مویهایت مثل گله بزها است که بر جانب کوه جلعاد خوابیده باشند.۵
6 Dan ou tankou yon bann mouton ki fenk monte sot benyen. Yo tout ki pòtre marasa. Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.
دندانهایت مانند گله گوسفندان است که ازشستن برآمده باشند. و همگی آنها توام زاییده ودر آنها یکی هم نازاد نباشد.۶
7 De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.
شقیقه هایت درعقب برقع تو مانند پاره انار است.۷
8 Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin, e jèn fi menm pa kab konte;
شصت ملکه وهشتاد متعه و دوشیزگان بیشماره هستند.۸
9 Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik; li se sèl fi a manman li. Fi san tach a sila ki te pote li a. Jenn fi yo te wè l e te rele l beni; ni rèn ni konkibin yo. Yo te louwe l pou di:
اما کبوتر من و کامله من یکی است. او یگانه مادرخویش و مختاره والده خود می‌باشد. دختران اورا دیده، خجسته گفتند. ملکه‌ها و متعه‌ها بر اونگریستند و او را مدح نمودند.۹
10 Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a, bèl tankou plèn lin nan, san tach tankou solèy la, e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?
این کیست که مثل صبح می‌درخشد؟ ومانند ماه جمیل و مثل آفتاب طاهر و مانند لشکربیدق دار مهیب است؟۱۰
11 Mwen te desann nan chan bwa nwa yo pou wè bwa vèt yo nan vale a; pou wè si chan rezen fin fè boujon, oswa grenad yo te fleri.
به باغ درختان جوز فرود شدم تا سبزیهای وادی را بنگرم و ببینم که آیا مو شکوفه آورده وانار گل کرده است.۱۱
12 Avan mwen te menm konnen, dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.
بی‌آنکه ملتفت شوم که ناگاه جانم مرا مثل عرابه های عمیناداب ساخت.۱۲
13 Retounen, retounen, O Silamit lan; retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou! Salomon Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?
برگرد، برگرد‌ای شولمیت برگرد، برگرد تابر تو بنگریم.۱۳

< Chante Salomon 6 >