< Chante Salomon 5 >
1 Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen, fi a maryaj mwen an. Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen. Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen; mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen. Lòt Yo Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!
我妹子,我新婦, 我進了我的園中, 採了我的沒藥和香料, 吃了我的蜜房和蜂蜜, 喝了我的酒和奶。 〔耶路撒冷的眾女子〕 我的朋友們,請吃! 我所親愛的,請喝,且多多地喝!
2 Mwen t ap dòmi, men kè m t ap veye. Yon vwa! Cheri mwen an t ap frape sou pòt la: “Ouvri pou mwen, sè mwen, cheri mwen an, toutrèl mwen an, ou menm ki pafè pou mwen an! Tèt mwen mouye ak lawouze, très cheve mwen ak imidite nwit lan.
我身睡臥,我心卻醒。 這是我良人的聲音; 他敲門說: 〔新郎〕 我的妹子,我的佳偶, 我的鴿子,我的完全人, 求你給我開門; 因我的頭滿了露水, 我的頭髮被夜露滴濕。
3 Mwen te fin retire rad mwen; kijan pou m ta remete l ankò a? Mwen te lave pye mwen; kijan pou m ta fè vin sal yo ankò a?
我回答說: 我脫了衣裳,怎能再穿上呢? 我洗了腳,怎能再玷污呢?
4 Cheri mwen an te lonje men l pase nan twou pòt la. Tout santiman kè m te leve pou li.
我的良人從門孔裏伸進手來, 我便因他動了心。
5 Mwen te leve pou ouvri pou cheri mwen an. Men m te degoute menm ak lami, e dwèt mwen ak dlo lami, sou manch boulon pòt lan.
我起來,要給我良人開門。 我的兩手滴下沒藥; 我的指頭有沒藥汁滴在門閂上。
6 Mwen te ouvri a cheri mwen an, men cheri mwen an te vire kite pou l ale! Kè m te sòti lè l te pale a. Mwen te chache li, men mwen pa t jwenn li. Mwen te rele li, men li pa t reponn mwen.
我給我的良人開了門; 我的良人卻已轉身走了。 他說話的時候,我神不守舍; 我尋找他,竟尋不見; 我呼叫他,他卻不回答。
7 Gadyen ki te fè tou vil la te twouve mwen. Yo te bat mwen. Yo te blese mwen. Jandam sou miray la te retire gwo manto mwen an.
城中巡邏看守的人遇見我, 打了我,傷了我; 看守城牆的人奪去我的披肩。
8 “M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l; ke mwen malad ak lanmou.”
耶路撒冷的眾女子啊,我囑咐你們: 若遇見我的良人, 要告訴他,我因思愛成病。
9 “Ki jan cheri ki cheri ou a, sinon pi bèl pami fanm yo? Ki jan cheri ki cheri ou a, pi bon pase lòt, ke ou ta nomen non l devan nou konsa?”
你這女子中極美麗的, 你的良人比別人的良人有何強處? 你的良人比別人的良人有何強處, 你就這樣囑咐我們?
10 Cheri mwen an mèvèye, yon figi wouj ranpli ak sante, k ap parèt miyò pami di-mil.
我的良人白而且紅, 超乎萬人之上。
11 Tèt li tankou lò, lò san tach; très cheve li tankou grap rezen e nwa tankou kòbo.
他的頭像至精的金子; 他的頭髮厚密纍垂,黑如烏鴉。
12 Zye li tankou toutrèl akote dlo k ap koule, ki benyen nan lèt, ki monte kon bijou akote yon basen dlo.
他的眼如溪水旁的鴿子眼, 用奶洗淨,安得合式。
13 De bò figi li tankou yon kabann fèt ak fèy awomatik, kap poze sou yon kouch zèb santi bon. Lèv li yo se flè lis ki degoute dlo lami.
他的兩腮如香花畦, 如香草臺; 他的嘴唇像百合花, 且滴下沒藥汁。
14 Men li se wondèl fèt an lò, anbeli ak bijou beril. Kò li se ivwa taye ki kouvri ak pyè safi.
他的兩手好像金管, 鑲嵌水蒼玉; 他的身體如同雕刻的象牙, 周圍鑲嵌藍寶石。
15 Janm li se pilye fèt an mèb blan, plase sou yon baz lò san tach; aparans li tankou chwa Liban an, kon pi bèl bwa sèd li.
他的腿好像白玉石柱, 安在精金座上; 他的形狀如黎巴嫩, 且佳美如香柏樹。
16 Bouch li plen ak dousè. Li dezirab nèt. Sa se cheri mwen an, e sa se zanmi mwen an, o fi Jérusalem yo.
他的口極其甘甜; 他全然可愛。 耶路撒冷的眾女子啊, 這是我的良人; 這是我的朋友。